Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w te konnen?

Èske w te konnen?

Ki sa yon moun ki te vle vwayaje sou lanmè te konn fè nan ansyen tan yo?

AN JENERAL, nan epòk Pòl la, pa t gen bato ki te rezève pou pot pasaje sèlman. Pou yon moun te vwayaje nan bato, li te dwe mande yon moun si l konn yon bato ki konn pot machandiz ki t apral nan zòn kote l prale a e ki t ap dakò pran pasaje (Tra. 21:2, 3). Menmsi yon bato pa t apral egzakteman kote vwayajè a prale a, li te ka pran l kanmenm epi, pandan bato a ap fè eskal yon lòt kote, li t ap ka pran yon lòt bato ki t ap mennen l pi pre kote l prale a. — Tra. 27:1-6.

Bato pa t konn vwayaje toutan nan ane a, e yo pa t gen yon pwogram fiks. Mete sou sa, move tan ak sipèstisyon te konn fè kèk maren pa vwayaje lè pou yo vwayaje a si yo te wè yon bagay yo panse ki se yon move siy, pa egzanp si yo wè yon kaw k ap rele sou kòd bato a, oswa si yo wè bato ki fè nofraj sou rivaj la. Maren yo te konn pwofite lè van an ap soufle nan direksyon ki bon pou yo pou yo pran lanmè. Lè moun ki t ap vwayaje a te jwenn yon bato ki te aksepte pran l, li te konn ret nan zòn kote y ap anbake a avèk chay li pou l tann jiskaske yon moun vin anonse bato a ap pati.

Gen yon istoryen ki rele Lionel Casson ki di: “Nan vil Wòm, yo te fè yon jan pou ede moun yo yon fason pou yo pa t plede fatige kò yo ap chèche bato sou tout bòdmè a.” Men sa l di ankò: “Waf la te nan lanbouchi flèv Tib. Nan vil Osti ki toupre a, te gen yon gwo plas ki te antoure ak lokal ki te gen biwo ladan yo. Anpil nan yo se te pou pwopriyetè bato ki te reprezante divès zòn: pwopriyetè bato Nabòn yo [Lafrans jodi a] te gen youn, pwopriyetè bato Kataj yo [Tinizi jodi a] te gen youn, [...] elatriye. Kèlkeswa moun k ap chèche yon bato pou l vwayaje te dwe annik al tcheke nan biwo nenpòt vil ki sou wout li.”

Vwayaj nan bato te konn pèmèt moun k ap vwayaje yo fè mwens tan ap vwayaje, men li te gen risk tou. Pòl te fè nofraj plizyè fwa pandan vwayaj misyonè li t ap fè yo. — 2 Kor. 11:25.