Lik 15​:​1-32

  • Egzanp mouton ki pèdi a (1-7)

  • Egzanp pyès monnen ki pèdi a (8-10)

  • Egzanp pitit gason ki te pèdi a (11-32)

15  Twouve, tout pèseptè yo ansanm ak tout moun ki t ap pratike peche yo t ap pwoche kote l pou yo koute l+.  Poutèt sa, ni Farizyen yo, ni espè nan Lalwa yo te tonbe plenyen, yo t ap di: “Mesye sa a byen akeyi yon bann moun k ap pratike peche e l ap manje avèk yo.”  Lè sa a, li pran yon egzanp avèk yo, li di yo:  “Mesye, kiyès pami nou la a, si l gen 100 mouton, epi li pèdi youn ladan yo, ki pap kite 99 lòt yo dèyè nan dezè a pou l al chèche sa k pèdi a jiskaske li jwenn li+?  E lè l jwenn li, l ap mete l sou zepòl li e kè l ap kontan.  Lè l rive lakay li, l ap rele zanmi l ak vwazen l, l ap di yo: ‘Vin rejwi avè m, paske mwen jwenn mouton m nan ki te pèdi a+.’  M ap di nou sa: Menm jan an tou, ap gen plis kè kontan nan syèl la pou yon sèl moun k ap pratike peche ki repanti+ pase pou 99 moun ki jis ki pa bezwen repanti.  “Oswa ki fi, si l gen dis drak*, epi li pèdi youn ladan yo, ki pap limen yon lanp, e ki pap bale kay li pou l chèche drak la byen chèche jiskaske li jwenn li?  Lè l jwenn li, l ap rele zanmi l* ak vwazin li, l ap di yo: ‘Rejwi avè m, paske mwen jwenn drak* mwen te pèdi a.’ 10  Menm jan an tou, m ap di nou sa: Zanj Bondye yo kontan anpil lè yon moun k ap pratike peche repanti+.” 11  Apre sa, li di: “Gen yon mesye ki te gen de pitit gason. 12  Pi jèn nan di papa l konsa: ‘Papa, ban m pòsyon byen pa m.’ Vrèmanvre, papa a separe byen li te genyen yo ba yo. 13  Kèk jou apre, pi jèn nan ranmase tout afè l, li ale nan yon peyi byen lwen, epi l al banboche* kote l ale a, li gaspiye tout byen l. 14  Lè l fin depanse tout lajan l, gen yon gwo grangou ki frape peyi kote l te ye a. Kounye a, li vin nan nesesite. 15  Li menm al travay pou yon sitwayen nan peyi sa a, e misye voye l nan jaden l al gade kochon+. 16  Li te anvi plen vant li ak manje kochon yo te konn manje yo. Men, pèsonn pa t ba l anyen pou l manje. 17  “Lè li retounen nan bonsans li, li di tèt li: ‘Valè travayè papa m genyen ki dwe chaje manje pou yo manje, gade jan m ap mouri grangou isit la! 18  M ap leve, mwen pral jwenn papa m, m ap di l: “Papa, mwen peche ni kont Bondye* ni kont ou menm. 19  Mwen pa merite pou yo rele m pitit ou ankò. Konsidere m tankou youn nan travayè w yo.”’ 20  Vrèmanvre, li leve, li tounen al jwenn papa l. Pandan misye nan yon bèl distans, papa a wè l, kè l fè l mal pou li, li kouri, li ba l yon akolad* e li bo l avèk tandrès. 21  Epi, tigason an di papa l: ‘Papa, mwen peche ni kont Bondye ni kont ou menm+. Mwen pa merite pou yo rele m pitit ou ankò.’ 22  Men, papa a di esklav li yo: ‘Fè vit! Pran yon wòb long, sa ki pi bèl la, mete l sou li. Met yon bag nan dwèt li e met sandal nan pye l. 23  Epi, vin ak jenn towo bèf nou t ap angrese a, touye l, epi annou manje, annou fete. 24  Paske, pitit gason m nan te mouri, li retounen ap viv ankò+. Li te pèdi, nou jwenn li.’ Epi, yo kòmanse fete. 25  “Twouve, pi gran pitit gason an te nan jaden. Etan l ap retounen, lè l rive pre kay la, li tande yon bri mizik ak dans. 26  Lè sa a, li rele youn nan sèvitè yo, epi li mande l sa k genyen. 27  Sèvitè a di li: ‘Frè w la tounen, e papa w touye jenn towo bèf nou t ap angrese a, paske li retounen vin jwenn li an sante.’ 28  Sa w tande a, misye move, li pa vle antre nan kay la. Lè sa a, papa l soti e li kòmanse sipliye l pou l antre. 29  Li reponn papa a: ‘Gade! M ap travay pou ou tankou esklav pandan tout ane sa yo e mwen pa janm dezobeyi lòd ou yon fwa, epoutan, ou pa janm ban m yon ti kabrit pou m pran plezi m ak zanmi m yo. 30  Men, pitit ou a annik vini, li menm ki fin gaspiye byen w yo nan pwostitye, ou touye jenn towo bèf ki byen gra a pou li.’ 31  Lè sa a, papa a di l: ‘Pitit gason m, ou te toujou la ansanm avè m, e tout sa m genyen se pou ou. 32  Men, nou dwe fete, nou dwe rejwi, paske frè w la te mouri, li retounen ap viv, li te pèdi, nou jwenn li.’”

Nòt anba paj

Oswa: “rele medam ki zanmi l”.
Oswa: “l al gaspiye lavi l; l al lage kò l nan plezi”.
Lit.: “ni kont syèl la”.
Lit.: “li tonbe nan kou l”.