Al gade sa k anndan l

Èske Temwen Jewova yo gen prensip y ap suiv anrapò ak kesyon renmen an?

Èske Temwen Jewova yo gen prensip y ap suiv anrapò ak kesyon renmen an?

 Temwen Jewova yo kwè prensip ak lwa nou jwenn nan Bib la kapab ede nou pran desizyon k ap fè Bondye plezi e k ap fè nou jwenn byenfè (Ezayi 48:17, 18). Se pa nou menm ki tabli prensip ak lwa sa yo, men nou suiv yo nan lavi nou. Ann fè yon ti pale konsènan kèk nan prensip sa yo ki gen rapò ak kesyon renmen an a.

  •   Maryaj se yon inyon ki dwe dire (Matye 19:6). Etandone Temwen Jewova yo konsidere kesyon renmen an kòm yon etap ki mennen nan maryaj, sa gen anpil enpòtans.

  •   Se sèlman moun ki nan laj pou marye ki dwe nan renmen. Moun sa yo “pa twò jèn”, yo pase laj kote dezi seksyèl yo fò lakay yo. — 1 Korentyen 7:36.

  •   Pou yon moun renmen, li dwe lib pou l marye. Gen kèk moun ki divòse selon lalwa ki pa lib nan je Bondye pou yo remarye, paske selon prensip Bondye yo se sèlman si yon moun fè imoralite seksyèl li kapab divòse. — Matye 19:9.

  •   Kretyen ki vle marye yo suiv kòmandman ki mande pou yo marye sèlman ak kwayan parèy yo (1 Korentyen 7:39). Pou Temwen Jewova yo, kòmandman sa a pa sèlman gen rapò ak moun ki respekte kwayans yo, men li gen rapò ak moun ki gen menm prensip ak yo e k ap suiv prensip sa yo antanke yon Temwen batize (2 Korentyen 6:14). Bondye te toujou konn mande adoratè l yo pou yo marye sèlman ak moun ki gen menm lafwa avèk yo (Jenèz 24:3; Malachi 2:11). Anplis de sa, kòmandman sa a pratik, jan kèk moun k ap fè rechèch nan epòk nou an montre sa b.

  •   Timoun dwe obeyi paran yo (Pwovèb 1:8; Kolosyen 3:20). Pou moun k ap viv lakay paran yo, kòmandman sa a vle di pou yo obeyi desizyon paran yo pran konsènan kesyon renmen an. Sa ka gen ladan l laj yo vle pou pitit gason yo oswa pitit fi yo kòmanse renmen e ki aktivite yo ka pèmèt pitit yo fè pandan yo renmen an.

  •   Temwen yo suiv prensip ki nan Bib la pou yo chwazi si y ap renmen e ak kiyès y ap renmen. Sa ann amoni ak prensip ki di: “Chak moun ap pote pwòp responsablite pa l.” (Galat 6:5, nòt). Sepandan, gen anpil moun lè yo chwazi renmen, yo montre yo saj lè y al chèche konsèy nan men Temwen ki gen matirite ki vle byen pou yo. — Pwovèb 1:5.

  •   Gen anpil bagay moun ki renmen yo panse yo ka fè an reyalite ki se peche grav. Pa egzanp, Bib la ban nou lòd pou nou evite imoralite seksyèl. Sa pa sèlman gen ladan l fè sèks, men tou li gen yon seri aksyon ki pa pwòp de moun ki pa marye fè, tankou lè youn ap karese pati jenital lòt oswa lè yo fè sèks nan bouch oswa nan dèyè (1 Korentyen 6:9-11). Menm konpòtman de moun ki poko marye genyen kote youn ap eveye dezi seksyèl lakay lòt, byenke yo pa rive nan imoralite seksyèl, se “konduit ki pa pwòp”, e sa pa fè Bondye plezi (Galat 5:19-21). Mete sou sa, Bib la kondane konvèsasyon ki baze sou bagay imoral, kote moun ap itilize “mo sal”. — Kolosyen 3:8.

  •   Kè nou, oswa moun nou ye pa anndan an, trèt (Jeremi 17:9). Li ka fè yon moun fè yon bagay li konnen ki pa bon. Moun ki renmen yo kapab evite sitiyasyon ki reprezante yon tantasyon pou yo lè yo poukont yo, yon fason pou yo pa kite kè yo twonpe yo. Yo ka pran bonjan prekosyon lè yo chwazi rete an gwoup oswa lè yo gen yon moun ki akonpaye yo (Pwovèb 28:26). Kretyen ki selibatè k ap chèche yon moun pou yo marye rekonèt gen risk pou y al sou sit Entènèt yo fè pou moun k ap chèche moun pou renmen. E yo sitou rekonèt risk ki genyen lè yon moun fè zanmi ak yon moun yo pa byen konnen. — Sòm 26:4.

a Kesyon renmen an egziste nan kèk kilti. Bib la pa di nou dwe renmen anvan nou marye, oswa se sèl fason yon moun ka pase pou l marye.

b Pa egzanp, gen yon atik nan yon jounal (Marriage & Family Review) ki fè konnen selon “twa gwo etid yo te fè sou sa ki fè yon maryaj dire, twa bagay enpòtan ki fè yon maryaj dire (25 an pou rive plis pase 50 an) se lè moun yo nan menm relijyon, yo gen menm lafwa ak menm kwayans”. — Volim 38, atik 1, paj 88 (2005).