Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Antanke kretyen, travay pou maryaj ou reyisi

Antanke kretyen, travay pou maryaj ou reyisi

“Nou chak dwe renmen madanm nou menm jan nou renmen tèt nou. Madanm nan [...] dwe gen yon gwo respè pou mari l.” — EFEZYEN 5:33.

KANTIK: 87, 3

1. An jeneral, byenke maryaj kòmanse ak kè kontan, ak ki sa moun ki marye yo dwe atann yo? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

LÈ LEMARYE A fèk wè bèl lamarye a jou maryaj yo, se pa ti kontan yo kontan! Lè yo te renmen, lanmou yo te gen youn pou lòt te vin tèlman fò, yo te vin anvi marye youn ak lòt e konsa yo te pwomèt pou youn ret fidèl ak lòt. Apre yo fin marye, lè yo kòmanse viv ansanm, y ap bezwen fè kèk chanjman pou yo ka kontinye viv nan tèt ansanm. Jewova, Sila a ki kreye maryaj la, vle pou chak moun ki marye viv ak kè kontan e pou maryaj yo reyisi. Se sa k fè li bay yon seri konsèy ki saj nan Labib, Pawòl li a (Pwovèb 18:22). Aktout sa, Bib la fè konnen moun enpafè ki marye yo ap gen pwoblèm oswa “tribilasyon nan lavi yo”. (1 Korentyen 7:28.) Ki sa moun marye yo ka fè pou yo gen mwens pwoblèm nan maryaj yo? E ki jan kretyen yo ka travay pou maryaj yo reyisi?

2. Ki kalite lanmou moun ki marye yo dwe demontre youn pou lòt?

2 Bib la montre lanmou se yon kalite ki enpòtan. Men, gen divès kalite lanmou moun ki marye yo bezwen demontre nan maryaj yo. Pa egzanp, yo bezwen gen afeksyon ki sot nan fon kè yo youn pou lòt ak lanmou mari ak madanm gen youn pou lòt. E si yo gen timoun, li vin pi enpòtan toujou pou tout moun nan fanmi an renmen youn lòt. Men, se lanmou ki baze sou prensip ki fè yon maryaj reyisi toutbon. Apot Pòl te pale sou kalite lanmou sa a lè l te di: “Nou chak dwe renmen madanm nou menm jan nou renmen tèt nou. Madanm nan, bò kote pa l, dwe gen yon gwo respè pou mari l.” — Efezyen 5:33.

BYEN EGZAMINE RESPONSABLITE MOUN KI MARYE YO GENYEN

3. Jis nan ki pwen lanmou dwe fò nan yon maryaj?

3 Men sa Pòl te ekri: “Nou menm mari, se pou nou kontinye renmen madanm nou, menm jan Kris te renmen kongregasyon an, e li te bay tèt li pou li.” (Efezyen 5:25). Jodi a, kretyen yo imite egzanp Jezi lè youn renmen lòt menm jan Jezi te renmen disip li yo. (Li Jan 13:34, 35; 15:12, 13.) Yon mari ak yon madanm ki kretyen dwe tèlman renmen youn lòt, yo dwe dispoze mouri youn pou lòt. Men, lè gen gwo pwoblèm nan yon maryaj, gen moun ki ka pa santi yo gen yon lanmou ki fò konsa. Ki sa k ka ede yo? Se lanmou ki baze sou prensip la, yon lanmou ki ‘sipòte tout bagay, ki kwè tout bagay, ki espere tout bagay, e ki andire tout bagay’. Kalite lanmou sa a “pa janm fayi”. (1 Korentyen 13:7, 8.) Yon gason ak yon fi ki marye youn ak lòt dwe sonje yo te fè yon ve. Yo te pwomèt y ap renmen youn lòt e y ap fidèl youn ak lòt. Lè kretyen ki marye yo sonje sa, sa ap pouse yo pou yo chèche èd Jewova e pou yo travay ansanm pou yo rezoud nenpòt pwoblèm yo rankontre.

4, 5. a) Ki responsablite yon mari genyen antanke chèf fanmi? b) Ki jan yon madanm dwe konsidere otorite? c) Ki chanjman de moun ki marye te bezwen fè?

