Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Rejte panse monn nan

Rejte panse monn nan

“Veye pou pèsonn pa pran nou nan pyèj ak filozofi ak twonpri [...] monn nan.” — KOL. 2:8.

KANTIK: 38, 31

1. Ki konsèy apot Pòl te bay kretyen parèy li yo? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

APOT Pòl te ekri lèt li te voye bay kretyen nan vil Kolòs yo petèt nan dènye moman li t ap pase nan prizon nan vil Wòm pou premye fwa, oswa ozanviwon ane 60-61 epòk nou an. Li te fè yo wè enpòtans pou yo chèche gen “konpreyansyon lespri Bondye bay” la (Kol. 1:9). Pi devan, Pòl te di: “Mwen di sa pou pèsonn pa twonpe nou ak rezònman y ap fè pou yo konvenk nou. Veye pou pèsonn pa pran nou nan pyèj ak filozofi ak twonpri ki san valè ki chita sou tradisyon lèzòm, sou bagay monn nan baze sou yo, e ki pa baze sou Kris.” (Kol. 2:4, 8). Pòl te esplike rezon ki fè kèk ide ki popilè pa bon ak rezon ki fè panse monn nan genyen yo ka atire moun ki enpafè. Pa egzanp, li ka fè yon moun santi l gen sajès e l siperyè lòt moun. Objektif lèt la se te ede frè yo rejte panse monn nan ak move pratik yo. — Kol. 2:16, 17, 23.

2. Poukisa n pral pale sou kèk nan panse monn nan genyen?

2 Panse monn nan pa bay enstriksyon Jewova yo enpòtans oswa l rabese yo, e enfliyans li ka febli lafwa n tikras pa tikras. Jodi a, panse monn nan ka gen efè sou nou tout. Moun fè pwomosyon pou li nan televizyon, sou Entènèt, nan travay oswa nan lekòl. Nan atik sa a, nou pral egzamine sa n ka fè pou n anpeche yon panse konsa kòwonp lespri nou. Nou pral egzamine senk nan ide ki fè pati panse monn nan e n pral wè fason n ka rejte yo.

ÈSKE N BEZWEN KWÈ NAN BONDYE?

3. Ki ide ki atire anpil moun, e poukisa?

3 “Mwen kapab yon bon moun san m pa bezwen kwè nan Bondye.” Nan anpil peyi, byen souvan, nou konn tande kèk moun ki di yo pa kwè nan Bondye, e yo konsidere tèt yo kòm moun ki pa gen relijyon. Yo ka poko byen egzamine kesyon ki gen rapò ak egzistans Bondye, men, ide pou yo santi yo lib pou yo fè sa yo vle atire yo. (Li Sòm 10:4.) Gen lòt ki ka panse yo gen sajès monn nan lè yo di: “Mwen kapab gen bonjan prensip san m pa kwè nan Bondye.”

4. Ki jan n ka rezone ak yon moun ki fè konnen pa gen Kreyatè?

4 Gen moun ki pa kwayan ki fè konnen pa gen Kreyatè. Èske sa yo di a baze sou yon rezònman ki lojik? Lè yon moun al chèche nan lasyans pou l konnen si se kreye yo te kreye lavi, moun sa a ka pèdi byen fasil nan yon pakèt enfòmasyon ki pa fin klè. Men, an reyalite, repons lan byen senp. Si yon kay bezwen yon moun pou konstwi l, alewè pou bagay ki gen lavi nan yo! Anfèt, selil ki vivan ki pi senp sou tè a pi konplike lontan pase nenpòt kay, paske yo ka fè sa okenn kay pa ka fè, sa vle di yo ka repwodui. Donk, selil sa yo gen yon fason pou yo stoke enfòmasyon yo bezwen pou yo ka repwodui e pou yo ka kopye enfòmasyon sa yo. Ki kote selil ki vivan yo soti? Men repons Bib la bay: “Chak kay gen yon moun ki fè l, men, moun ki fè tout bagay se Bondye.” — Ebre 3:4.

