Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Lè w bay, ou jwenn byenfè

Lè w bay, ou jwenn byenfè

“BIS la mèt ale, men Chinwa a ap rete!” Se sa yon sè ki rele Alexandra te tande yon moun di pandan l te chita nan yon bis ki t apral travèse yon fwontyè ki ant de peyi Amerik disid. Li desann bis la pou l al gade ki sa k t ap pase, e se konsa li te wè yon jèn gason chinwa ki pa t menm ka pale espayòl byen ki t ap eseye esplike yon gad fwontyè yon pwoblèm li te genyen. Etandone Alexandra nan yon kongregasyon Temwen Jewova yo ki pale chinwa, li te ofri pou l tradui pou jèn gason an.

Jenòm nan di li gen rezidans peyi a, men yo vòlè tout dokiman ak lajan l te genyen. Okòmansman, ofisye a pa t vle kwè l, li te menm pran Alexandra pou yon moun ki pran lòt moun pou l vann yo kòm machandiz. Finalman, li te resi aksepte sa jenòm nan t ap di l la, men li te mande malere a pou l peye amann poutèt li pa t gen dokiman legal yo. Piske jenòm nan pa t gen lajan, Alexandra te prete l 20 dola. Jenòm nan pa t gen bouch pou l remèsye Alexandra. Li te di l l ap remèt li plis pase 20 dola a. Alexandra te di l se pa pou sa li te ede l, li te jis kontan fè sa paske li te santi se sa ki te nòmal pou l fè. Li te bay jènòm nan kèk piblikasyon ki baze sou Bib la e li te ankouraje l etidye Labib ak Temwen yo.

Sa vrèman ankourajan lè n tande gen moun ki renmen ede etranje, e pa gen dout, divès kalite moun renmen fè sa, kèlkeswa relijyon yo, e menm moun ki pa fè pati yon relijyon renmen fè sa. Èske ou menm ou t ap aksepte fè tout sa pou w ede yon moun? Kesyon sa a enteresan paske, men sa Jezi te di: “Yon moun pi kontan lè l bay pase lè l resevwa.” (Travay 20:35). E sa enteresan tou pou n konnen dapre rechèch syantifik yo fè, yo jwenn sa bon pou yon moun lè l renmen bay. Ann wè ki jan yo montre sa.

“MOUN KI BAY AK KÈ KONTAN”

Eksperyans pwouve moun ki renmen bay toujou gen kè kontan. Men sa apot Pòl fè konnen: “Bondye renmen moun ki bay ak kè kontan.” Li t ap fè referans ak kretyen ki te konn fè anpil ofrann pou ede lòt moun ki te kwayan yo tou (2 Korentyen 8:4; 9:7). Pòl pa t di se kè yo ki te kontan ki fè yo te bay. Men pito, kè yo te kontan paske yo te anmezi pou yo bay.

Vrèmanvre, selon sa yon etid fè konnen, lè yon moun bay, “sa aktive pati nan sèvo a ki pouse moun gen kè kontan, gen kontak ak lòt moun, fè lòt moun konfyans, epi sa vin fè moun nan santi l byen”. Gen yon lòt etid ki pwouve “lè yon moun bay lòt moun lajan, kè l pi kontan pase si se pou tèt li li te depanse l”.

Èske sa te deja rive w santi sitiyasyon w pa pèmèt ou fè tout sa w ta renmen fè? Alaverite, tout moun gen posiblite “bay ak kè kontan”. Lè se kè yon moun ki pouse l bay, sa l ap bay la pa bezwen anpil. Gen yon Temwen Jewova ki te voye mesaj ki vin annapre a bay moun ki pibliye peryodik sa a. Li te voye l ansanm ak yon kontribisyon li te vle fè. Men sa l te ekri nan mesaj la: “Pandan tout ane sa yo, se yon ti kòb sèlman m te anmezi bay nan Sal Wayòm nan.” Men, li te ajoute: “Jewova Dye reban m pi plis lontan pase sa m bay yo. [...] Mèsi dèske nou ban m posiblite fè kado sa a, sa fè m santi m byen.”

Natirèlman, se pa lajan sèlman yon moun kapab bay. Gen anpil lòt fason ankò yon moun ka fè sa.

LÈ YON MOUN BAY, SA GEN BON EFÈ SOU SANTE L

Lè w renmen bay, sa bon ni pou ou ni pou lòt moun.

Men sa Labib fè konnen: “Lè yon moun bon moun, se tèt li l fè byen, men, moun ki mechan an rale malè sou tèt li.” (Pwovèb 11:17). Bon moun yo renmen bay, yo dispoze bay tout sa yo kapab, pa egzanp, tan yo ak fòs yo, yo dispoze bay lòt moun swen, elatriye. Lefètke yo konsa, sa pwofitab pou yo nan plizyè sans. E youn nan pi gwo byenfè yo jwenn se bon efè sa gen sou sante yo.

Gen plizyè rechèch ki montre moun ki pote yo volontè pou ede lòt moun gen mwens doulè, yo soufri mwens e yo pa fasil fè depresyon. An jeneral, yo plis an sante. Yo remake sante kèk moun ki soufri maladi ki pa gen tretman, tankou sklewoz an plak (yon maladi ki atake yon pati nan sèvo moun nan ak mis li yo e ki paralize yo) ak sida, amelyore senpleman paske yo renmen bay. E yo menm montre moun k ap goumen pou yo kite bwè twòp alkòl, men ki gen abitid ede lòt moun, gen mwens chans lontan pou yo fè depresyon e sa menm ede yo pou yo pa tonbe nan abitid sa a ankò.