4 Men sa Pòl te di pou l pale de responsablite chak moun gen nan maryaj la: “Se pou madanm yo soumèt devan mari yo, tankou yo soumèt devan Seyè a. Paske, yon mari se chèf madanm li, menm jan Kris se chèf kongregasyon an.” (Efezyen 5:22, 23). Sa pa vle di yon mari pi bon pase madanm li. Men sa Jewova te di konsènan wòl enpòtan madanm nan genyen: “Li pa bon pou gason an kontinye rete poukont li. Mwen pral fè yon moun pou ede l, pou sèvi l konpay.” (Jenèz 2:18). Yon madanm dwe ede mari l vin yon bon chèf fanmi. Epi, yon mari dwe imite egzanp Jezi ki te konn demontre lanmou antanke “chèf kongregasyon an”. Lè yon mari aji konsa, madanm li santi l an sekirite e l pi fasil pou l respekte mari l e pou l soutni l.

“Lefètke n fè tout bagay jan Jewova vle, sa fè n vin pi pwòch antanke mari ak madanm.”

5 Men sa Cathy, ki marye ak Fred, admèt: “Lè m te selibatè, mwen te endepandan e m te konn pran swen tèt mwen. Maryaj te yon gwo chanjman pou mwen paske m te vin aprann konte sou mari m. Sa pa toujou fasil, men lefètke nou fè tout bagay jan Jewova vle, sa fè n vin pi pwòch antanke mari ak madanm.” [1] (Gade nòt la.) Men sa Fred di: “Sa pa t janm fasil pou m pran desizyon. Lè de moun marye, sa vin pi difisil paske nou dwe panse pou de moun. Men, lè m chèche direksyon Jewova nan lapriyè e m vrèman koute sa madanm mwen ap di, sa vin pi fasil chak jou. Mwen santi nou se yon ekip toutbon!”

6. Ki jan lanmou se “yon chenn ki ini moun yon fason ki san fay” lè vin gen pwoblèm nan yon maryaj?

6 Yon maryaj kapab vin djanm si moun ki marye yo deside pou “youn kontinye sipòte lòt e [...] pou youn kontinye padone lòt ak tout kè” yo. Piske moun ki marye yo pa pafè, yo toule de ap fè erè. Lè sa rive, yo ka aprann nan erè yo fè, yo ka aprann padone epi montre lanmou ki baze sou prensip biblik la. Lanmou sa a se “yon chenn ki ini moun yon fason ki san fay”. (Kolosyen 3:13, 14.) Moun ki marye yo ka demontre kalite lanmou sa a lè yo gen pasyans ak jantiyès e lè yo pa “note bagay mal” youn fè lòt (1 Korentyen 13:4, 5.) Lè gen dezakò, moun marye yo dwe eseye rezoud pwoblèm yo kou sa posib, anvan jounen an fini (Efezyen 4:26, 27). Sa mande imilite ak kouraj pou yon moun di: “Mwen regrèt mwen fè w lapenn.” Men, lè moun marye yo fè sa, sa ede yo rezoud pwoblèm yo e sa fè yo vin pi pwòch youn ak lòt.

TANDRÈS ENPÒTAN ANPIL NAN MARYAJ

7, 8. a) Ki konsèy Bib la bay sou relasyon seksyèl nan maryaj? b) Poukisa moun ki marye yo bezwen demontre tandrès?

7 Bib la bay bonjan konsèy ki ka ede moun marye yo pou yo gen yon bon pwennvi sou sèks. (Li 1 Korentyen 7:3-5.) Li enpòtan anpil pou mari a ak madanm nan chèche konn santiman ak bezwen youn lòt. Si yon mari pa demontre tandrès pou madanm li, sa ka fè l difisil pou madanm nan pran plezi nan relasyon seksyèl yo genyen. Yon mari dwe aji ak madanm li “dapre konesans”. (1 Pyè 3:7.) Relasyon seksyèl pa dwe janm fèt nan fòse, men sa dwe vini natirèlman. Byen souvan, yon gason ka reyaji pi vit pase yon fi. Men, nan moman an, ni mari a ni madanm nan dwe santi yo prepare pou sa.

8 Bib la pa bay okenn règ sou fason yon mari ak madanm li dwe demontre afeksyon, ni li pa bay okenn limit nan domèn sa a. Men, li pale de afeksyon sa a (Chante Salomon an 1:2; 2:6). Kretyen ki marye yo dwe trete youn lòt avèk tandrès.

