Kreyòl ayisyen
Ki sa Gran Babilòn nan ye?
https://cms-imgp.jw-cdn.org/img/p/502015210/univ/art/502015210_univ_sqr_xl.jpg
ijwbq atik 94

Ki sa Gran Babilòn nan ye?

Ki sa Gran Babilòn nan ye?

Repons Bib la bay

 Liv Revelasyon an pale de Gran Babilòn nan antanke yon “gwo pwostitye” ki gen yon non ki se yon “mistè”: ‘Gran Babilòn nan’. (Revelasyon 17:1, 3, 5.) Fi sa a reprezante tout fo relijyon yo ansanm, yo menm ki “boukante laverite sou Bondye pou manti”. a (Women 1:25.) Byenke relijyon sa yo diferan nan anpil domèn, yon fason oubyen yon lòt, yo tout fè moun vire do bay adorasyon vrè Dye a, Jewova. — Detewonòm 4:35.

Fason pou n idantifye Gran Babilòn nan

  1.   Gran Babilòn nan se yon senbòl. Liv Revelasyon an sèvi ak “senbòl”, donk, li nòmal pou nou konprann Gran Babilòn nan se yon senbòl, se pa yon fi nan sans literal (Revelasyon 1:1). Mete sou sa, li “chita sou anpil dlo”, sa ki reprezante “pèp, foul moun, nasyon ak moun divès kalite lang”. (Revelasyon 17:1, 15.) Yon fi nan sans literal pa t ap ka fè sa.

  2.   Gran Babilòn nan reprezante yon òganizasyon entènasyonal. Yo rele l “gwo vil k ap domine sou wa latè yo”. (Revelasyon 17:18.) Konsa, li gen enfliyans sou tout tè a.

  3.   Gran Babilòn nan se yon òganizasyon relijye, se pa yon òganizasyon politik oswa komèsyal. Babilòn nan tan lontan an se te yon vil ki te enterese nan relijyon anpil, e moun yo te gen repitasyon moun ki fè “wanga” ak “maji”. (Ezayi 47:1, 12, 13; Jeremi 50:1, 2, 38.) Anfèt, moun ki te abite nan vil sa a te konn pratike fo relijyon, sa te fè yo opoze ak Jewova (Jenèz 10:8, 9; 11:2-4, 8). Moun ki t ap dirije Babilòn yo te awogan e yo te mete tèt yo pi wo pase Jewova ak adorasyon l lan (Ezayi 14:4, 13, 14; Dànyèl 5:2-4, 23). Menm jan an tou, Gran Babilòn nan gen repitasyon yon òganizasyon k ap pratike bagay “ki gen rapò ak movèzespri”. Sa montre li se yon òganizasyon relijye. — Revelasyon 18:23.

     Gran Babilòn nan pa kapab yon òganizasyon politik paske “wa latè yo” pral nan lapenn lè l detwi (Revelasyon 17:1, 2; 18:9). Nitou li pa yon òganizasyon komèsyal paske Bib la fè diferans ant li menm ak “komèsan sou tè a”. — Revelasyon 18:11, 15.

  4. Foto yo se yon koutwazi British Museum

    Moniman wa Babilòn ki te rele Nabonid la ak senbòl twa dye yo, Sin, Ichta ak Chamach.

  5.   Gran Babilòn nan se yon senbòl ki apwopriye pou deziyen fo relijyon an. Olye fo relijyon an anseye moun yo pou yo vin pi pwòch ak Jewova, vrè Dye a, li pito trennen yo al adore lòt dye. Bib la di sa l fè a se aji li “aji tankou pwostitye nan adorasyon” l ap bay la (Levitik 20:6, nòt; Egzòd 34:15, 16). Anpil fo relijyon kontinye anseye kwayans ki soti nan Babilòn tan lontan an tankou trinite, nanm ki pa ka mouri ak itilizasyon estati nan adorasyon. Epitou, relijyon sa yo melanje adorasyon y ap bay ak lanmou pou monn nan. Lefètke yo aji konsa, yo montre yo pa fidèl e Labib konsidere sa tankou adiltè nan domèn espirityèl. — Jak 4:4.

     Richès fo relijyon an genyen ak egzibisyon l fè ak mwayen l genyen byen mache ak jan Bib la pale de Gran Babilòn nan, ki “abiye ak yon rad wouj vyolèt e ak yon rad wouj vif” sou li, li “gen lò, pyè ki gen anpil valè ak pèl sou li”. (Revelasyon 17:4.) Se nan Gran Babilòn nan “bagay repiyan k ap fèt sou tè a” soti, sa gen ladan l ansèyman ak aksyon ki dezonore Bondye (Revelasyon 17:5). Moun ki fè pati fo relijyon an se “pèp, foul moun, nasyon ak moun divès kalite lang” k ap soutni Gran Babilòn nan. — Revelasyon 17:15.

 Gran Babilòn nan responsab “san tout moun yo touye sou tè a”. (Revelasyon 18:24.) Pandan tout listwa lèzòm, nonsèlman fo relijyon an manniganse lagè ak ankouraje aksyon teworis, men tou yo pa anseye moun yo laverite sou Jewova, Bondye lanmou an (1 Jan 4:8). Lefètke yo pa fè sa, sa lakòz anpil san koule.

Ki jan Bondye konsidere Gran Babilòn nan?

 Nan je Bondye, “peche [Gran Babilòn nan] monte pil sou pil rive jis nan syèl la”. (Revelasyon 18:4, 5.) Bondye an kòlè kont fo relijyon yo poutèt yo mal reprezante l e poutèt yo maltrete moun ki ladan l yo.

Ki sa k pral rive Gran Babilòn nan?

 Bib la di “Bondye pini” Gran Babilòn nan (Revelasyon 18:20). Pa mwayen yon langaj senbolik, Bib la anonse Bondye pral elimine tout fo relijyon yo (Revelasyon 18:8). Li pral pouse yon bèt koulè wouj vif, ki reprezante yon òganizasyon politik ki gen anpil pouvwa, pou l vire kont fo relijyon an e pou l detwi l nèt (Revelasyon 17:16, 17). “Se konsa, yon sèl kou, y ap voye Babilòn, gwo vil la, jete, e yo pap janm jwenn li ankò.” ​(Revelasyon 18:21). Se avèk rezon moun ki vle fè Bondye plezi yo dwe “soti nan mitan yo”, lè yo kite fo relijyon an. — 2 Korentyen 6:14-17