Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Poukisa kesyon lave men an te enpòtan pou ènmi Jezi yo?

Kesyon lave men an se sèlman youn nan plizyè bagay ènmi Jezi yo te kritike Jezi ak disip li yo pou li. Lwa Bondye te bay Moyiz la esplike ki sa k te ka fè yon moun vin pa pwòp, tankou si moun nan gen yon ekoulman, lèp oubyen si l manyen kadav yon moun oswa yon bèt. Epitou, Lalwa te bay enstriksyon sou fason yon moun te ka vin pwòp ankò. Moun nan te ka bay yon sakrifis, lave rad li, oubyen yo te ka wouze l ak dlo. — Levitik, chapit 11-15; Nonb, chapit 19.

Anseyan juif yo, yo te konn rele rabi tou, te ajoute règ pa yo sou lwa sa yo. Gen yon liv referans ki fè konnen rabi yo te ajoute lòt règ oubyen yon seri règ ki te bay plis detay toujou sou sa ki ta ka fè yon moun vin pa pwòp e sou fason li ta ka lakòz lòt moun vin pa pwòp. Mete sou sa, rabi yo te fè yon seri règ konsènan ki veso ki ka vin pa pwòp e ki veso ki pa ka vin pa pwòp, e yo te envante yon seri tradisyon oswa seremoni moun te bezwen suiv pou yo ka vin pwòp ankò.

Men sa ènmi Jezi yo te mande l: “Poukisa disip ou yo pa suiv tradisyon moun nan tan lontan yo? Okontrè, yo manje ak men yo tou sal.” (Mak 7:5). Farizyen sa yo pa t ap pale de kesyon ijyèn, tankou lè yon moun lave men l anvan l manje. Yo te fè yon règ ki fè konnen anvan yon moun manje, yo dwe vide dlo sou men l, sa se youn nan seremoni yo te konn fè. Liv referans lan fè konnen rabi yo “te pale tou konsènan kalite veso yo te dwe itilize pou vide dlo a, kalite dlo yo te dwe itilize, moun ki dwe vide dlo a e ki pati nan men an ki dwe mouye”.

Ki reyaksyon Jezi te genyen devan tout lòt lwa mesye yo te envante yo? Men sa l te di chèf relijye juif yo: “Bann ipokrit! Pwofesi Ezayi te bay sou nou an byen tonbe, jan sa ekri a: ‘Pèp sa a se nan bouch li onore m, men kè l byen lwen m [Jewova]. Se pou granmesi yo kontinye ap adore m, paske doktrin y ap anseye yo se kòmandman lèzòm yo ye.’ Nou kite kòmandman Bondye bay, nou rete kole sou tradisyon lèzòm.” — Mak 7:6-8.