Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT TWA

De kle pou yon maryaj dire

De kle pou yon maryaj dire

1, 2. a) Konbyen tan ki te prevwa pou yon maryaj dire ? b) Kòman sa ap fè posib ?

LÈ BONDYE te marye premye gason an ak premye fi a, pa gen anyen ki te lese konprann inyon an t ap sèlman yon inyon tanporè. Adan ak Èv te dwe viv ansanm tout lavi yo (Jenèz 2:24). Yon maryaj onorab jan Bondye konsevwa l la, se inyon yon gason ak yon fi. Se sèlman si youn nan moun marye yo oubyen toule de fè imoralite seksyèl Labib otorize divòs ak posiblite pou moun remarye. — Matye 5:32.

2 Èske li posib pou de moun viv ansanm ak kè kontan pou yon tan endefini ? Wi, e Bib la endike de eleman fondamantal oswa de kle ki pou rann sa posib. Si ni mari a ni madanm nan itilize yo, y ap jwenn kè kontan e y ap jwenn anpil byenfè. Ki kle sa yo ?

PREMYE KLE A

3. Ki twa kalite lanmou mari ak madanm dwe kiltive ?

3 Premye kle a se lanmou. Yon bagay ki enteresan sèke Bib la mansyone diferan kalite lanmou. Premye a se yon kokenn afeksyon, yon afeksyon pèsonèl yon moun genyen pou yon lòt moun, se kalite lanmou sa a ki egziste ant zanmi entim (Jan 11:3). Dezyèm nan se lanmou ki egziste ant manm fanmi (Women 12:10). Twazyèm nan se lanmou womantik, lanmou yon moun genyen pou yon moun lòt sèks (Pwovèb 5:15-20). Natirèlman, mari ak madanm dwe kiltive toule twa kalite lanmou sa yo. Men gen yon katriyèm kalite lanmou ki pi enpòtan pase lòt yo.

4. Ki lanmou ki katriyèm kalite lanmou an ?

4 Nan lang orijinal Ekriti grèk kretyen yo, mo yo itilize pou katriyèm kalite lanmou sa a se agapè. Yo itilize mo sa a nan 1 Jan 4:8, kote yo di nou : “ Bondye se lanmou. ” Anfèt, “ nou renmen, paske [Bondye] te renmen nou an premye ”. (1 Jan 4:19.) Yon kretyen kiltive kalite lanmou sa a pou Jewova Dye dabò, e ansuit pou kretyen parèy li yo (Mak 12:29-31). Se mo agapè a yo itilize tou nan Efezyen 5:2, ki di : “ Se pou nou kontinye mache nan lanmou, menm jan Kris tou te renmen nou e li te bay tèt li pou nou. ” Jezi te di se kalite lanmou sa a ki t ap fè yo idantifye vrè disip li yo : “ Se konsa tout moun ap konnen nou se disip mwen, si nou gen lanmou [agapè] nan mitan nou. ” ​(Jan 13:35). Anplis de sa, remake itilizasyon yo fè ak mo agapè a nan 1 Korentyen 13:13 : “ Se lafwa, esperans ak lanmou ki rete, twa sa yo. Men, sa ki pi gran ladan yo, se lanmou [agapè]. ”

5, 6. a) Poukisa lanmou pi gran pase lafwa ak esperans ? b) Ki rezon konsa ki fè lanmou kontribye pou fè yon maryaj dire ?

5 Ki sa k fè lanmou agapè pi gran pase lafwa ak esperans ? Se prensip ki gouvène l, prensip dwat ki nan Pawòl Bondye a (Sòm 119:105). Lanmou sa a se yon sousi san enterè yon moun genyen pou l fè pou lòt moun sa ki dwat, sa ki bon, selon pwennvi Bondye, kit moun ki resevwa l la parèt merite l, kit li pa parèt merite l. Jan de lanmou sa a pèmèt de moun ki marye yo suiv konsèy biblik sa a : “ Kontinye sipòte nou youn lòt, e kontinye padone nou youn lòt san grate tèt, si yon moun gen dekwa pou l plenyen kont yon lòt. Menm jan Jewova padone nou san grate tèt, nou menm tou fè menm jan an. ” ​(Kolosyen 3:13). De moun marye ki renmen youn lòt, gen “ yon lanmou [agapè] ki pwofon youn pou lòt ” e yo kiltive kalite lanmou sa a, “ paske lanmou kouvri yon pakèt peche ”. (1 Pyè 4:8.) Remake lanmou kouvri peche. Li pa elimine yo, piske pa gen okenn imen enpafè ki pa fè erè. — Sòm 130:3, 4 ; Jak 3:2.

