Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yo te ka bay bèt tou nan plas lajan yo konn bay pou maryaj la.

èske w te konnen?

èske w te konnen?

Poukisa Izrayelit nan tan lontan yo te konn peye yon lajan pou yon fi yo te vle marye avè l?

NAN tan biblik yo, yo te konn peye fanmi lamarye a lajan yo te konn bay pou maryaj la lè de fanmi yo te dakò pou maryaj la fèt. Yo te ka bay bagay ki gen anpil valè, bèt oswa lajan. Pafwa, se travay moun nan te konn travay pou l te ka peye, menm jan Jakòb te dakò travay pou papa Rachèl pandan setan pou l te ka marye ak Rachèl (Jen. 29:17, 18, 20). Poukisa yo te gen koutim sa a?

Men sa yon biblis ki rele Carol Meyers fè konnen: “Lè yo te peye yon lajan pou maryaj la se dedomaje yo te dedomaje fanmi lamarye a poutèt pitit fi yo a pa t ap ka travay pou yo ankò, paske travay yo te konn fè yo te enpòtan pou fanmi [ki te konn travay tè] yo.” Lajan yo te bay pou maryaj la te ka fè fanmi moun ki marye yo vin pi pwòch youn ak lòt. Konsa, fanmi sa yo te ka ede youn lòt nan moman difisil. Anplis de sa, lajan yo te bay pou maryaj la te montre yon fi te fiyanse e li t ap gen pou l sot anba pwoteksyon papa l pou l al anba pwoteksyon mari l.

Lefètke yo te peye lajan yo te konn bay pou maryaj la, sa pa t vle di fi a te yon bagay yo te kapab achte oswa vann. Men sa liv ki rele Les institutions de l’Ancien Testament an di: “Lefètke yo te oblije peye fanmi fi a yon kantite lajan oswa bay fanmi an yon lòt bagay ki vo kòb la, sa te fè maryaj Izrayelit yo sanble ak komès. Men, sanble yo te konsidere [lajan yo te konn bay pou maryaj la] kòm yon dedomajman yo te bay fanmi lamarye a, men, se pa t kòm yon pri yo te peye pou fi a.”

Jodi a, nan kèk peyi, moun yo kontinye suiv koutim ki gen rapò ak peye lajan yo konn bay pou maryaj la. Lè paran ki kretyen yo mande lajan yo konn peye pou maryaj la, yo fè “tout moun konnen [yo] kòm moun ki rezonab” lè yo pa mande plis pase yo ta dwe mande (Flp. 4:5; 1 Kor. 10:32, 33). Konsa, yo montre yo pa “renmen lajan” oswa yo pa ava (2 Tim. 3:2). Anplis de sa, lè paran ki kretyen yo pa mande twòp kòb, sa ki montre yo rezonab, gason ki pral marye a pap oblije ranvwaye maryaj la jiskaske l gen kantite kòb pou l peye lajan yo konn bay pou maryaj la. Oubyen, gason ki pral marye a pap santi l oblije kite sèvis li antanke pyonye pou l al travay aplentan pou l ka jwenn pakèt lajan yo mande pou peye pou maryaj la.

Nan kèk pati nan monn nan, se lalwa ki fikse kantite kòb pou yo peye pou maryaj la. Nan peyi sa yo, paran ki kretyen yo obeyi lwa sa yo. Poukisa? Paske Pawòl Bondye a mande kretyen yo pou yo “soumèt devan otorite yo” e pou yo obeyi lwa ki pa opoze ak lwa Bondye yo. — Wom. 13:1; Tra. 5:29.