Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Nou kontan wè sa w fè

Nou kontan wè sa w fè

Telechaje:

  1. 1. Travay Wayòm nan bèl, li fè lavi’m gen yon sans,

    Mwen vin konnen Pawòl ou a, mwen vin gen plis bonsans.

    Esklav ou a fidèl e’l saj, li fè limyè’w briye.

    Siveyan’l nome yo ede’m, e yo se bon bèje.

    Chak fwa m’pral nan kongrè, mwen konnen m’ap satisfè.

    E apre sa, mwen toujou di: “Sa’ se pi bèl kongrè!”

    Nan reyinyon yo, mwen ka wè ou renmen’m, ou pran swen’m,

    E’m aprann jan pou’m byen preche, jan pou’m ba’w tout mwen menm.

    (REFREN)

    Nou kontan wè sa’w fè

    Ak sa Wayòm nan fè deja.

    Nou vle pou’w dirije’n!

    Nou vin gen plis lafwa lè’n wè ou se yon bon Papa.

    Nou tout ap tann benediksyon Wayòm nan pral pote.

  2. 2. Ou ban nou privilèj pou’n konpayon travay ou,

    Konsa, nou ka montre’w jan nou renmen’w nan fon kè nou.

    Ou ede’n gen bon konprann, lespri sen’w toujou gide’n.

    Nou rive wè jan nou dwe viv, e ou byen anseye’n.

    Nou gen bèl chante ki pèmèt nou toujou louwe’w.

    Adorasyon an fanmi ede nou pwoche pi pre’w.

    Nou pa pale menm lang, men’n kontinye rete ini.

    Se sèl pèp ou a ki konsa, nou se yon sèl fanmi.

    (REFREN)

    Nou kontan wè sa’w fè

    Ak sa Wayòm nan fè deja.

    Nou vle pou’w dirije’n!

    Nou vin gen plis lafwa lè’n wè ou se yon bon Papa.

    Nou tout ap tann benediksyon Wayòm nan pral pote.