Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Nou se fanmi w

Nou se fanmi w

Telechaje:

  1. 1. Nou rive nan yon lòt peyi,

    Se yon gwo vwayaj nou sot fè.

    Tout kote’n pase,

    Jewova beni’n,

    Li pa sispann ede nou.

    Menmsi travay n’ap fè a pa fasil,

    Nou vle fè’l pou Jewova.

    E’n renmen fanmi sa’ ki fè’n toujou anjwa.

    Se pou sa n’ap di nou:

    (REFREN)

    Se pèp Jewova nou ye,

    Nou ini, e nou se fanmi.

    Menmsi kote’w rete a lwen,

    Nou renmen’w,

    Paske’n se fanmi.

  2. 2. Nou vini pou’n akeyi nou.

    Anvan’n ateri, nou te la.

    Nan kongrè a menm, mizik kòmanse!

    Nou vin renmen’n plis toujou.

    Men, nou konnen se grasa Jewova

    Tout bagay sa yo posib.

    Ann louwe’l ak kè kontan, ann renmen’l pou toutan,

    Kèlkeswa kote’n ye.

    (REFREN)

    Se pèp Jewova nou ye,

    Nou ini, e nou se fanmi.

    Menmsi kote’w rete a lwen,

    Nou renmen’w,

    Paske’n se fanmi.

  3. 3. Avyon an travèse lanmè,

    Nou rive kote’n pa’t konnen.

    Men lè n’al preche, nou rankontre moun

    Ki amikal, ki janti.

    E’frè ak sè yo montre yo renmen’n.

    Nou santi nou lakay nou.

    Donk, nenpòt kote’n ye, kit nou lwen kit nou pre,

    Nou renmen tout frè’n yo!

    (YON TI DIPLIS)

    Sa fè’n kontan

    Dèske’n gen fanmi toupatou nan monn nan,

    Sot End rive Meksiko,

    Sot Japon al Kanada.

    (REFREN)

    Se pèp Jewova nou ye,

    Nou ini, e nou se fanmi.

    Menmsi kote’w rete a lwen,

    Nou renmen’w,

    Paske’n se fanmi.

    Nan tout peyi, nan tout pèp,

    Nou ini, e nou se fanmi.

    Tout moun ka wè lanmou’n genyen,

    Sa montre nou se pèp Jewova!

    Fidji, Tayiti, Taylann ak Srilanka;

    Panama, Wannda ak Woumani;

    Brezil, Kenya, Kazakstan ak Angola.

    Nou renmen’n, paske’n se fanmi.