6 Lè de moun marye yo kiltive kalite lanmou sa a pou Bondye e yo kiltive l youn pou lòt, maryaj yo ap dire e y ap gen kè kontan, paske “ lanmou pa janm fayi ”. (1 Korentyen 13:8.) Lanmou se “ yon chenn pafè pou inyon ”. (Kolosyen 3:14.) Si w marye, ki jan ou menm ak konjwen w ka kiltive kalite lanmou sa a ? Li Pawòl Bondye a ansanm, epi pale sou sa nou li a. Etidye egzanp lanmou Jezi kite epi fè efò pou nou imite l, pou nou panse e pou nou aji menm jan ak li. Mete sou sa, asiste reyinyon kretyen yo, kote y ap anseye Pawòl Bondye a. E priye Bondye pou l ede nou devlope kalite lanmou ki elve sa a, ki se yon fwi lespri sen Bondye. — Pwovèb 3:5, 6 ; Jan 17:3 ; Galat 5:22 ; Ebre 10:24, 25.

DEZYÈM KLE A

7. Kòman yo defini respè, e ki moun ki dwe demontre respè nan maryaj la ?

7 Si de moun marye yo vrèman gen lanmou youn pou lòt, alò y ap gen respè youn pou lòt tou, e respè se dezyèm kle pou yon maryaj bay kè kontan. Yo defini respè kòm “ santiman ki pouse yon moun gen konsiderasyon pou lòt moun, santiman ki pouse l onore yo ”. Pawòl Bondye a konseye tout kretyen, san wete mari ak madanm, pou yo “ pran devan nan onore youn lòt ”. (Women 12:10.) Apot Pyè te ekri : “ Nou menm mari, se pou nou kontinye viv avèk [madanm nou] selon konesans, pou nou ba yo onè tankou yon veso ki pi fèb, veso feminen an. ” ​(1 Pyè 3:7). Yo konseye madanm nan pou l gen “ gwo respè pou mari l ”. (Efezyen 5:33.) Si w vle onore yon moun, ou janti ak moun sa a, ou respekte diyite l ak opinyon l, e ou prèt pou w fè nenpòt bagay rezonab li mande w fè.

8-10. Site kèk domèn kote respè ap kontribye pou fè yon maryaj stab e pou fè l bay kè kontan.

8 Moun ki vle gen kè kontan nan maryaj yo demontre respè pou konjwen yo lè yo “ voye je, nonsèlman sou zafè pa [yo], pa enterè pèsonèl, men tou, pa enterè pèsonèl, sou pa [konjwen yo] ”. (Filipyen 2:4.) Yo pa reflechi sou sa ki bon pou yo sèlman, sa ki t ap egoyis. Olye de sa, yo reflechi sou sa ki pi bon pou konjwen yo tou. E asireman, yo bay sa priyorite.

9 Respè ap ede de moun marye yo pou yo aksepte pwennvi ki diferan. Li pa rezonab pou nou atann pou de moun gen menm pwennvi sou tout bagay. Yon bagay ki ka enpòtan pou mari a gendwa pa gen tout enpòtans sa a pou madanm nan, e sa yon madanm renmen gendwa se pa sa mari a renmen. Men, yo chak dwe respekte pwennvi lòt ak chwa lòt, depi yo rete nan limit lwa ak prensip Jewova yo (1 Pyè 2:16 ; gade Filemon 14). Anplis de sa, youn dwe respekte diyite lòt, lè youn pa fè kòmantè imilyan sou lòt, lè youn pa bat plezi sou do lòt, kit se an piblik, kit se an prive.

