Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Lefètke Jewova konn padone, ki sa sa vle di pou ou?

Lefètke Jewova konn padone, ki sa sa vle di pou ou?

‘Senyè a se yon Bondye ki gen pitye, ki gen bon kè, ki pa fè kòlè fasil. Li toujou padone sa nou fè ki mal, erè nou yo ak peche nou yo.’ — EGZ. 34:6, 7.

1, 2. a) Ki kalite Bondye Jewova te montre l ye pou nasyon Izrayèl la? b) Ki sa nou pral egzamine nan atik sa a?

NAN epòk Neyemya a, pandan yon gwoup levit t ap priye devan tout moun, yo te fè konnen se toutan zansèt yo te konn “refize obeyi” kòmandman Jewova yo. Aktout sa, Jewova te toujou montre l se yon ‘Bondye ki konn padone, ki gen pitye, ki gen bon kè, ki pa fè kòlè fasil. Epi, li pa t janm sispann renmen yo’. Nan epòk sa a, Jewova te kontinye montre favè san parèy li a anvè moun ki te retounen Jerizalèm yo. — Ney. 9:16, 17.

2 Nou chak gendwa ap mande tèt nou: ‘Lefètke Jewova konn padone, ki sa sa vle di pou mwen?’ Pou nou ka reponn kesyon enpòtan sa a, annou egzamine fason Jewova te boule ak David ak Manase, de moun ki te wa e ki te jwenn padon nan men Jewova.

KÈK PECHE GRAV DAVID TE FÈ

3-5. Kòman David te vin tonbe nan peche grav?

3 Byenke David se yon moun ki te gen lakrentif pou Bondye, li te fè plizyè peche grav. Gen de nan peche David te fè yo ki te gen rapò ak de moun ki te marye, Ouriya ak Batcheba. Toule twa moun ki te konsène yo te soufri anpil akoz peche sa yo. Sepandan, fason Jewova te korije David la montre nou anpil bagay konsènan padon Jewova gen lakay li. Annou wè sa k te pase.

4 David te voye lame Izrayèl la al antoure Raba, kapital peyi Amonit yo. Kapital sa a te twouve l pa lòt bò rivyè Jouden an a anviwon 80 kilomèt alès Jerizalèm. Pandan tan sa a, detan David te sou tèt palè l la ki te Jerizalèm, li te wè Batcheba, yon madan marye, ki t ap benyen. Mari Batcheba pa t la lè sa a. David te tèlman vin anvi Batcheba pandan l t ap gade l la, li voye chèche Batcheba pou l vin nan palè a epi li fè adiltè avè l. — 2 Sam. 11:1-4.

5 Lè David vin aprann Batcheba ansent, li voye chèche Ouriya, mari Batcheba a, pou l fè l tounen Jerizalèm nan espwa Ouriya pral nan relasyon seksyèl ak madanm li. Men, malgre tout efò David te fè pou l ankouraje Ouriya al kay madanm li, Ouriya pa t janm antre nan kay la. Lè wa a wè sa, anba anba, li ekri kòmandan lame l la yon lèt pou l di l mete Ouriya “devan nèt, kote batay la pi cho a” epi pou lòt sòlda yo wete kò yo dèyè l. Ouriya te mouri nan batay la jan David te planifye a (2 Sam. 11:12-17). Konsa, wa a te lakòz lanmò yon moun ki inosan e sa te ajoute sou peche l te fè ak Batcheba a.

DAVID TE VIN WÈ BAGAY YO YON LÒT JAN

6. Ki jan Jewova te aji anvè David akoz peche l te fè yo, e ki sa sa aprann nou sou Jewova?

6 Pa gen dout nan sa, Jewova te wè tout sa k te pase a (Pwo. 15:3). Byenke, David te vin marye ak Batcheba annapre, “sa [l] te fè a pa t fè Senyè a plezi menm”. (2 Sam. 11:27.) Nan ka sa a, ki jan Bondye te reyaji devan peche grav David te fè yo? Li te voye pwofèt Natàn al pale ak David. Piske Jewova se yon Dye ki renmen padone, sanble li te vle jwenn yon bon rezon pou l te ka fè David mizèrikòd. Èske sa pa touche w dèske se konsa Jewova te aji? Li pa t fòse David konfese peche l te fè yo, men, li te annik voye Natàn al rakonte wa a yon istwa ki montre jan sa l te fè a te mal. (Li 2 Samyèl 12:1-4.) Jewova te byen jere sitiyasyon sa a.

