Al gade sa k anndan l

Ki sa liv Revelasyon an vle di?

Ki sa liv Revelasyon an vle di?

Repons Bib la bay

 An grèk, non liv ki rele Revelasyon an se Apokalipsis (apokalips). Li vle di “Dekouvri” oubyen “Devwale”. Non sa a montre sans liv Revelasyon an genyen — li dekouvri bagay ki te kache e li devwale evènman ki t ap gen pou rive byen lontan apre liv sa a te fin ekri. Gen anpil nan pwofesi ki nan liv sa a ki rete pou yo akonpli.

Sa k gen nan liv Revelasyon an

Kèk bagay k ap ede n konprann liv Revelasyon an

  1.   Non Revelasyon an pa yon bagay mal, li pa la pou fè moun k ap sèvi Bondye yo pè oubyen panike. Byenke yon pakèt moun panse mo “apokalips” la gen rapò ak yon gwo dezas, liv Revelasyon an kòmanse e li fini pou l di moun ki li mesaj ki ladan l lan, ki konprann li e ki aplike l ap gen kè kontan lefètke yo fè sa. — Revelasyon 1:3; 22:7.

  2.   Liv Revelasyon an itilize anpil “siy”, oswa senbòl, moun pa dwe pran nan sans literal. — Revelasyon 1:1.

  3.   Anvan sa, Labib te gentan pale de plizyè eleman oubyen senbòl ki parèt nan liv Revelasyon an:

  4.   Vizyon sa yo gen rapò ak “jou Seyè a” ki te komanse lè Wayòm Bondye a te tabli an 1914 e Jezi te kòmanse dirije antanke Wa ladan l (Revelasyon 1:10). Donk, nou ka deja atann nou pou pi gwo akonplisman liv Revelasyon an rive nan epòk nou an.

  5.   Pou nou ka konprann liv Revelasyon an, nou bezwen menm bagay ki ede n konprann tout rès Bib la, sa gen ladan l sajès ki soti nan Bondye a ak èd nan men moun ki deja konprann liv sa a. — Travay 8:26-39; Jak 1:5.