10 Wi, lanmou pou Bondye ak lanmou youn gen pou lòt, plis respè youn gen pou lòt, se de kle pou pèmèt yon maryaj reyisi. Kòman kle sa yo kapab itil nan kèk nan domèn ki pi enpòtan nan lavi moun ki marye yo ?

DIRIJE MENM FASON AK KRIS

11. Selon Ekriti yo, kiyès ki chèf ant de moun marye yo ?

11 Bib la fè nou konnen gason an te kreye ak yon seri kalite ki t ap fè l yon bon chèf fanmi. E antanke chèf, gason an t ap responsab byennèt espirityèl ak byennèt fizik madanm li ansanm ak pitit li devan Jewova. Li ta dwe pran desizyon rezonab ki konfòm ak volonte Jewova e li ta dwe yon bon egzanp nan konduit li ki montre atachman l pou Bondye. “ Se pou madanm yo soumèt devan mari yo, tankou yo soumèt devan Seyè a, paske yon mari se chèf madanm li, menm jan Kris tou se chèf kongregasyon an. ” ​(Efezyen 5:22, 23). Sepandan, Bib la di mari a tou gen yon chèf, yon Moun ki gen otorite sou li. Apot Pòl te ekri : “ Mwen vle nou konnen chèf tout gason se Kris, e chèf fi se gason, e chèf Kris se Bondye. ” ​(1 Korentyen 11:3). Mari ki saj la aprann kòman pou l egzèse otorite l lè l imite pwòp chèf li, Kris Jezi.

12. Ki bèl egzanp Jezi kite ni nan domèn soumisyon ni nan domèn egzèse otorite ?

12 Jezi tou gen yon chèf, Jewova, e Jezi soumèt devan l kòmsadwa. Jezi te di : “ M ap chèche, non pa volonte pa m, men volonte moun ki te voye m nan. ” ​(Jan 5:30). Ala yon bèl egzanp ! Se Jezi ki “ fèt an premye nan tout kreyasyon an ”. (Kolosyen 1:15.) Se li ki te vin Mesi a. Li t apral Chèf kongregasyon kretyen wen yo e se li ki t apral Wa Bondye chwazi pou dirije Wayòm nan, e li t apral anlè tèt tout zanj yo (Filipyen 2:9-11 ; Ebre 1:4). Malgre kokenn pozisyon sa a, malgre pèspektiv glorye sa yo, Jezi, antanke imen, pa t ni di ni twò egzijan, ni li pa t yon moun ki pa fleksib. Li pa t yon diktatè ki te toujou ap raple disip li yo pou yo obeyi l. Jezi te gen lanmou, li te gen konpasyon, sitou pou moun ki oprime yo. Li te di : “ Vin jwenn mwen, nou tout k ap travay di e ki anba chay, epi m ap reban nou fòs. Mete jouk mwen an sou nou e aprann nan men m, paske mwen gen tanperaman dou e mwen gen imilite nan kè m, e n ap jwenn fòs pou nanm nou. Paske jouk mwen an dous e chay mwen an lejè. ” ​(Matye 11:28-30). Se te tout yon plezi pou moun te ansanm ak li.

13, 14. Kòman yon mari ki gen lanmou egzèse otorite l pou l ka imite Kris ?

13 Yon mari ki ta renmen pou gen kè kontan nan fanmi li ap fè byen pou l egzamine bèl kalite Jezi genyen yo. Yon bon mari pa ni di, ni diktatè, ni li pap mal sèvi ak otorite li pou l britalize madanm li. Olye de sa, li renmen madanm li e li onore l. Si Jezi te gen “ imilite nan kè l ”, yon mari gen plis rezon toujou pou li konsa, paske kontrèman ak Jezi, li konn fè erè. Lè sa rive, li ta renmen pou madanm li konprann li. Se sa k fè, mari ki enb lan admèt erè l, menmsi li ka difisil pou yon moun di : “ Eskize m, ou gen rezon. ” Yon madanm ap twouve li pi fasil pou l respekte otorite yon mari ki enb e ki modès pase yon mari ki ògeye e ki pa fleksib. Menm jan an tou, yon madanm ki gen respè pou mari l, lè l fè erè, l ap mande mari l eskiz.

