Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki jan w ka adapte w nan yon lòt kongregasyon?

Ki jan w ka adapte w nan yon lòt kongregasyon?

MEN sa Allen * di: “M pa t anvi vin la a. M pa t konn si m t ap jwenn lòt zanmi oswa si yo t ap vle m kòm zanmi.” Allen te fèk vin nan yon kongregasyon ki nan yon distans plis pase 1 400 kilomèt parapò ak kote l te rete a.

Si w al nan yon lòt kongregasyon, ou menm tou ou ka yon ti jan renka. Ki sa k ka ede w adapte w? Ki sa w ka fè si l parèt pi difisil pou w adapte w pase jan w te atann? Yon lòt bò, si w nan yon kongregasyon, ki jan w ka fè bagay yo parèt pi fasil pou moun ki fèk vin nan kongregasyon an?

KI JAN W KA ADAPTE W EPI POU W SANTI W ALÈZ?

Reflechi sou egzanp sa a: Lè y ap deplase yon pyebwa pou y al mete l yon lòt kote, li pran kèk chòk. Lè y ap retire pyebwa a nan tè a, an jeneral, yo koupe pifò nan rasin li yo pou yo ka transpòte l pi fasil. Yonfwa yo fin plante pyebwa a ankò, li dwe kòmanse fè lòt rasin tousuit. Menm jan an tou, ou ka strese lè w al nan yon lòt kongregasyon. Nan kongregasyon w te ye a, ou te fè “rasin” tank ou t ap fè zanmi ak lòt moun e w te gen yon pwogram regilye nan sèvis w ap bay Jewova a. Kounye a, ou dwe pouse lòt rasin pou w ka adapte w nan nouvo anviwònman w vin ye a. Ki sa k ap ede w fè sa? W ap ka fè sa lè w aplike prensip ki nan Bib la. Ann konsidere kèk nan yo.

Moun ki li Pawòl Bondye a chak jou tankou “yon pyebwa ki plante bò kanal dlo, ki bay fwi lè sezon l rive, yon pyebwa fèy li pa fennen. L ap reyisi nan tout sa l fè”. — Sòm 1:1-3.

Menm jan yon pyebwa dwe rale dlo nan tè a regilyèman pou l ka ret fre, konsa tou, yon kretyen dwe nouri tèt li regilyèman nan Pawòl Bondye a pou l ka ret djanm nan domèn espirityèl. Se sa k fè ou dwe kontinye li Labib chak jou e w dwe asiste reyinyon kongregasyon an regilyèman. Ou dwe kenbe yon bon abitid pou w fè adorasyon an fanmi ak etid pèsonèl. Tout sa w te bezwen nan domèn espirityèl nan kongregasyon w te ye a, w ap bezwen yo nan nouvo kongregasyon w ye a tou.

“Moun ki ankouraje lòt moun ap jwenn ankourajman.” — Pwo. 11:25.

Lè w bay tout ou menm nan travay predikasyon an, w ap vin pran fòs e w ap adapte w byen vit. Men sa yon ansyen ki rele Kevin fè konnen: “Sa k te plis ede madanm mwen avè m se lefètke n te pran sèvis pyonye oksilyè yon ti tan apre n te fin rive nan nouvo kongregasyon an. Nou te vin konn frè yo, pyonye yo ak tèritwa a byen vit.” Men sa Roger ki te deplase al viv nan yon zòn ki nan yon distans plis pase 1 600 kilomèt parapò ak kote l te rete a fè konnen: “Pi bon fason pou w adapte w nan nouvo kongregasyon w lan se al nan predikasyon otank posib. Anplis de sa, fè ansyen yo konnen w disponib pou w ede nan kèlkeswa bagay la, petèt nan netwayaj Sal Wayòm nan, ranplase moun ki gen patisipasyon oswa bay yon moun woulib pou l al nan reyinyon. Lè frè ak sè yo wè jan w gen lespri sakrifis aktout ou fèk vini, y ap akeyi w.”

