Al gade sa k anndan l

Ki sa Bib la di sou bay?

Ki sa Bib la di sou bay?

Repons Bib la bay

 Bib la ankouraje moun pou yo bay san se pa fòse yo fòse yo e pou yo fè sa avèk bon mobil. Li montre se toude moun yo ki kontan, ni moun k ap bay la ni moun k ap resevwa a (Pwovèb 11:25; Lik 6:38). Jezi te di: “Yon moun pi kontan lè l bay pase lè l resevwa.” — Travay 20:35.

 Ki lè Bondye kontan lè nou bay?

 Bondye kontan lè nou bay san se pa fòse yo fòse nou. Bib la di: “Se pou chak moun fè jan l te deside nan kè l la, san l pa regrèt, san yo pa fòse l, paske Bondye renmen moun ki bay ak kè kontan.” — 2 Korentyen 9:7.

 Relijyon Bondye apwouve a mande pou nou bay ak tout kè nou (Jak 1:27, nòt). Lè yon moun pa chich pou l ede moun ki nan bezwen, se travay l ap travay men nan men ak Bondye e Bondye konsidere li gen yon dèt pou moun sa a (Pwovèb 19:17). Bib la fè konnen se Bondye k ap rekonpanse moun ki bay la. — Lik 14:12-14.

 Ki lè sa pa fè Bondye plezi?

 Si moun k ap bay la ap chèche enterè pa l. Pa egzanp:

 Si yo sèvi ak kado sa a pou fè yon seri bagay Bondye kondane. Pa egzanp, li pa t ap bon pou n bay yon moun lajan pou l jwe aza oubyen pou l pran dwòg oswa pou l mal sèvi ak alkòl (1 Korentyen 6:9, 10; 2 Korentyen 7:1). Menm jan an tou, li pa bon pou nou bay yon moun ki kapab pran swen tèt li men ki pa vle fè sa. — 2 Tesalonisyen 3:10.

 Si w ap bay lòt moun epi w pa jwenn ase pou w pran swen fanmi w. Bib la fè konnen chèf fanmi yo dwe pran swen moun lakay yo (1 Timote 5:8). Li pa t ap bon pou yon chèf fanmi ap plede bay lòt moun alòske fanmi l ap soufri. Menm jan an tou, Jezi te kondane moun ki te fè paran yo ki granmoun konnen yo pa ka pran swen yo paske tout sa yo te genyen “se yon kado ki vwe bay Bondye”. — Mak 7:9-13.