Al gade sa k anndan l

Ki kote Alowin soti?

Ki kote Alowin soti?

Repons Bib la bay

 Nou pa jwenn mo Alowin nan nan Bib la, yon fèt anpil moun selebre chak ane nan dat 31 oktòb. Orijin fèt sa a avèk tradisyon ki mache avè l yo pa ann amoni avèk sa Bib la anseye.

Nan atik sa a

 Kote Alowin ak koutim ki mache avè l yo soti

  •   Samen: Gen yon ansiklopedi ki fè konnen Alowin soti nan yon “ansyen fèt payen ansyen pèp Sèlt la te konn selebre sa gen plis pase 2 000 an”. (The World Book Encyclopedia.) “Sèlt yo te kwè moun ki mouri yo te ka mache pami moun ki vivan yo nan moman fèt sa a e moun ki vivan yo te ka vizite moun ki mouri yo lè sa a tou.” — Gade kare “ Poukisa yo te rele l Alowin?

  •   Degizman Alowin, sirèt, timoun k ap fè menas si yo pa ba yo sirèt: Selon yon liv gen kèk Sèlt ki te konn mete yon seri degizman sou yo, yon seri kostim ki efreyan, ki fè moun pè, yon fason pou espri k ap flannen sou tè a nan moman sa a ka panse se espri yo ye tou pou yo pa nui yo. Gen lòt moun ki te konn bay espri yo bagay dous pou kalme yo a.

     Ann Ewòp nan epòk mwayennaj la, chèf nan legliz katolik yo te vin adopte yon seri koutim ki soti nan relijyon payen e fidèl yo te konn mete degizman sou yo pou y al lakay moun pou mande yo ti kado.

  •   Fantom vanpi lougawou sòsye ak zonbi: Depi lontan yo asosye bagay sa yo ak movèzespri. Gen yon liv ki pale de yo tankou “mons sinatirèl”, li di yo “gen rapò avèk lanmò, moun ki mouri oubyen pè moun pè pou yo pa mouri”. — Halloween Trivia.

  •   Joumou ki gen bouji anndan yo yo sèvi pou Alowin: Nan epòk Mwayennaj la, nan Grann Bretay, gen moun ki te konn “al nan chak pòt, e yo te konn di moun ki nan kay la si yo ba yo manje y ap priye pou moun yo genyen ki mouri yo”. Yo konn gen “navè yo fè twou ladan yo, pou yo mete yon bouji tou limen ladan yo, bouji yo te reprezante nanm moun mouri ki nan pigatwa.” ​(Halloween — Froom Pagan Ritual to Party Night). Gen lòt moun ki di yo te sèvi ak bouji sa yo pou fè movèzespri yo rete lwen yo. Ann Amerik dinò, nan ane 1800 yo, yo te kòmanse sèvi ak joumou nan plas navè paske te gen anpil joumou e yo te pi fasil pou yo fè twou ladan yo.

 Èske orijin Alowin gen enpòtans?

 Wi. Menm lè anpil moun wè Alowin kòm yon amizman ki pa gen danje, men pratik ki asosye avè l yo dozado ak sa Bib la anseye. Alowin soti nan kwayans ki gen rapò avèk mò yo, avèk espri envizib yo rele demon yo.

 Gade vèsè ki vin annapre yo pou n wè ki jan Bondye konsidere kwayans ki mache ak Alowin yo:

  •   “Piga pesonn nan nou [...] rele mò pou pale ak yo.” — Detewonòm 18:10-12, Bib la.

     Sa l vle di: Bondye pa dakò ak moun k ap chèche pale ak mò yo menmsi se an jwèt.

  •   “Moun ki mouri yo pa konn anyen ditou.” — Eklezyas 9:5.

     Sa l vle di: Piske moun ki mouri yo pa konn anyen, yo pa ka kominike ak moun ki vivan yo.

  •   “[Nou pa dwe] an komenyon ak denmon yo. Nou pa kapab ap bwè nan gode Seyè a anmenmtan pou n’ap bwè nan gode denmon yo tou.” — 1 Korentyen 10:20, 21, Bib la.

     Sa l vle di: Moun ki ta renmen gen favè Bondye pa dwe gen okenn kontak ak demon yo.

  •   “Kenbe fèm kont manèv Dyab la; [...] paske, nou nan yon konba kont espri mechan yo.” — Efezyen 6:11, 12.

     Sa l vle di: Kretyen yo dwe opoze ak espri mechan yo, yo pa dwe fè kòmsi y ap fete ansanm avèk yo.

a Gade liv Halloween: An American Holiday, an American History, paj 4.