“Ouvri kè nou.” — 2 Kor. 6:13.

Demontre afeksyon pou tout frè yo. Lè Melissa ak moun nan fanmi l t al nan yon lòt kongregasyon, yo te konsantre yo sou fè nouvo zanmi. Men sa l di: “Nou te konn pale ak frè ak sè yo nan Sal Wayòm nan anvan reyinyon kòmanse ak lè reyinyon fini. Sa te fè n jwenn tan pou n pale ak frè ak sè yo olye n annik salye yo.” Epitou, sa te ede fanmi an konn non frè ak sè yo pi vit. Mete sou sa, yo te ouvri kè yo lè yo te montre yo akeyan, sa ki te vin ranfòse lyen yo te genyen ak nouvo zanmi yo. Men sa Melissa ajoute: “Youn te bay lòt nimewo telefòn yo pou n te ka kenbe kontak e pou n te ka patisipe nan aktivite espirityèl ak nan lòt aktivite ansanm.”

Si w santi w pa alèz pou w pale ak moun ou fèk rankontre, ou ka kòmanse toupiti. Pa egzanp, souri bay moun, menmsi w pa anvi fè sa okòmansman. Yon souri ap atire lòt moun. Dayè, “yon moun ki kontan wè w fè kè w kontan”. (Pwo. 15:30.) Men sa Rachel ki t al viv byen lwen kote l te grandi a fè konnen: “Mwen se yon moun ki timid anpil. Pafwa, m konn oblije fè anpil efò pou m pale ak frè ak sè nan nouvo kongregasyon m ye a. M konn chèche yon moun ki chita nan Sal Wayòm nan e ki pap pale ak pèsonn. Moun sa a ka jis timid menm jan avè m.” Poukisa w pa fikse objektif pou w pale ak yon moun ki fèk vin nan kongregasyon an anvan oswa apre chak reyinyon?

Yon lòt bò, ou ka kontan rankontre lòt moun nan premye semèn yo. Men, tank tan ap pase, ou vin pa “nouvo” ankò. Nan ka sa a, ou ka bezwen fè efò pou w kontinye fè nouvo zanmi.

Lè yo deplase yon pyebwa, li pran kèk chòk, men, lè yo fin plante l ankò, li fè lòt rasin.

PRAN TAN POU W ADAPTE W

Gen kèk pyebwa ki pran plis tan pou rasin yo vin djanm nan yon nouvo anviwònman. Menm jan an tou, tout moun pa pran menm kantite tan pou yo adapte yo nan yon nouvo kongregasyon. Si w gen kèk tan depi w vin nan kongregasyon an e w toujou ap lite pou w adapte w, lè w aplike prensip biblik ki vin apre yo, sa ka ede w:

“Annou pa sispann fè sa ki byen, paske lè lè a rive, n ap rekòlte si nou pa kite fatig pote n ale.” — Gal. 6:9.

Dispoze plis tan pou w adapte w pase sa w te prevwa okòmansman. Pa egzanp, anpil misyonè ki jwenn fòmasyon nan Lekòl Galaad konn pase plizyè ane nan peyi yo voye yo a anvan yo tounen vizite fanmi yo nan peyi yo. Lè yo fè sa, sa ede yo vin zanmi frè ak sè kote y ap sèvi a e sa ede yo adapte yo ak yon lòt kilti.

Alejandro, yon frè ki te demenaje plizyè fwa, konnen l pa fasil pou yon moun adapte l byen vit. Men sa l di: “Apre dènye demenajman nou an, madanm mwen te di m: ‘Tout zanmi m yo ret nan kongregasyon n te ye anvan an!’” Li te fè madanm li sonje li te di egzakteman menm bagay la sa gen dezan, dènye fwa yo te demenaje a. Men, pandan dezan sa yo, li te montre l enterese nan lòt moun e yo te vin bon zanmi l.