7. Ki jan David te reyaji lè l fin tande istwa Natàn nan?

7 Piske David se yon moun ki renmen sa ki jis, istwa Natàn te rakonte l la te fè l fache anpil kont mesye rich ki nan istwa a. Men sa l te di Natàn: “Mwen fè sèman nan non Senyè ki vivan an! Nonm ki fè bagay sa a merite pou yo touye l.” Anplis de sa, David fè konnen moun ki sibi kalite enjistis sa a dwe jwenn yon bagay pou sa l pèdi yo. Lè sa a, Natàn di David: “Nonm sa a, se ou menm!” Pawòl sa a te touche David anpil. Natàn te fè l konnen “ap toujou gen goumen” nan fanmi l akoz peche l te fè yo epi pral gen anpil kalamite k ap tonbe sou fanmi l. Natàn te fè l konnen tou, li t ap jwenn imilyasyon devan tout moun akoz erè l te fè yo. David te vin rann li kont jan sa l te fè yo te grav e sa l te di annapre yo montre jan l te regrèt. Men sa l te di: “Mwen peche kont Senyè a!” — 2 Sam. 12:5-14.

DAVID TE PRIYE JEWOVA E JEWOVA TE PADONE L

8, 9. Kòman Sòm 51 montre sa k te nan fon kè David, e ki sa sòm sa a aprann nou sou Jewova?

8 Pawòl nou jwenn nan yon chante wa David te konpoze apre sa k te pase a montre jan l te regrèt sa l te fè a. Nan Sòm 51 an, nou jwenn yon seri pawòl ki montre jan David te sipliye Jewova e ki montre byen klè jan l te fè plis pase annik rekonèt erè l te fè yo. David te repanti pou peche l yo tou. Sa k te pi enterese l, se te relasyon l te gen ak Bondye a. Men sa l te di Jewova: “Se kont ou menm menm mwen peche.” Apre sa, li te sipliye Jewova pou l di l: “O Bondye, pa kite okenn move lide nan kè m. Mete bon lide nan tèt mwen, pou m sa kenbe fèm [...] Sove m. Fè kè m kontan ankò. Ban m bon lide ki pou fè m toujou obeyisan.” ​(Sòm 51:1-4, 7-12). Èske se konsa w ouvè kè w bay Jewova lè w ap pale avè l konsènan fot ou yo?

9 Jewova pa t anpeche David sibi konsekans peche l te fè yo. David te kontinye peye sa l te fè yo pou jis li mouri. Sepandan, piske David te repanti lè l te montre l gen “yon kè ki brize, ki kraze” ​(NW), Jewova te padone l. (Li Sòm 32:5; Sòm 51:17.) Bondye toupisan an konnen tout sa k ka pouse yon moun peche. Olye pou Jewova te kite lèzòm jije David ak Batcheba pou adiltè epi kondane yo pou yo mouri, dapre sa Lalwa Moyiz la te mande, li te aji avèk mizèrikòd nan fason l te boule ak David ansanm ak Batcheba (Lev. 20:10). Bondye te menm fè Salomon, yon pitit yo te fè, vin wa ann Izrayèl apre David. — 1 Kwo. 22:9, 10.

10. a) Ki rezon ki te petèt pouse Jewova padone David? b) Ki sa k pouse Jewova padone moun?

10 Petèt, fason David te montre l gen mizèrikòd anvè Sayil la, se yon lòt bagay ankò nou ka aprann konsènan fason Jewova padone (1 Sam. 24:4-7). Jan Jezi te esplike sa, Jewova ap trete nou menm jan nou menm nou trete lòt moun. Men sa l te di: “Sispann jije dekwa pou yo pa jije nou. Paske, jan n ap jije a, se konsa y ap jije nou. E se ak mezi nou mezire pou moun y ap mezire pou nou.” ​(Mat. 7:1, 2). Se pa ti soulaje sa soulaje nou dèske nou konnen Jewova ap padone nou menmsi nou ta fè yon peche grav tankou adiltè oswa nou ta lakòz moun mouri! L ap fè sa si nou montre nou dispoze padone lòt moun, si nou konfese peche nou yo devan l epi nou montre nou regrèt move bagay nou te fè yo. Bib la fè konnen, lè yon moun ki te fè yon peche repanti toutbonvre, Jewova ap fè “tan soulajman an” rive pou moun sa a. — Li Travay 3:19.

