Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w te konnen?

Èske w te konnen?

Ki pwoblèm Ewòd te jwenn lè li t ap rebati tanp lan nan Jerizalèm?

Okòmansman, Salomon te bati tanp Jerizalèm nan sou yon ti mòn e li te fè yo bati miray ki te sèvi sipò ni alès ni alwès ti mòn nan yon fason pou l te ka fè kèk zòn kote pou moun mache toutotou konstriksyon sa a ki sakre. Kòm Ewòd te vle fè yon tanp ki pi grandyoz pase tanp Salomon an, li te kòmanse refè tanp lan e li te agrandi l.

Enjenyè Ewòd yo te agrandi zòn plat ki te nan nò tanp lan pou yo te ka fè plis kote pou moun pase nan zòn sa a. Nan direksyon sid, yo te agrandi estrad la, yo te ajoute 32 m sou li. Pou yo te fè sa, yo te fè yon seri plafon won an wòch e yo te fè yon gwo mi pou kenbe yo. Gen kèk kote nan mi sa a ki te mezire 50 m wotè.

Ewòd te fè yon fason pou l pa t deranje Juif yo e pou l pa t kanpe aktivite ki t ap fèt nan tanp lan ak sakrifis yo te konn ofri yo. Jozèf, yon istoryen juif, di Ewòd te menm fòme yon seri prèt juif pou sèvi kòm bòs mason ak bòs chapant yon fason pou okenn travayè ki pa t gen otorizasyon pou sa pa t antre kote sakre a.

Ewòd te mouri e li pa t gentan fini travay la. Bò ane 30 epòk nou an, tanp lan te gen 46 an depi yo te kòmanse rebati l (Jan 2:20). Se yon pitit pitit Ewòd, Agripa II, ki te fin fè travay sa a nan mitan premye syèk epòk nou an.

Poukisa moun zile Malt yo te pran apot Pòl pou yon asasen?

Deyès lajistis la (agoch) k ap bat deyès enjistis la.

Gen kèk moun nan zile Malt ki te ka kite kwayans ki te gen nan relijyon grèk la enfliyanse yo. Gade sa k te pase apre yon bato apot Pòl te monte te fin fè nofraj nan zile Malt, jan liv Travay la rakonte sa. Lè apot Pòl te fin ranmase yon bon valè bwa sèch e li te mete yo nan yon dife pou moun ki t ap vwayaje nan bato a avè l yo te ka chofe, gen yon vipè ki te vin kole nan men l. Nan moman sa a, gen kèk moun nan zile a ki te di: “Se sèten mesye sa a se yon asasen. Malgre li rive atè sennesòf, li pap kontinye viv, Jistis pa pèmèt li kontinye viv.” — Travay 28:4.

Nan vèsè sa a, mo grèk lè yo tradui l ki bay “Jistis” la se “dike”. Mo sa a ka vle di jistis nan yon sans senbolik. Sepandan, nan lejann grèk yo, Dike se te non deyès lajistis la. Yo te panse se li k ap siveye aktivite lèzòm e li rapòte enjistis yo fè ki kache bay Zes, pou yo ka pini moun ki fè sa ki mal yo. Se sa k fè, men sa yon ouvraj referans fè konnen konsènan sa moun ki rete nan zile Malt yo te ka panse: “Byenke Pòl te sove nan lanmè a, li klè se yon moun Dike, deyès lajistis, rive pran [...] grasa vipè a.” Moun yo te vin panse yon lòt jan lè yo te wè byen klè Pòl pa t gen anyen.