5. Ki sa n ka di konsènan ide ki fè kwè yon moun kapab konn sa ki byen san l pa bezwen kwè nan Bondye?

5 Ki jan n ka rezone ak yon moun ki fè konnen li kapab konn sa ki byen san l pa bezwen kwè nan Bondye? Pawòl Bondye a rekonèt moun ki pa kwayan yo kapab gen kèk bon prensip (Wom. 2:14, 15). Pa egzanp, yo gendwa respekte paran yo e yo renmen yo. Men, lè yon moun refize rekonèt se Kreyatè nou an ki gen lanmou ki etabli prensip sou sa ki byen ak sa ki mal, èske prensip moral moun sa a genyen yo byen fonde (Eza. 33:22)? Anpil moun k ap reflechi nan epòk nou an admèt kondisyon deplorab ki egziste sou tè a se prèv lèzòm bezwen èd Bondye. (Li Jeremi 10:23.) Kidonk, nou pa ta dwe menm eseye panse yon moun ka rive byen konnen sa ki byen san l pa kwè nan Bondye e san l pa respekte prensip li yo. — Sòm 146:3.

ÈSKE N BEZWEN RELIJYON?

6. Ki jan anpil moun konsidere relijyon?

6 “Ou ka gen kè kontan san relijyon.” Anpil moun renmen fason sa a monn nan panse a paske yo konsidere relijyon kòm yon bagay ki raz e ki pase mòd. Mete sou sa, anpil relijyon fè moun vire do bay Bondye lè yo anseye dife lanfè, yo fè yo peye ladim, oswa yo preche yo bagay ki gen rapò ak politik. Nou pa sezi dèske toujou gen anpil moun ki panse yo ka gen kè kontan san yo pa bezwen relijyon! Moun sa yo ka di: “Mwen enterese nan bagay ki gen rapò ak Bondye, men m pa fè pati okenn relijyon.”

7. Ki jan vrè relijyon an ede moun gen kè kontan?

7 Èske se vre yon moun ka gen kè kontan san relijyon? Se sèten yon moun ka gen kè kontan san fo relijyon, men, yon moun pa ka gen vrè kè kontan an si l pa gen yon relasyon ak Jewova, li menm Bib la fè konnen ki se “Bondye ki gen kè kontan an”. (1 Tim. 1:11.) Tout sa Bondye fè se pou byen nou. Sèvitè l yo gen kè kontan paske yo konsantre lavi yo nan ede lòt moun (Tra. 20:35). Pa egzanp, ann wè fason vrè adorasyon an ede moun gen kè kontan nan fanmi yo. Vrè adorasyon an anseye n pou n onore moun nou marye avè l la e pou n respekte l, pou n konsidere ve nou te fè lè n t ap marye a kòm yon bagay ki sakre, pou n pa fè adiltè, pou n aprann pitit nou respekte lòt moun, e pou n pratike vrè lanmou an. Konsa, adorasyon sa a fè moun gen tèt ansanm nan yon seri kongregasyon ki bay kè kontan e l fè yo fè pati yon kominote frè ak sè nan lemonnantye ki gen kè kontan. — Li Ezayi 65:13, 14.