MANASE TE FÈ ANPIL PECHE GRAV MEN LI TE REPANTI

11. Bay kèk fason wa Manase te fè sa ki mal nan je Bondye.

11 Ann egzamine yon lòt istwa ki nan Pawòl Jewova te fè ekri a ki montre jis nan ki pwen Jewova dispoze padone. Anviwon 360 an apre David te kòmanse dirije ann Izrayèl, se Manase ki te vin wa nan peyi Jida. Pandan tout 55 ane Manase te fè ap dirije yo, se bagay mal ase li te fè e Jewova te kondane l pou move bagay li te konn fè yo. Pami tout bagay Manase te fè yo, li te fè lotèl pou Baal, li te konn adore “dènye zetwal ki nan syèl la”, li te konn boule pitit gason l yo nan dife epi li t ap pratike bagay ki gen rapò ak movèzespri. Wi, jan Bib la di sa a, Manase te “donnen nan fè sa ki mal devan Senyè a”. — 2 Kwo. 33:1-6.

12. Ki sa k te fè Manase retounen vin jwenn Jewova?

12 Finalman, yo te met men sou Manase epi yo mennen l nan prizon nan peyi Babilòn. Pandan Manase nan prizon an, petèt li te sonje pawòl Moyiz te di Izrayelit yo: “Men, lè n’a gen kè sere, lè tout bagay sa yo va rive nou vre, bout pou bout yon jou n’a tounen nan pye Senyè a, Bondye nou an. N’a koute tou sa l t’ap di nou an.” ​(Det. 4:30). Manase te retounen nan pye Jewova. Kòman l te fè sa? Jan sa parèt nan foto ki nan paj 21 an, li te “rekonèt tout fòt li yo devan Senyè a” e l te kontinye “lapriyè” Bondye (2 Kwo. 33:12, 13). Nou pa konnen egzakteman ki pawòl Manase te di nan priyè l te fè a, men nou kapab panse priyè l la te sanble ak priyè wa David te fè nou jwenn nan Sòm 51 an. Kèlkeswa sa l te di a, eksperyans sa a te fè Manase chanje nèt.

13. Poukisa Jewova te padone Manase?

13 Ki jan Jewova te reponn priyè Manase te fè a? Bib la di: “Bondye tande lapriyè [Manase a], li ba li sa l te mande a.” Menm jan ak David, Manase te vin rekonèt jan peche l te fè yo te grav e l te repanti toutbon. Se sa k fè, Bondye te padone Manase e l te fè l retounen vin wa ankò nan Jerizalèm. Konsa, “Manase [te] vin konprann se Senyè a ki Bondye vre”. (2 Kwo. 33:13.) Se pa ti rekonfòtan sa rekonfòtan dèske egzanp sa a ban nou yon lòt prèv ki montre Bondye nou an ki gen mizèrikòd ap padone moun ki montre yo repanti toutbon yo!

Lefètke Jewova konn padone, Manase te vin wa ankò nan Jerizalèm.

ÈSKE PADON JEWOVA GEN LIMIT?

14. Ki sa k ede nou konprann ki lè Jewova ap padone yon moun?

14 Jodi a, gen kèk moun ki fè pati pèp Bondye a ki pa janm chèche jwenn padon pou kèk peche grav yo te fè tankou peche David ak Manase yo. Sepandan, lefètke Jewova te padone de wa sa yo, sa ede nou konprann, menmsi nou ta fè yon peche grav, Bondye nou an dispoze padone nou depi nou repanti toutbon.

15. Ki jan nou fè konnen Jewova pa padone peche moun otomatikman?

15 Nòmalman, nou pa dwe kouri di Jewova ap padone tout moun ki peche otomatikman. Pou nou byen konprann, annou konpare fason David ak Manase te reyaji a ak fason pèp Izrayèl la ak pèp Jida a, ki te rebèl, te reyaji. Bondye te voye Natàn al pale ak David e l te ba l posiblite pou l chanje fason l te wè bagay yo. David te kontan aksepte òf Jewova te fè l la. Lè Manase te vin wè jan bagay yo pa t bon pou li menm, li te repanti ak tout kè l. Sepandan, byen souvan, pèp Izrayèl la ak pèp Jida a pa t janm repanti. Se sa k fè Jewova pa t padone yo. Olye de sa, li te kontinye voye pwofèt li yo al fè yo konnen ki jan l konsidere atitid rebèl yo a. (Li Neyemya 9:30.) Menm apre yo te sot ann egzil nan peyi Babilòn e yo te retounen nan peyi yo, Jewova te kontinye voye sèvitè fidèl li yo, tankou prèt Ezra ansanm ak pwofèt Malaki, al pale avè yo. Lè pèp la te fè volonte Jewova, kè yo te kontan anpil. — Ney. 12:43-47.

