Al gade sa k anndan l

Ki lè lafendimonn ap fèt?

Ki lè lafendimonn ap fèt?

Repons Bib la bay

 Pou nou konnen ki lè lafendimonn ap rive, nou bezwen konprann ki jan Bib la sèvi ak ekspresyon “monn” nan. Mo grèk lè yo tradui l yo mete “monn” pou li a se kòsmòs. Byen souvan, mo sa a gen rapò ak limanite, sitou moun ki pa ap viv ann amoni ak volonte Bondye yo (Jan 15:18, 19; 2 Pyè 2:5). Pafwa, mo kòsmòs la vle di sosyete lèzòm nan. — 1 Korentyen 7:31; 1 Jan 2:15, 16 a.

Ki sa “lafendimonn” ye?

 Mo “lafendimonn” nan parèt nan anpil tradiksyon Labib, men yon lòt fason nou kapab di l se “fen sistèm nan” oswa “lè tan sa a va fini nèt”. (Matye 24:3; Bib la.) Li fè referans avèk lafen sosyete lèzòm nan, men se pa destriksyon tè a oswa tout moun sou tè a. — 1 Jan 2:17.

 Labib anseye “moun k ap fè mechanste yo ap disparèt” pou bon moun yo kapab viv ak kè kontan sou tè a (Sòm 37:9-11). Destriksyon sa a ap fèt pandan “gwo tribilasyon” an k ap rive nan dènye bout li avèk lagè Amagedon. — Matye 24:21, 22; Revelasyon 16:14, 16.

Ki lè lafendimonn ap fèt?

 Jezi te di: “Kanta pou jou sa a ak lè sa a, pèsonn pa konnen yo, ni zanj ki nan syèl la, ni Pitit la, men se sèl Papa a ki konnen yo.” (Matye 24:36, 42). Li te ajoute lafen an t ap parèt sanzatann, “nan yon lè nou pa panse”. — Matye 24:44.

 Menmsi nou pa konnen egzakteman ki jou ak ki lè lafen an ap vini, Jezi te bay yon “siy” ki gen plizyè pati ladan l oubyen evènman ki t ap fè wè lè n rive nan tan ki mennen nan lafendimonn nan (Matye 24:3, 7-14). Bib la rele epòk sa a “tan lafen an”, “fen tan yo” ak “dènye jou yo”. — Dànyèl 12:4; God’s Word Bible; 2 Timote 3:1- 5.

Èske gen bagay k ap rete apre lafendimonn?

 Wi. Tè a pral toujou la, paske Bib la di: “Tè a pap janm deplase kite kote l ye a pou tout tan gen tan.” (Sòm 104:5). Epi tè a pral ranpli ak moun jan Bib la pwomèt sa: “Moun ki jis yo gen pou yo posede tè a, e yo gen pou yo viv sou li pou toutan.” (Sòm 37:29). Bondye pral fè bagay yo vin jan l te vle pou yo ye sou tè a depi okòmansman an:

a Nan kèk Bib, pou yo tradui mo grèk ayòn nan yo mete “monn”. Lè yo tradui l konsa, li gen yon siyifikasyon ki sanble ak definisyon kòsmòs la, sa vle di sosyete lèzòm nan.