8. Ki jan n ka sèvi ak Matye 5:3 pou n rezone sou kesyon ki di: Ki sa k fè moun gen kè kontan?

8 Ki jan n ka egzamine panse monn nan ki fè konnen yon moun ka gen kè kontan san l pap sèvi Bondye? Ann egzamine kesyon ki di: Ki sa k fè moun gen kè kontan? Gen moun ki jwenn kè kontan nan yon karyè, nan yon spò oswa nan yon aktivite yo renmen fè. Gen lòt moun ki jwenn kè kontan nan pran swen fanmi yo oswa zanmi yo. Tout bagay sa yo ka bay kè kontan, men, nou gen yon pi gwo objektif nan lavi nou k ap ban nou kè kontan pou toutan. Kontrèman ak bèt yo, nou ka vin aprann konnen Kreyatè nou an e n ka sèvi l fidèlman. Bondye kreye n yon fason pou n ka jwenn kè kontan lè n fè sa. (Li Matye 5:3.) Pa egzanp, vrè adoratè yo kontan reyini ansanm pou yo adore Jewova e yo jwenn anpil ankourajman lè yo fè sa (Sòm 133:1). Anplis de sa, yo fè pati yon kominote frè ak sè ki gen tèt ansanm, yo mennen yon vi ki pwòp e yo gen yon espwa ki ba yo kè kontan.

ÈSKE N BEZWEN GEN PRENSIP MORAL?

9. a) Ki ide konsènan sèks ki kouran nan monn nan? b) Poukisa Pawòl Bondye a entèdi moun fè sèks san yo pa marye?

9 “Poukisa moun pa gen dwa fè sèks san yo pa marye?” Gen moun ki ka di n: “Nou fèt pou n jwi lavi a. Poukisa moun pa gen dwa fè sèks san yo pa marye?” Lide kòmkwa yon kretyen dwe tolere imoralite seksyèl se yon bagay ki mal. Poukisa? Paske Pawòl Bondye a kondane imoralite seksyèl *. (Li 1 Tesalonisyen 4:3-8.) Piske Jewova kreye nou, li gen dwa pou l fè lwa pou nou. Se sèlman yon gason ak yon fi ki marye youn ak lòt lwa Bondye a pèmèt gen relasyon seksyèl, e sa fè pati dispozisyon Bondye pran nan kad maryaj la. Bondye ban nou lwa pou n suiv paske l renmen nou. Se pou byen nou. Lè moun nan yon fanmi obeyi yo, yo jwenn lanmou, respè ak sekirite. Bondye pa tolere lè moun fè espre yo dezobeyi lwa l bay. — Ebre 13:4.

10. Ki jan yon kretyen ka ret lwen imoralite seksyèl?

10 Pawòl Bondye a anseye n fason pou n ret lwen imoralite seksyèl. Yon fason enpòtan nou ka fè sa se lè n fè atansyon ak sa n ap gade. Jezi te di: “Nenpòt moun ki kontinye gade yon fi jiskaske li vin anvi l, li deja fè adiltè avè l nan kè l. Se sa k fè, si se je dwat ou k ap fè w peche, rache l, voye l jete byen lwen w.” (Mat. 5:28, 29). Kidonk, yon kretyen ap evite gade pònografi oswa tande mizik ki gen pawòl imoral. Men sa apot Pòl te ekri kretyen parèy li yo: “Fè manm kò nou ki sou tè a mouri anrapò ak imoralite seksyèl.” (Kol. 3:5). Mete sou sa, nou bezwen fè atansyon ak sa n ap panse ak pawòl n ap di. — Efe. 5:3-5.

ÈSKE N TA DWE CHÈCHE FÈ YON KARYÈ NAN MONN NAN?

11. Poukisa chèche fè yon karyè nan monn nan ka parèt atiran?

11 “Pou w gen kè kontan, li enpòtan pou w chèche gen yon karyè.” Anpil moun ap ankouraje n chèche fè yon karyè nan monn nan kòm prensipal objektif nan lavi a. Yon karyè konsa ka fè n gen renome, pouvwa ak richès. Piske anpil moun konsidere yon karyè nan monn nan kòm prensipal objektif yo nan lavi a, sa ka fè yon kretyen panse konsa tou.

12. Èske se lè yon moun reyisi nan yon karyè l ap gen kè kontan?