9. Poukisa l pa akseptab pou yon moun anvi gen relasyon seksyèl ak yon moun ki pa madanm li oswa mari l?

9 Lè n gen bonjan lanmou pou Bondye e pou pwochen nou, nou pap kite okenn moun oswa okenn bagay vin yon menas pou maryaj nou. Gen kèk moun ki fè gen gwo pwoblèm nan maryaj yo e ki menm kraze l paske yo vin esklav pònografi. Nou dwe reziste kont nenpòt anvi nou ta genyen pou n gade pònografi oswa lòt kalite bagay ki pa kòrèk ki gen rapò ak sèks. Nou menm bezwen evite fè nenpòt bagay ki ta ka bay enpresyon nou enterese nan yon moun ki pa madanm nou oswa mari nou, paske sa t ap montre nou pa gen lanmou. Nou bezwen sonje Bondye konn tout panse nou ak tout aksyon nou. Sa ap ede n vin pi anvi fè Bondye plezi e pou n ret fidèl ak moun nou marye avè l la. — Li Matye 5:27, 28; Ebre 4:13.

LÈ GEN PWOBLÈM NAN YON MARYAJ

10, 11. a) Jis nan ki pwen divòs gaye? b) Sa Bib la di sou separasyon? c) Ki sa k ap ede yon moun ki marye pou l pa kouri separe?

10 Gen kèk moun marye, lè yo pa jwenn solisyon pou gwo pwoblèm yo rankontre nan maryaj yo, ki konn deside separe oswa divòse. Nan kèk peyi, plis pase mwatye nan moun ki marye yo divòse. Se vre, pa tèlman gen tandans sa a nan kongregasyon kretyen an. Men, de jou an jou, vin gen plis kretyen ki marye ki gen gwo pwoblèm nan maryaj yo.

11 Men enstriksyon Bib la bay: “Yon madanm pa dwe separe ak mari l. Men, si li separe avè l, se pou l rete san l pa marye, oubyen se pou l rekonsilye ak mari l. E yon mari pa dwe kite madanm li.” (1 Korentyen 7:10, 11). Gen kèk moun marye ki ka panse pwoblèm yo genyen yo tèlman grav, yo dwe separe. Men, Jezi te montre jan separasyon se yon bagay ki serye lè l te repete prensip Bondye te bay okòmansman an konsènan maryaj, epi l te di: “Sa Bondye mete anba menm jouk, pinga lòm separe l.” (Matye 19:3-6; Jenèz 2:24). Se sa k fè Jewova vle pou mari ak madanm ret ansanm (1 Korentyen 7:39). Nou tout bezwen sonje nou gen kont pou n rann Jewova pou tout aksyon nou fè. Sa ka ede n rezoud pwoblèm yo byen vit anvan yo vin pi grav.

Kretyen ki marye yo rive jwenn solisyon pou pwoblèm yo paske yo kite Bondye gide yo.

12. Ki sa k ka fè yon moun ki marye panse separe?

12 Poukisa gen kèk moun marye ki jwenn gwo pwoblèm nan maryaj yo? Pou kèk moun, yo santi sa yo t ap atann de maryaj la se pa sa yo jwenn, sa fè yo regrèt oubyen yo fache. Byen souvan, vin gen pwoblèm akoz moun yo pa t leve menm jan e akoz yo pa reyaji menm jan. Genyen ki konn gen pwoblèm ak fanmi moun yo marye avè l la, oswa yo pa rive dakò sou fason pou yo depanse lajan, oubyen sou fason pou yo leve pitit yo. Men, nou kontan wè pifò kretyen ki marye yo rive jwenn solisyon pou pwoblèm yo paske yo kite Bondye gide yo.

13. Ki bonjan rezon ki genyen pou yon moun separe?

13 Ka gen bonjan rezon pou yon gason ak yon fi ki marye separe. Gen kèk sitiyasyon grav ki konn fè yon moun ki marye deside separe, tankou lè lòt moun nan refize pran swen fanmi an, lè l fè gwo vyolans fizik sou li e lè l met espirityalite kretyen an an danje. Lè moun ki marye yo jwenn gwo pwoblèm, yo ka mande ansyen yo nan kongregasyon an èd. Mesye sa yo gen anpil eksperyans, e yo kapab ede moun ki marye yo suiv konsèy Bondye bay nan lavi yo. Epi, lè moun marye yo mande Jewova èd lespri sen l, sa ka ede yo suiv prensip biblik yo, epi demontre kalite kretyen yo (Galat 5:22, 23). [2] — Gade nòt la.

