Lik 16​:​1-31

  • Egzanp entandan ki pa jis la (1-13)

    • ‘Moun ki fidèl nan bagay ki piti ap fidèl nan bagay ki gwo’ (10)

  • Lalwa ak Wayòm Bondye a (14-18)

  • Egzanp mesye ki rich la ak Laza (19-31)

16  Apre sa, li di disip li yo: “Te gen yon mesye ki te rich, e misye te gen yon entandan*. Yo akize entandan sa a kòmkwa l ap gaspiye byen mèt li.  Se sa k fè mesye a rele entandan an, li di l: ‘Sa m tande sou ou la a? Ban m yon rapò sou fason w jere bagay yo, paske ou pap ka kontinye jere kay la.’  Lè sa a, entandan an di tèt li: ‘Ki sa m ta dwe fè la a, piske mèt mwen pral retire responsablite a nan men m? Mwen pa gen fòs ase pou m al travay tè, epi mwen wont al mande charite.  Bon, mwen konn sa m ap fè pou lè yo mete m deyò nan travay la moun ka akeyi m lakay yo.’  Li rele chak moun ki te dwe mèt li yo. Li di premye a: ‘Konbyen w dwe mèt mwen?’  Li reponn li: ‘San kin* luil doliv.’ Li di l: ‘Pran kontra a, chita la, ekri 50. Fè vit.’  Apre sa, li di yon lòt: ‘E ou menm, konbyen w dwe?’ Li di: ‘San sak ble.’ Li di l: ‘Pran kontra a, mete 80.’  Èske nou wè sa? Byenke sa entandan an fè a pa jis, mèt la fè l konpliman, paske li aji avèk sajès*. Paske, moun nan sistèm sa a* gen plis sajès nan fason yo regle zafè yo ak moun k ap viv nan menm epòk avèk yo* pase moun ki nan limyè yo+.  “Epitou, m ap di nou sa: Sèvi ak richès nou posede nan monn enjis sa a+ pou nou fè zanmi, dekwa pou lè richès sa yo disparèt, zanmi sa yo ka resevwa nou kote ki la pou toutan yo+. 10  Moun ki fidèl nan bagay ki piti ap fidèl tou nan bagay ki gwo, e moun ki pa serye nan bagay ki piti pap serye tou nan bagay ki gwo. 11  Donk, si nou pa montre nou fidèl anrapò ak richès ki gen nan monn enjis sa a, kiyès k ap ban nou responsab vrè richès la? 12  E si nou pa montre nou fidèl nan sa ki pou yon lòt moun, kiyès k ap ban nou sa ki pou nou an+? 13  Pa gen yon sèvitè ki ka esklav de mèt. Paske, se swa li rayi youn e li renmen lòt la, oubyen li atache ak youn e li meprize lòt la. Nou pa kapab esklav Bondye ak Lajan anmenmtan+.” 14  Twouve, Farizyen yo, ki renmen lajan, t ap koute tout sa l t ap di yo, epi yo te kòmanse pase l nan rizib+. 15  Se sa k fè li di yo: “Nou se moun ki deklare tèt nou jis devan lèzòm+, men Bondye konnen kè nou+. Paske, bagay ki gen anpil valè nan je lèzòm yo se bagay ki repiyan nan je Bondye+. 16  “Lalwa ak pawòl pwofèt yo te ekri yo te la jiskaske Jan vini. Depi lè sa a, yo kòmanse fè moun konnen bon nouvèl Wayòm Bondye a, e tout kalite moun ap fè gwo efò pou yo antre ladan l+. 17  Anverite, li pi fasil pou syèl la ak tè a pase, pase pou yon ti moso nan yon lèt ki nan Lalwa pa ta akonpli+. 18  “Nenpòt moun ki divòse ak madanm li e k al marye ak yon lòt moun fè adiltè. E nenpòt moun ki marye ak yon fi ki divòse ak mari l, moun sa a fè adiltè+. 19  “Te gen yon mesye ki te rich ki te konn abiye ak rad wouj vyolèt ak len, e chak jou se plezi l li t ap pran an granpanpan. 20  Men, te gen yon pòv yo te rele Laza ki te chaje ak maleng sou kò l yo te konn vin met devan pòt mesye a. 21  Laza te anvi plen vant li ak manje ki t ap sot sou tab mesye rich la e ki t ap tonbe atè. Chen te menm konn vin niche maleng li yo. 22  Ebyen, sa k vin pase, pòv la vin mouri, e zanj yo pote l al mete bò kot Abraram*. “Epi, mesye rich la vin mouri tou, e yo antere l. 23  Pandan li nan Tonm nan* e li nan touman, li leve je l e li wè Abraram byen lwen ak Laza bò kote l*. 24  Lè sa a, li di: ‘Abraram, papa, gen pitye pou mwen, voye Laza tranpe pwent dwèt li nan dlo pou l ka rafrechi lang mwen, paske m ap soufri nan flanm dife sa a.’ 25  Men, Abraram di li: ‘Pitit mwen, sonje ou te jwenn tout bon bagay pa w yo deja lè w te vivan, tandiske Laza se move bagay li te jwenn. Kounye a, l ap jwenn konsolasyon isit la, men ou menm, w ap soufri. 26  Epitou, gen yon twou san fon ki separe nou. Konsa, menmsi yon moun ta vle sot bò isit la al jwenn nou, li pap kapab, ni moun pa ka sot kote nou ye a pou l vin bò isit la.’ 27  Lè sa a, mesye rich la di: ‘Ebyen, nan ka sa a, papa Abraram, m ap mande w pou w voye l lakay papa m, 28  paske mwen gen senk frè, dekwa pou l ka ba yo bonjan enfòmasyon. Konsa, yo pap vin nan touman sa a yo menm tou.’ 29  Men, Abraram di l: ‘Yo gen liv Moyiz yo ak pawòl pwofèt yo te ekri yo, se pou yo obeyi yo+.’ 30  Lè sa a, li di: ‘Non, papa Abraram, yo pap koute. Men, si se yon moun ki sot pami mò yo ki al kote yo, y ap repanti.’ 31  Men, Abraram di l: ‘Si yo pa koute sa ki nan liv Moyiz yo+ ak pawòl pwofèt yo te ekri yo, menmsi yon moun sot pami mò yo, yo pap kite l konvenk yo.’”

Nòt anba paj

Oswa: “yon moun k ap jere kay li”.
Lit.: “bat”. Yon bat egal 22 lit (5,81 gal). Gade Apendis B14.
Oswa: “li aji avèk entèlijans; li montre li prevwayan”.
Oswa: “nan tan sa a”. Gade Lis mo yo esplike yo.
Lit.: “k ap viv ak pwòp jenerasyon pa yo”.
Lit.: “mete nan sen Abraram”. Sa vle di nan yon pozisyon espesyal.
Oswa: “Adès”. Se tonm ki la pou moun ki mouri ale. Gade Lis mo yo esplike yo.
Lit.: “ak Laza nan sen l”. Sa vle di nan yon pozisyon espesyal.