“Pinga w di: ‘Poukisa tan lontan te pi bon pase tan n ap viv yo?’ Paske, se pa sajès ki fè w poze kesyon sa a.” — Ekl. 7:10.

Evite konpare kongregasyon w ye kounye a ak kongregasyon w te ye anvan an. Pa egzanp, frè ak sè nan kongregasyon w ye kounye a ka pa twò renmen pale oswa yo ka pale plis pase jan w abitye. Ret konsantre sou bagay pozitif yo gen lakay yo, menm jan w ta renmen yo ret konsantre sou pa w yo. Gen kèk moun ki fèk vin nan yon kongregasyon ki sezi lè yo rann yo kont deplasman yo fè a pouse yo mande tèt yo: ‘Èske m vrèman renmen “tout frè nou yo”?’ — 1 Pyè 2:17.

“Kontinye mande, y ap ban nou.” — Lik 11:9.

Kontinye priye pou w jwenn èd. Men sa yon ansyen ki rele David fè konnen: “Pa jis eseye andire poukont ou. Gen anpil bagay se sèlman grasa èd Jewova n ap rive fè yo. Priye Jewova sou sa!” Rachel, sè nou te site pi wo a, dakò ak sa. Men sa l di: “Si mari m avè m santi nou yon ti jan dekonekte ak kongregasyon an, nou priye Jewova espesyalman sou sa, nou di l: ‘Tanpri, fè n konnen si n fè yon bagay ki fè l difisil pou lòt moun pwoche kote n.’ Apre sa, nou eseye pase plis tan ak frè ak sè yo.”

Nou menm paran, si pitit nou ap lite pou yo adapte yo, pran tan pou w priye sou sa ak yo. Ede yo fè nouvo zanmi lè w kreye okazyon pou w òganize yon ti anbyans ki ankourajan.

EDE NOUVO YO POU YO SANTI YO ALÈZ

Ki sa n ka fè pou n ede moun ki fèk vin nan kongregasyon nou an? Pou kòmanse, fè efò pou w vin yon bon zanmi pou yo. Pou w fè sa, eseye imajine ki sa w t ap renmen si w te fèk vin nan yon kongregasyon, epi, fè bagay sa yo (Mat. 7:12). Èske w ka envite moun ki fèk vini yo nan adorasyon w fè ak fanmi w oswa èske w ka envite yo vin gade pwogram Tele JW pou mwa a? Èske w ka envite yo al preche avè w? Si n manje yon ti manje ansanm, y ap toujou sonje jan w te akeyi yo. Ki lòt fason ankò ou ka ede moun ki fèk vini yo?

Men sa Carlos di: “Lè n te fèk vin nan kongregasyon nou ye a, gen yon sè ki te ban nou yon lis magazen ak boutik ki pa vann chè. Sa te ede n anpil.” Moun ki fèk vin nan yon zòn ki gen yon lòt klima ka pa konn ki jan pou yo abiye nan sezon chalè, sezon fredi oswa sezon lapli. Anplis de sa, ou ka ede yo vin pi efikas nan travay predikasyon an lè w rakonte yo istwa zòn nan oswa lè w esplike yo nan ki sa moun nan zòn nan kwè.

SA VO LAPÈN LÈ W FÈ EFÒ POU W ADAPTE W

Allen, nou te pale de li nan kòmansman atik la, gen plis pase ennan nan kongregasyon l te fèk vini an. Men sa l di: “Okòmansman, m te oblije fè efò ak tèt mwen pou m ka konnen frè ak sè yo. Men, kounye a, m santi yo plis pase yon fanmi pou mwen, e sa fè kè m kontan.” Allen te rann li kont li pa t pèdi okenn zanmi lè l te demenaje a. Olye de sa, li te vin gen nouvo zanmi ki ka toujou ret zanmi l.

^ § 2 Gen kèk non yo chanje.