Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ann kouri

Ann kouri

Telechaje:

  1. 1. Pa pran chans

    Vire gad dèyè.

    Gade byen dwat devan’w

    Pou’w pa janm distrè.

    Se moman pou’w vin djanm,

    Pou’w gen plis lafwa.

    Monn nan pap ka ralanti’w

    Si’w lite pou sa.

    (REFREN)

    Kidonk,

    Ann kouri, ann kouri

    Pou’n ka gen lavi.

    Annou kouri, wi, ann kouri.

    Sonje n’ap jwenn yon pri.

    Annou kouri, ann kouri.

    Ou dwe toujou kontinye,

    Ou pa dwe janm kanpe.

    Annou kouri,

    Annou kouri.

  2. 2. Pri n’ap jwenn nan

    Ap dire nèt, pou toutan.

    Anpil benediksyon

    Ap tann nou toutbon.

    (REFREN)

    Kidonk,

    Ann kouri, ann kouri

    Pou’n ka gen lavi.

    Annou kouri, wi, ann kouri.

    Sonje n’ap jwenn yon pri.

    Annou kouri, ann kouri.

    Ou dwe toujou kontinye,

    Ou pa dwe janm kanpe.

    Annou kouri,

    Annou kouri

    Pou’n ka gen lavi.

    (YON TI DIPLIS)

    Monn nan ta renmen’w fè menm jan ak li,

    Pou’w kwè sèlman nan vi sa’.

    Men, pran kouraj, pa febli!

    Kidonk,

    Ann kouri, ann kouri.

    Ann kouri, ann kouri.

    (REFREN)

    Kidonk,

    Ann kouri, ann kouri

    Pou’n ka gen lavi.

    Annou kouri, wi, ann kouri.

    Sonje n’ap jwenn yon pri.

    Annou kouri, ann kouri.

    Ou dwe toujou kontinye,

    Ou pa dwe janm kanpe.

    Annou kouri,

    Annou kouri

    Pou’n ka gen lavi.

    Pou’n ka gen lavi.

    Pa gen chwa, fò’n kouri vre.

    Ann ale, ann kouri.

    Ann kouri,

    Wi, ann kouri.

    Ann kouri

    Pou’n ka gen lavi.