12 Èske se vre se lè yon moun reyisi nan yon karyè ki bay pouvwa ak renome l ap jwenn kè kontan pou toutan? Non. Pa bliye Satan gen gwo anvi pou l kontwole moun e pou moun admire l, poutan, li an kòlè, li pa gen kè kontan (Mat. 4:8, 9; Rev. 12:12). Lè n konsidere jan sa bay kè kontan lè n ede moun benefisye sajès Bondye bay la yon fason pou yo ka gen lavi ki pap janm fini an, nou rann nou kont se sèlman yon ti satisfaksyon nou ka jwenn lè n chèche fè yon karyè nan monn nan. Mete sou sa, lespri monn sa a toujou ap pouse moun fè konpetisyon. Li ankouraje moun yo chèche depase youn lòt, li fè yo vin jalou, e alafen, li montre se “dèyè van yo t ap kouri”. — Ekl. 4:4.

13. a) Ki jan n ta dwe konsidere travay? b) Dapre lèt Pòl te ekri kretyen ki t ap viv Tesalonik yo, ki sa k te bay Pòl anpil kè kontan?

13 Se vre nou dwe gen yon mwayen pou n viv, e pa gen anyen mal pou n chwazi fè yon travay nou renmen. Sepandan, travay nou pa dwe vin bagay ki pi enpòtan nan lavi nou. Jezi te di: “Pèsonn pa ka esklav de mèt anmenmtan. Paske, se swa li rayi youn e li renmen lòt la, oubyen li atache ak youn e li meprize lòt la. Nou pa ka esklav Bondye ak Lajan anmenmtan.” (Mat. 6:24). Lè n met sèvis n ap bay Jewova a an premye e nou anseye lòt moun Pawòl li a, nou jwenn yon kè kontan ki san parèy. Youn nan moun ki te fè eksperyans sa a se te apot Pòl. Byen bonè nan lavi l, li te chèche fè yon bèl karyè nan relijyon Jidayis la, men, se lè l te vin ap fè disip e l te wè jan moun yo te reyaji devan mesaj Bondye a ak jan mesaj la te chanje lavi yo li te jwenn kè kontan toutbon an. (Li 1 Tesalonisyen 2:13, 19, 20.) Pa gen okenn lòt karyè ki bay yon kè kontan konsa.

N ap gen lajwa pou toutan lè n ede moun yo benefisye sajès Bondye. (Gade paragraf 12, 13.)

ÈSKE N KA REZOUD PWOBLÈM LÈZÒM GENYEN YO?

14. Poukisa ide ki fè kwè lèzòm ka rezoud pwòp pwoblèm yo ka parèt atiran?

14 “Lèzòm ka rezoud pwòp pwoblèm yo.” Fason sa a monn nan panse a ka parèt atiran pou anpil moun. Poukisa? Se paske si se vre, sa t ap vle di lèzòm pa bezwen konsèy nan men Bondye e yo ka fè sa yo vle. Mete sou sa, moun ka anvi dakò ak ide ki fè kwè lèzòm ka rezoud pwòp pwoblèm yo paske, selon sa kèk etid fè konnen, lagè, krim, maladi ak povrete ap diminye. Men sa yon rapò fè konnen: “Rezon ki fè monn nan ap vin pi bon se paske lèzòm deside fè l vin pi bon.” Èske yon pawòl konsa pa montre lèzòm prèske rezoud pwoblèm k ap fè yo soufri depi byen lontan yo? Pou n jwenn repons lan, ann egzamine pwoblèm sa yo pi byen.