16. a) Lefètke nasyon Izrayèl la pa t repanti, ki konsekans sa te genyen? b) Ki posiblite chak moun nan Izrayèl tan lontan an kapab genyen?

16 Lè Jewova te voye Jezi sou tè a, li te bay ranson an, sèl sakrifis ki pafè a, ki te ranplase sakrifis bèt Izrayelit yo te konn fè yo (1 Jan 4:9, 10). Pandan Jezi te sou tè a, li te montre l gen menm pwennvi ak Papa l lè l te di pawòl sa yo ki touche nou anpil: “Jerizalèm, Jerizalèm, vil k ap touye pwofèt yo e k ap touye moun yo voye kote l yo ak kout wòch, se pa ni de ni twa fwa mwen te vle rasanble pitit ou yo, menm jan yon manman poul rasanble ti poul li yo anba zèl li! Men, nou pa t vle sa.” Annapre, Jezi te di: “Gade! Yo kite kay nou an ban nou.” ​(Mat. 23:37, 38). Konsa, Izrayèl espirityèl la te ranplase nasyon sa a ki te peche e ki pa t repanti (Mat. 21:43; Gal. 6:16). Men, e moun ki fè pati Izrayèl selon lachè a? Si yo egzèse lafwa nan Jewova ak nan sakrifis Jezi Kris la, y ap kapab jwenn byenfè grasa padon Jewova ak mizèrikòd li. Moun ki te mouri yo e ki pa t gentan repanti pou peche yo ap kapab jwenn byenfè sa yo, akondisyon yo resisite pou yo viv sou yon tè ki pral vin pwòp nan tout domèn. — Jan 5:28, 29; Tra. 24:15.

BYENFÈ NOU JWENN GRASA PADON JEWOVA

17, 18. Ki jan nou kapab jwenn padon nan men Jewova?

17 Ki jan nou dwe reyaji lefètke nou konnen Jewova dispoze padone nou? Se sèten nou dwe aji menm jan ak David ak Manase. Nou dwe rekonèt peche nou fè yo, repanti pou fot nou yo, sipliye Jewova ak tout kè n pou l padone nou epi mande l pou l fè nou vin gen yon kè ki pwòp (Sòm 51:10). Si nou ta fè yon peche grav, nou dwe chèche èd nan men ansyen yo tou (Jak 5:14, 15). Nan kèlkeswa sitiyasyon nou ta ye, n ap jwenn anpil rekonfò si nou sonje Jewova se yon “Bondye ki gen pitye pou moun, yon Bondye ki gen bon kè. Li pa fè kòlè fasil, li p’ap janm sispann renmen, l’ap toujou kenbe pawòl li. L’ap kenbe pwomès li pou tout tan jouk sou mil jenerasyon, de pitit an pitit. L’ap toujou padonnen sa nou fè ki mal, sa nou te dwe fè nou pa fè, ak peche nou yo”, jan l te fè Moyiz konn sa. Jewova pa chanje. — Egz. 34:6, 7.

18 Jewova te pran yon gwo egzanp pou l te fè Izrayelit ki te repanti yo konnen fason l t ap voye tout tras peche yo te fè yo jete byen lwen lè l te di l ap fè sa ki te “wouj vif” vin blan tankou “lanèj” ​(NW). (Li Izayi 1:18.) Donk, lefètke Jewova konn padone, ki sa sa vle di pou nou? Sa vle di, depi nou montre nou gen rekonesans dèske Jewova konn padone epi nou repanti toutbonvre, Jewova ap padone peche nou yo ak erè nou yo nèt.

19. Ki sa nou pral egzamine nan atik ki vin apre a?

19 Antanke moun ki benefisye padon Jewova, kòman nou kapab imite l nan fason nou boule youn ak lòt? Ki sa n kapab fè pou nou pa aji tankou moun ki pa renmen padone lòt moun ki te fè yon peche grav men ki montre yo repanti toutbonvre? Atik ki vin apre a pral ede nou egzamine kè nou yon fason pou n kapab sanble pi plis toujou ak Jewova, Papa nou an ki “bon e [ki] dispoze padone”. — Sòm 86:5, NW.