Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jezi te al wè bèlmè Pyè e li te geri l. — Matye 8:14, 15; Mak 1:29-31.

Èske kèk kretyen oblije rete san yo pa marye?

Èske kèk kretyen oblije rete san yo pa marye?

TOUPATOU nan monn nan, gen relijyon tankou Legliz katolik women, divès kalite legliz òtodòks, Boudis ak lòt relijyon ankò ki mande chèf relijye yo ak moun ki alatèt yo pou yo rete selibatè, sa vle di san yo pa marye. Yon lòt bò, anpil moun santi se bagay sa a ki lakòz chèf ki alatèt nan anpil relijyon ap fè anpil move zak nan domèn seksyèl jodi a.

Se sa k fè, li rezonab pou n poze kesyon sa a: Èske Labib mande pou kèk kretyen rete san yo pa marye? Pou n reponn kesyon sa a, annou egzamine ki kote bagay sa a soti, ki jan l te vin gaye e ki sa Bondye panse sou sa.

LÈ SA TE KÒMANSE NAN KÈK RELIJYON

Men ki jan yon ansiklopedi (Encyclopædia Britannica) defini seliba: “Se rete san marye, sa vle di pa gen okenn relasyon seksyèl, an jeneral, sa konsène moun ki responsab nan yon relijyon oswa yon fidèl.” An 2006, nan yon dokiman yo te bay Konsil prèt Wòm nan, Pap Benwa XVI te fè konnen kesyon rete selibatè a se “yon tradisyon ki la depi nan epòk ki te vini tousuit apre epòk Apot yo”.

Men, kretyen ki t ap viv nan premye syèk la pa t gen okenn tradisyon nan relijyon yo a ki te mande yo rete san yo pa marye. Anfèt, apot Pòl, ki te viv nan premye syèk la, te avèti kwayan yo konsènan yon seri mesye ki t ap di yon seri “pawòl blòf ki sanble soti nan Bondye” e ki t ap “entèdi moun marye”. — 1 Timote 4:1-3.

Pandan dezyèm syèk la, zafè rete selibatè a te kòmanse antre nan legliz swadizan kretyen Oksidan yo. Selon liv ki rele Seliba ak tradisyon nan relijyon yo (anglè), sa te “makònen ak yon pakèt restriksyon yo te mete sou kesyon seksyèl nan Anpi women an”.

Nan syèk ki te vin apre yo, konsil oswa reyinyon ofisyèl legliz yo ak swadizan moun yo te konsidere kòm Pè Legliz yo te ankouraje pou prèt yo rete selibatè. Yo te panse relasyon seksyèl se yon bagay ki sal e ki pa mache ak responsablite prèt yo. Malgre sa, ansiklopedi a fè konnen “rive jis nan 10yèm syèk la, gen anpil prèt e menm kèk evèk ki te gen madanm”.

Se nan konsil Latran an ki te fèt an 1123 ak 1139, nan vil Wòm, yo te egzije prèt yo rete selibatè, e jis jounen jodi a, se pozisyon sa a, Legliz katolik women an kenbe. Desizyon sa a te pèmèt legliz la pa pèdi pouvwa ak lajan yo te ka pèdi lè prèt ki te marye yo te kite byen legliz yo ak lajan yo kòm eritaj pou pitit yo.

SA BONDYE PANSE SOU SELIBA

Sa Bondye panse sou seliba parèt klè nan Pawòl li a, Labib. Nan Bib la, nou jwenn pawòl Jezi te di konsènan moun ki rete selibatè menm jan ak li “poutèt Wayòm syèl la”. (Matye 19:12.) Nan menm sans lan, apot Pòl te pale konsènan kretyen ki te chwazi suiv egzanp li lè yo rete san yo pa marye “pou bon nouvèl la”. — 1 Korentyen 7:37, 38; 9:23.

Men, se pa t lòd Jezi ak Pòl t ap bay sèvitè Bondye yo pou yo rete selibatè. Jezi te fè konnen seliba se yon “don”, e se pa tout disip li yo ki te genyen l. Lè Pòl te ekri konsènan “moun ki pa janm marye yo”, li te di byen klè: “Seyè a pa ban m lòd pou yo, men m ap bay opinyon pa m.” — Matye 19:11; 1 Korentyen 7:25, nòt.

Mete sou sa, Bib la montre anpil kretyen nan premye syèk la, sa gen ladan l apot Pyè, te marye (Matye 8:14; Mak 1:29-31; 1 Korentyen 9:5). Anfèt, piske nan epòk la te gen anpil imoralite seksyèl nan monn nan ki te anba dominasyon Women yo, Pòl te ekri si yon siveyan kretyen marye, li dwe “gen yon sèl madanm” e li dwe “kenbe pitit li nan soumisyon”. — 1 Timote 3:2, 4.

Maryaj sa yo se pa t maryaj kote moun yo te deside marye, men yo pa t gen relasyon seksyèl. Paske Bib la di byen klè “se pou mari a bay madanm li sa l dwe l la”, e li di moun marye yo “pinga youn refize lòt” relasyon seksyèl (1 Korentyen 7:3-5). Sa klè, Bondye pa mande kretyen yo rete san yo pa marye, ni li pa egzije yo fè sa.

POU BON NOUVÈL LA

Si rete selibatè pa yon obligasyon, poukisa Jezi ak Pòl te pale an byen de seliba? Paske seliba ka pèmèt yon moun gen plis opòtinite pou l pataje bon nouvèl la ak lòt moun. Moun ki selibatè yo ka fè plis nan travay sa a, paske yo pa gen tètchaje moun marye yo genyen. — 1 Korentyen 7:32-35.

Ann pran egzanp David. Li te deside kite yon travay ki peye byen nan vil Meksiko pou l al viv nan yon zòn andeyò nan Kostarika pou l ede moun aprann konn Bib la. Etandone David pa t marye, èske l te santi l pi fasil pou li pou l fè sa? Men sa l di: “Se sèten. Li pa t fasil ditou pou m adapte m ak yon nouvo kilti e pou m viv nan kondisyon ki diferan, men kòm se tèt mwen sèlman m te gen pou m pran swen, sa te fè l pi fasil pou m adapte m.”

Claudia se yon kretyèn selibatè ki t al sèvi kote yo bezwen plis pwoklamatè. Men sa l di: “Mwen pran plezi nan sèvis m ap bay Bondye a. M gen plis lafwa e relasyon m ak Bondye vin pi solid lè m wè jan l pran swen m.”

“Kit ou marye, kit ou selibatè, se pa sa k pi enpòtan. W ap gen kè kontan si w bay Jewova sa w genyen ki pi bon an.” — Claudia.

Ret selibatè pa oblije yon chay. Men sa Claudia di ankò: “Kit ou marye, kit ou selibatè, se pa sa k pi enpòtan. W ap gen kè kontan si w bay Jewova sa w genyen ki pi bon an.” — Sòm 119:1, 2.