14 Bondye te kreye fi ak yon seri bèl kalite li ka itilize pou l fè gen kè kontan nan maryaj la. Yon mari ki saj ap rekonèt sa e li pap mete madanm li nan eto. An jeneral, fi yo gen tandans gen plis konpasyon e yo pi sansib. Kalite sa yo nesesè pou yon madanm pran swen yon fanmi e pou l antretni bon relasyon ak lòt moun. Byen souvan, yon fi gen talan pou l fè kay la vin yon kote ki agreyab pou moun viv. “ Madanm kapab ” yo dekri nan Pwovèb chapit 31 an gen anpil bèl kalite ak bonjan talan, e fanmi li benefisye anpil de yo. Poukisa ? Paske kè mari li gen “ konfyans ” nan li. — Pwovèb 31:10, 11.

15. Kòman yon mari ka demontre lanmou ak respè pou madanm li menm jan Kris te demontre lanmou ak respè ?

15 Nan kèk kilti, yo tèlman bay otorite mari a enpòtans, yo konsidere menm poze l yon kesyon kòm yon mank respè. Li ka trete madanm li prèske menm jan ak yon esklav. Lè yon mari egzèse otorite l yon move fason konsa, sa fè l gen move relasyon nonsèlman ak madanm li, men tou ak Bondye (gade 1 Jan 4:20, 21). Yon lòt bò, gen kèk mari ki neglije pran latèt, yo kite madanm yo dirije kay la. Yon mari ki soumèt li kòmsadwa devan Kris pap eksplwate madanm li, ni li pap fè l pèdi diyite l. Okontrè, li imite lanmou Jezi genyen ki te pouse l fè sakrifis, e li suiv konsèy Pòl te bay ki di : “ Mari, se pou nou kontinye renmen madanm nou, tankou Kris tou te renmen kongregasyon an, e li te livre tèt li pou li. ” ​(Efezyen 5:25). Kris Jezi te tèlman renmen disip li yo, li te mouri pou yo. Yon bon mari ap fè tout sa l kapab pou l imite etadespri dezenterese sa a, lè l chèche sa k ap fè byennèt madanm li, olye pou l egzijan anvè l. Lè yon mari soumèt devan Kris e li demontre lanmou ak respè menm jan ak Kris, sa ap motive madanm li pou l soumèt devan l. — Efezyen 5:28, 29, 33.

YON MADANM KI SOUMÈT

16. Ki kalite yon madanm dwe demontre nan relasyon l ak mari l ?

16 Kèk tan apre Adan te fin kreye, “ Jewova Dye di : ‘ Li pa bon pou lòm rete poukont li. Mwen pral fè yon èd pou li, kòm yon konpleman pou li. ’ ” ​(Jenèz 2:18). Bondye te kreye Èv pou l “ yon konpleman ” pou Adan, non pa pou l te yon rival pou li. Maryaj la pa dwe tankou yon bato ki gen de kapitèn ki nan konpetisyon. Mari a dwe egzèse otorite l avèk amou, e madanm nan dwe demontre lanmou ak respè pou li, madanm nan dwe soumèt de bongre.

17, 18. Site kèk fason yon madanm ka yon vrè èd pou mari l.

17 Sepandan, yon bon madanm pa kontante l pou l annik soumèt. Li fè tout sa l kapab pou li yon vrè èd, lè li soutni mari li nan desizyon li pran. Natirèlman, li pi fasil pou l fè sa lè li dakò ak desizyon mari a. Men, menm lè li pa dakò, soutyen aktif li bay ka kontribye pou fè desizyon mari a jwenn yon pi bon rezilta.