Pou yo esplike rezon ki fè sa rive, yo fè konnen santiman tankou “konpasyon, jantiyès ak bonte fè moun gen mwens chans pou yo negatif”. Lè yon moun bay, sa ka fè l gen mwens strès ak mwens pwoblèm tansyon. E moun mari yo oswa madanm yo mouri venk pwoblèm depresyon yo pi vit lè yo ede lòt moun.

Pa gen dout nan sa, lè yon moun bay, sa bon pou li.

LÈ NOU BAY, SA FÈ LÒT MOUN BAY

Men ki ankourajman Jezi te bay disip li yo: “Pran abitid bay, e moun ap ban nou. Y ap byen plen mezi a vide nan rad nou, y ap foule l, y ap sekwe l, e l ap ranvèse. Paske, se ak mezi nou mezire a y ap mezire pou nou tou.” (Lik 6:38). Lè nou bay, moun nou bay yo gen plis chans pou yo montre yo rekonesan e sa ankouraje yo bay. Kidonk, lè moun renmen bay, sa fè gen kolaborasyon ak amitye.

Lè moun renmen bay, sa fè gen kolaborasyon ak amitye.

Gen moun ki etidye relasyon moun gen ak lòt moun ki remake, apre rechèch yo fè, “lè moun toujou ap bay, sa pouse lòt moun fè menm jan an tou”. Anfèt, “lè yon moun annik li bèl jès lòt moun fè, sa ankouraje l pataje plis”. Kidonk, selon sa yon etid montre, “nan yon gwoup moun, chak moun kapab enfliyanse plizyè douzèn moun e menm plizyè santèn moun, kèk nan moun sa yo gendwa se moun li pa t ni konnen ni janm rankontre”. Sa vle di, yon sèl jès yon moun fè anvè yon lòt moun ka kòmanse gen efè sou tout moun nan yon kominote, youn apre lòt. Èske w pa ta renmen viv yon kote konsa? Vrèmanvre, si plis moun pran abitid bay, sa ap pote anpil byenfè.

Gen yon bèl eksperyans ki montre sa ki te pase an Florid, Ozetazini. Gen yon gwoup Temwen Jewova ki te pote yo volontè pou yo ede kèk moun ki te viktim apre yon gwo siklòn te fin pase. Pandan yo t ap ret tann zouti pou yo kòmanse ak reparasyon yo, yo te remake gen yon kloti youn nan vwazen yo ki te andomaje, e yo te ofri mèt kay la pou yo ranje l pou li. Men sa vwazen sa a te ekri syèj mondyal Temwen Jewova yo yon ti tan annapre: “M pa gendwa janm bliye sa. Mwen twouve moun sa yo pami moun ki pi janti m te ka rankontre.” Li te tèlman rekonesan, sa te pouse l bay yon bèl kontribisyon pou yo te ka itilize nan sa li te rele bèl travay Temwen yo.

ANNOU IMITE MOUN KI PLIS BAY LA

Gen yon bèl rechèch syantifik yo fè ki montre “ta sanble lèzòm gen yon tandans ki natirèl lakay yo pou yo ede lòt moun”. Menm rechèch sa a fè konnen tou timoun “renmen bay anvan menm yo kòmanse pale”. Ki sa k esplike sa? Bib la ban nou repons lan. Li fè n konnen Bondye te kreye lèzòm “pòtre ak li”, sa vle di lèzòm fèt ak kalite Bondye genyen yo. — Jenèz 1:27.

Renmen bay se youn nan bèl kalite Kreyatè nou an, Jewova Dye, gen lakay li. Li ban nou lavi ak tout sa nou bezwen pou fè kè n kontan (Travay 14:17; 17:26-28). Nou kapab aprann konnen Papa nou ki nan syèl la ansanm ak bèl objektif li genyen pou nou, lè nou etidye Labib, Pawòl li a. Mete sou sa, liv sa a montre nou dispozisyon Bondye pran pou nou ka viv ak kè kontan alavni (1 Jan 4:9, 10) *. Etandone Jewova Dye se Moun ki plis renmen bay e nou fèt pòtre ak li, nou pa ta dwe sezi dèske lè nou renmen bay, menm jan ak Bondye, sa bon pou nou e sa fè nou jwenn favè l. — Ebre 13:16.

Èske w sonje Alexandra nou te pale de li nan kòmansman atik la? Ki jan istwa l la te fini? Te gen yon moun ki t ap vwayaje nan bis la ansanm avè l ki te di l li pèdi kòb li a. Sepandan, jenòm li te ede a te kontakte kèk zanmi l ki te nan vil kote bis la te kanpe a e li te remèt Alexandra 20 dola li te prete l la byen rapid. Mete sou sa, mesye a te fè sa Alexandra te ankouraje l fè a. Li te kòmanse etidye Labib. Se pa ti kontan Alexandra te kontan wè l ankò nan yon asanble Temwen Jewova yo t ap fè nan lang chinwa nan peyi Pewou! Pou l te remèsye Alexandra pou tout sa l te fè pou li yo, li te envite ni Alexandra ni tout moun ki te avèk Alexandra yo manje nan restoran l lan.

Vrèmanvre, lè moun bay e lè yo ede lòt moun, sa bay anpil kè kontan. Sa menm bay plis kè kontan toujou, si pandan n ap fè sa nou tou ede yo vin pi byen konnen Moun ki bay tout bèl kado a, anpalan de Jewova Dye (Jak 1:17)! Èske w ap jwenn byenfè sa pote lè moun bay nan sans sa a?

^ § 21 Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade liv Ki sa Labib kapab anseye nou? an. Se Temwen Jewova ki pibliye l. Li sou sit Entènèt www.jw.org/ht a. Gade anba ribrik PIBLIKASYON > LIV & BWOCHI.