15. Ki enfòmasyon ki montre pwoblèm lèzòm genyen yo grav anpil?

15 Lagè: Dapre kalkil yo fè, de gè mondyal yo lakòz 60 milyon moun pou pi piti pèdi lavi yo. Depi fen Dezyèm Gè mondyal la, se sèten lèzòm pa aprann evite lagè. Rive nan ane 2015, kantite moun ki te kite kay yo akoz lagè oswa pèsekisyon te rive anviwon 65 milyon. Selon kalkil yo fè, gen anviwon 12,4 milyon moun ki te deplase kite kay yo pandan ane 2015 lan sèlman. Krim: Byenke gen yon seri krim ki diminye nan kèk zòn, gen lòt kalite krim tankou aksyon ki pa legal moun fè sou Entènèt, vyolans nan fanmi ak zak teworis ki kontinye ap ogmante san pran souf. Anplis de sa, anpil moun panse vin gen plis koripsyon nan monn nan. Lèzòm pa kapab elimine krim k ap fèt yo. Maladi: Gen kèk maladi lèzòm gen kontwòl yo. Men, gen yon rapò yo te pibliye nan ane 2013 ki fè konnen chak ane gen nèf milyon moun ki gen mwens pase 60 an ki mouri akoz maladi kè, stwok, kansè, maladi respiratwa ak dyabèt. Povrete: Selon Bank mondyal, ann Afrik sèlman, kantite moun k ap soufri anba gwo mizè te vin pi plis soti 280 milyon an 1990 rive 330 milyon an 2012.

16. a) Poukisa se sèlman Wayòm Bondye a ki kapab rezoud pwoblèm lèzòm genyen yo? b) Ki benediksyon Wayòm nan pral pote Ezayi ak youn nan moun ki te patisipe nan ekri sòm yo te anonse?

16 Se yon seri fòs ki egoyis k ap dirije sistèm ekonomik ak sistèm politik la. Sa klè, fòs sa yo pa ka elimine lagè, krim, maladi ak povrete, se sèlman Wayòm Bondye a ki ka fè sa. Ann konsidere sa Jewova pral fè pou lèzòm. Lagè: Wayòm Bondye a ap elimine yon seri bagay ki byen anrasinen nan sistèm sa a ki lakòz lagè, tankou egoyis, koripsyon, patriyotis ak fo relijyon, e l ap elimine Satan tou (Sòm 46:8, 9). Krim: Wayòm Bondye a deja ap anseye plizyè milyon moun fason pou yo gen lanmou e pou yo fè youn lòt konfyans, e pa gen okenn lòt gouvènman ki ka fè sa (Eza. 11:9). Maladi: Jewova ap beni pèp li a, l ap ba yo yon sante ki pafè (Eza. 35:5, 6). Povrete: Jewova ap elimine povrete e l ap bay pèp li a tout sa yo bezwen nan domèn espirityèl ak nan domèn fizik, sa k ap pèmèt yo mennen yon vi ki gen plis valè lontan pase richès. — Sòm 72:12, 13.

“KONNEN JAN NOU DWE REPONN”

17. Ki jan w ka rejte panse monn nan?

17 Si w konn youn nan panse monn nan ki sanble ka bay lafwa w pwoblèm, fè rechèch sou sa Pawòl Bondye a di sou sijè a epi pale sou sa ak yon kretyen parèy ou ki gen matirite. Egzamine rezon ki fè panse sa a ka parèt atiran, rezon ki fè l pa bon ak fason w ka rejte l. Vrèmanvre, nou tout ka pwoteje tèt nou kont panse monn nan lè n suiv konsèy Pòl te bay kongregasyon ki te nan vil Kolòs la lè l te di: “Kontinye mache avèk sajès parapò ak moun ki deyò yo [...]. Se [...] pou nou konnen jan nou dwe reponn chak moun.” — Kol. 4:5, 6.

^ § 9 Anpil moun pa rann yo kont pasaj ki nan Jan 7:53–8:11 lan se ajoute yo ajoute l nan kèk Bib paske l pa t fè pati premye maniskri Bondye te enspire yo. Gen kèk moun ki baze sou pasaj sa a pou fè konnen se sèlman yon moun ki san peche ki ka di yon moun ki fè adiltè li peche. Sepandan, lwa Bondye te bay nasyon Izrayèl la te fè konnen: “Si yo bare yon gason pandan l nan relasyon ak madanm yon lòt gason, se pou yo touye toule de.” — Det. 22:22.