18 Gen lòt fason ankò yon madanm ka ede mari l pou l yon bon chèf. Li ka eksprime apresyasyon l pou efò mari a fè pou l pran latèt, olye pou l ap kritike l oubyen pou l fè mari a santi li pap janm rive satisfè l. Toutpandan l ap aji ak mari l yon fason pozitif, li dwe sonje yon “ lespri ki dou e ki pezib [...] gen anpil valè nan je Bondye ”, pa sèlman nan je mari l (1 Pyè 3:3, 4 ; Kolosyen 3:12). Bon, e si mari li pa kwayan ? Kit li kwayan, kit li pa kwayan, Ekriti yo ankouraje madanm yo pou yo “ renmen mari yo, pou yo renmen pitit yo, pou yo gen bonsans, pou yo gen chastete, pou yo se moun k ap travay nan kay yo, pou yo bon moun, pou yo soumèt devan pwòp mari yo, yon fason pou moun pa pale pawòl Bondye a mal ”. (Tit 2:4, 5.) Nan ka kote gen pwoblèm konsyans ki poze, yon mari ki pa kwayan ap pi fasil respekte pozisyon madanm li, si madanm li esplike l pozisyon l avèk “ dousè e ak gwo respè ”. Gen kèk mari ki pa kwayan, “ konduit madanm yo [...] genyen yo san pawòl, paske yo temwen ak je yo jan [yo] gen yon konduit pwòp ansanm ak yon gwo respè ”. — 1 Pyè 3:1, 2, 15 ; 1 Korentyen 7:13-16.

19. Ki sa pou yon madanm fè si mari l mande l dezobeyi lwa Bondye ?

19 E si yon mari mande madanm li pou l fè yon bagay Bondye entèdi ? Si sa rive, madanm nan dwe sonje se Bondye ki Chèf siprèm li. L ap pran kòm egzanp sa apot yo te fè lè otorite yo te mande yo pou yo vyole lwa Bondye. Travay 5:29 di : “ Pyè ak lòt apot yo di : ‘ Nou dwe obeyi Bondye antanke chèf olye nou obeyi lèzòm. ’”

YON BON KOMINIKASYON

20. Nan ki domèn trèzenpòtan lanmou ak respè esansyèl ?

20 Lanmou ak respè esansyèl nan yon lòt domèn nan maryaj, se domèn kominikasyon. Yon mari ki gen lanmou ap pale ak madanm li konsènan aktivite l, pwoblèm li, pwennvi li sou diferan sijè. Li bezwen sa. Yon mari ki pran tan pou l pale ak madanm li, e ki vrèman koute sa l ap di, demontre lanmou ak respè pou li (Jak 1:19). Kèk madanm konn plenyen paske mari yo pase twò piti tan ap pale ak yo. Ala tris sa tris ! Se vre, nan epòk sa a kote moun okipe anpil, mari yo ka pase anpil tan deyò, e sitiyasyon ekonomik la ka fè kèk madanm al travay tou. Men de moun marye bezwen rezève tan youn pou lòt. San sa, yo riske vin endepandan youn parapò ak lòt. Sa ka mennen gwo pwoblèm si yo santi yo oblije al chèche konpayi yon moun ki pi dispoze tande yo andeyò maryaj la.

21. Ki jan pawòl apwopriye ka kontribye pou fè gen kè kontan nan yon maryaj ?

21 Fason mari ak madanm kominike enpòtan. “ Pawòl agreyab [...] dous pou nanm e se yon gerizon pou zo. ” ​(Pwovèb 16:24). Kit yon konjwen kwayan, kit li pa kwayan, konsèy Bib la bay toujou valab : “ Se pou pawòl nou toujou gen cham, se pou l toujou sizonnen ak sèl ”, sa vle di pou l gen bon gou (Kolosyen 4:6). Lè youn te pase yon jounen difisil, yon ti pawòl janti, yon ti pawòl rekonfòtan lòt konjwen an di l ka fè anpil byen. “ Yon pawòl ki di nan moman apwopriye, se tankou pòm annò ki nan eskilti ann ajan. ” ​(Pwovèb 25:11). Ton vwa a ak mo yo chwazi gen anpil enpòtans. Pa egzanp, youn ka di lòt ak yon ton irite, yon ton di : “ Fèmen pòt sa a ! ” Men, ala sizonnen pawòl la t ap “ sizonnen ak sèl ” si l te di ak yon vwa kalm, yon vwa janti : “ Silvouplè, èske w ka fèmen pòt la ? ”

