Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Mwen pa janm poukò’m

Mwen pa janm poukò’m

Telechaje:

  1. 1. Yo lage’m, yo trayi’m

    Yo bliye’m e’m poukò’m.

    Se dezespwa ki zanmi’m,

    Mwen tris, pa gen moun ki sou bò’m.

    Pèsonn pa la pou mwen,

    Yo rann mwen mal pou byen,

    Kiyès menm k’ap konsole’m?

    Chay la lou, se èd mwen bezwen.

    (REFREN)

    Mwen pa poukò’m,

    M’pa’t janm konsa,

    M’pap janm poukò’m,

    Bondye’m nan la,

    Jewova wè

    E li konnen,

    Li tande mwen,

    Li la avè’m.

    Kèlkeswa sa’k rive,

    Mwen pa janm poukò’m.

  2. 2. Menmsi’m pèdi anpil,

    Menmsi lòt moun rejte’m

    Poutèt se ou m’ap sèvi,

    M’konnen ou pap janmen lage’m.

    Ou ret toupre’m, Papa,

    Ou pa janm rete lwen’m.

    Ou se espwa’m, m’kwè nan ou,

    M’konnen ou pap sispann renmen’m.

    (REFREN)

    Mwen pa poukò’m,

    M’pa’t janm konsa,

    M’pap janm poukò’m,

    Bondye’m nan la,

    Jewova wè

    E li konnen,

    Li tande mwen,

    Li la avè’m.

    Kèlkeswa sa’k rive,

    Mwen pa janm poukò’m.

    M’pa’t janm konsa,

    M’pap janm poukò’m,

    Bondye’m nan la,

    Jewova wè

    E li konnen,

    Li tande mwen,

    Li la avè’m.

    Kèlkeswa sa’k rive,

    Mwen pa janm poukò’m.