14. Ki sa Bib la di kretyen ki gen mari yo oswa madanm yo ki pap adore Jewova?

14 Bib la montre gen bonjan rezon pou de moun ki marye kontinye viv ansanm menmsi youn ladan yo pap adore Jewova. (Li 1 Korentyen 7:12-14.) Konjwen ki pa kwayan an “vin sen” paske l marye ak yon moun k ap sèvi Bondye. Timoun piti yo genyen yo “sen” tou e yo anba pwoteksyon Bondye. Men ankourajman Pòl te bay kretyen ki marye yo: “Ou menm madanm, ki jan w fè konnen si w pap sove mari w? Oubyen, ou menm mari, ki jan w fè konnen si w pap sove madanm ou?” (1 Korentyen 7:16). Gen anpil ka kote mari ak madanm ki kretyen te ede moun yo marye avè l la vin sèvi Jewova.

15, 16. a) Ki konsèy Bib la bay kretyèn ki gen mari yo ki pap sèvi Bondye? b) Ki jan yon kretyen dwe reyaji “si moun ki pa kwayan an vle separe”?

15 Apot Pyè te konseye kretyèn ki marye yo pou yo soumèt devan mari yo. Men sa l te di: “Si gen ladan yo ki pa obeyi pawòl la, nou ka genyen yo san pawòl grasa konduit nou, paske yo temwen ak je yo nou gen yon konduit ki pwòp e nou gen yon gwo respè.” Olye pou yon madanm ap pale ak mari l sou kwayans li toutan, li t ap pi bon pou l ede mari l aksepte laverite lè l montre li gen yon “lespri ki dou e ki pezib, sa ki gen anpil valè nan je Bondye”. — 1 Pyè 3:1-4.

16 E si moun ki pa kwayan an deside separe? Men sa Bib la di: “Si moun ki pa kwayan an vle separe, li mèt separe. Nan ka sa a, frè a oswa sè a pa gen okenn obligasyon ankò. Bondye te rele nou pou nou viv anpè.” (1 Korentyen 7:15). Byenke separasyon an ka fè gen yon ti lapè, dapre Bib la, kretyen an pa lib pou l remarye. Men, li pa oblije eseye fè moun li marye avè l la ret ansanm avè l. Rive yon lè, moun ki pa kwayan an ka deside retounen, li ka vle vin viv ansanm ak moun li te marye a. Alavni, li ka menm vin sèvi Jewova.

KI SA NOU BAY PRIYORITE NAN MARYAJ NOU?

Lè n bay adorasyon Jewova a priyorite, n ap gen plis kè kontan nan maryaj nou. (Gade paragraf 17.)

17. Ki sa kretyen ki marye yo dwe bay priyorite?

17 Piske n ap viv nan fen “dènye jou yo”, ‘tan yo di e yo difisil pou nou sipòte’. (2 Timote 3:1-5.) Se sa k fè nou bezwen pwoteksyon Jewova lè n gen yon relasyon solid avè l. Men sa Pòl te ekri: “Tan ki rete a vin pi kout. Depi kounye a, se pou moun ki gen madanm fè tankou yo pa t genyen. [...] E se pou moun k ap sèvi ak monn nan tankou moun ki pap sèvi avè l nèt.” (1 Korentyen 7:29-31). Pòl pa t vle di moun ki marye yo dwe neglije mari yo oswa madanm yo. Men, piske n ap viv nan dènye jou yo, se adorasyon n ap bay Jewova a nou bezwen bay priyorite pito. — Matye 6:33.

18. Poukisa l posib pou kretyen ki marye yo gen kè kontan e pou yo reyisi maryaj yo?

18 Nan epòk difisil sa yo, nou wè anpil maryaj k ap kraze. Èske l posib pou n gen kè kontan e pou maryaj nou reyisi? Wi, si n ret pwòch ak Jewova ansanm ak pèp li a, nou aplike prensip ki nan Bib la e nou aksepte direksyon lespri sen Jewova bay. Lè n fè sa, nou onore “sa Bondye mete anba menm jouk”. — Mak 10:9.

^ [1] (paragraf 5) Yo chanje non moun yo.

^ [2] (paragraf 13) Gade apendis “Pwennvi Bib la sou divòs ak separasyon” nan liv “Rete nan lanmou Bondye” a.