22. Ki atitid de moun marye yo bezwen genyen dekwa pou yo toujou gen bon kominikasyon ?

22 Kominikasyon an vin pi bon lè moun yo itilize pawòl janti, rega ak jès ki fèt ak politès, lè yo demontre bonte, konpreyansyon ak tandrès. Lè ni mari, ni madanm, fè efò pou yo toujou gen bon kominikasyon, youn ap santi l alèz pou l fè lòt la konnen bezwen l, youn ka yon sous rekonfò pou lòt, e youn ka yon èd pou lòt, nan moman dekourajman oubyen nan moman presyon. Pawòl Bondye a ankouraje nou pou nou “ pale yon fason pou konsole nanm ki deprime ”. (1 Tesalonisyen 5:14.) Ap gen moman kote se mari a ki dekouraje, e gendelè se ap madanm nan. Yo ka “ pale yon fason pou konsole ” youn lòt, pou bati youn lòt. — Women 15:2.

23, 24. Kòman lanmou ak respè itil lè gen dezakò ? Bay yon egzanp.

23 De moun marye ki gen lanmou ak respè youn pou lòt pap konsidere tout dezakò kòm yon gwo pwoblèm. Y ap fè efò pou yo pa “ egri ” youn kont lòt (Kolosyen 3:19). Yo toule de dwe sonje “ lè yon repons dous, sa detounen kòlè ”. (Pwovèb 15:1.) Veye pou w pa rabese konjwen w oubyen pou w pa kondane l lè li eksprime santiman ki nan fon kè l. Okontrè, konsidere sa kòm yon opòtinite ou genyen pou w pi byen konnen pwennvi l. Ansanm, fè efò pou nou rezoud dezakò yo e pou nou rive antann nou.

24 Sonje istwa kote Sara te sijere Abraram, mari li, yon solisyon pou yon sèten pwoblèm e li pa t koresponn ak sa mari l te vle. Poutan, Bondye te di Abraram : “ Koute vwa l. ” ​(Jenèz 21:9-12). Abraram te fè sa e li te jwenn benediksyon. Menm jan an tou, si yon madanm bay mari l yon sijesyon ki diferan ak sa mari a te gen nan panse l, omwen mari a ta dwe tande l. Madanm nan, bò kote pa l, pa ta dwe domine konvèsasyon an, li ta dwe koute sa mari l gen pou l di (Pwovèb 25:24). Si yon mari oubyen yon madanm toujou ap ensiste pou se sa l vle a ki fèt, li pa gen ni lanmou, ni respè.

25. Kòman yon bon kominikasyon ap kontribye pou gen kè kontan nan aspè ki entim nan lavi moun marye yo ?

25 Yon bon kominikasyon enpòtan tou nan kesyon relasyon seksyèl ant de moun marye yo. Egoyis ak mank metriz ka nuizib anpil pou relasyon sa a, relasyon ki pi entim nan maryaj la. Yon kominikasyon ki fran e ki fèt avèk pasyans esansyèl. Lè youn chèche byennèt lòt san egoyis, se ra pou relasyon seksyèl la poze gwo pwoblèm. Nan domèn sa a, menm jan ak nan lòt domèn, “ se pou chak moun kontinye chèche, non pa pwòp avantaj pa l, men, pa lòt moun nan ”. — 1 Korentyen 7:3-5 ; 10:24.

26. Menmsi tout maryaj gen bon moman ak move moman, ki jan lè de moun marye yo koute Pawòl Bondye a sa ka ede yo jwenn kè kontan ?

26 Ala de bèl konsèy Pawòl Bondye a bay ! Se vre, chak maryaj gen bon moman ak move moman. Men, lè de moun marye yo konfòme yo ak panse Jewova, jan sa revele nan Bib la, e yo fonde relasyon yo sou lanmou ak respè, yo ka gen konfyans maryaj yo ap dire e ap gen kè kontan ladan l. Konsa, nonsèlman youn ap onore lòt, men tou y ap onore Jewova Dye, Sila ki pran dispozisyon pou gen maryaj la.