Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pawòl ou la pou toutan

Pawòl ou la pou toutan

Telechaje:

  1. 1. Yo te wè zetwal yo

    Ak krent Bondye nan kè yo.

    Yo te di Bondye mèsi

    Pou jan’l montre yo lanmou li.

    Non’w, ou ba yo pote,

    Bon nouvèl pou yo preche.

    Pawòl yo rive jwenn nou.

    Pawòl k’itil pou montre’n wout ou.

    Yo te renmen’w, o Ja,

    Yo te sèvi’w avèk lajwa’

    Pawòl ou a, yo te prezève,

    Pi devan, li vin simaye.

    (REFREN)

    Pawòl ou la pou toutan,

    E panse’w yo tèlman pwofon.

    Bon nouvèl Wayòm nan tèlman rafrechisan,

    Se panse ou mwen vle suiv toutbon.

  2. 2. O, kèlkeswa sa ènmi’w yo fè,

    Yo pap fè’w fè silans.

    Fidèl ou yo ki sou latè

    Ap louwe’w ak pèseverans.

    Lè yo soti pou bloke bib yo,

    Yo kenbe fèm menm nan kacho.

    Lafwa yo ki san fay, ak temwayaj yo bay,

    Fè’n jwenn Pawòl ou okonplè.

    (REFREN)

    O wi, Pawòl ou la pou toutan,

    E panse’w yo tèlman pwofon.

    Bon nouvèl Wayòm nan tèlman rafrechisan,

    Se panse ou mwen vle suiv toutbon.

  3. 3. Ou te fè’n konn non ou se Jewova.

    Pawòl ou di sa souvan.

    Non’w ap la pou toutan,

    Tout sa’w di pral fèt vre,

    E pandan tout vi’n n’ap louwe’w.

    (REFREN)

    Wi, pawòl ou la pou toutan,

    E panse’w yo tèlman pwofon.

    Bon nouvèl Wayòm nan tèlman rafrechisan,

    Se panse ou mwen vle suiv toutbon,

    Pandan tout vi’m.