Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w te konnen?

Èske w te konnen?

Anplis sa Labib di, ki lòt prèv ki montre Izrayelit yo te esklav nan peyi Ejip?

Bib la fè konnen apre moun Madyan yo te fin mennen Jozèf ann Ejip, Jakòb ak fanmi l te kite Kanaran pou y al viv ann Ejip. Yo te abite yon kote ann Ejip ki te rele Gochenn, toupre lanbouchi flèv Nil la (Jen. 47:1, 6). Izrayelit yo “te kontinye fè pitit, e yo te kontinye vin gen plis pisans”. Sa te vin fè Ejipsyen yo pè Izrayelit yo e yo te fòse yo travay kòm esklav. — Egz. 1:7-14.

Gen kèk moun k ap kritike Bib la jodi a ki pase istwa sa a nan rizib, yo di se yon lejann. Aktout sa, gen prèv ki montre desandan Sèm * yo te viv antanke esklav nan peyi Ejip nan tan lontan.

Pa egzanp, gen akeyològ ki jwenn yon seri ansyen zòn kote moun te abite ki antere anba tè nan zòn nò peyi Ejip. Doktè John Bimson fè konnen yo jwenn prèv ki montre gen pou pi piti 20 lokalite kote desandan Sèm yo te abite nan zòn sa a. Yon lòt bò, men sa yon ejiptològ ki rele James K. Hoffmeier di: “Pandan peryòd soti ane 1800 rive ane 1540 anvan epòk nou an, moun ki te pale lang desandan Sèm yo ki soti nan zòn Azi delwès yo te renmen al viv ann Ejip.” Men sa li ajoute: “Peryòd sa a koresponn ak epòk anpil moun rele ‘epòk patriyach yo’, e sa ann amoni ak peryòd ak evènman yo rapòte nan liv Jenèz la.”

Gen lòt prèv ankò ki soti nan sid peyi Ejip. Gen yon papiris yo te ekri nan peryòd ki rele Mwayen Anpi a, (anv. ane 2000–anv. ane 1600 anvan epòk nou an) ki gen non esklav ki te travay nan yon kay nan sid peyi Ejip. Non plis pase 40 nan esklav sa yo se non kèk moun ki te desandan Sèm. Travay esklav sa yo oswa sèvitè sa yo se te fè manje, fè twal, ak fè jaden. Ejiptològ Hoffmeier fè konnen: “Lefètke te gen plis pase karant desandan Sèm ki te travay pou yon fanmi nan Tebayid [nan sid peyi Ejip], sandout te gen anpil desandan Sèm nan tout peyi Ejip, sitou nan zòn lanbouchi a.”

Gen yon akeyològ ki rele David Rohl ki fè konnen kèk nan non esklav ki nan lis sa a “sanble anpil ak non nou jwenn nan Bib la”. Pa egzanp, papiris sa a gen non ki sanble ak yon seri non tankou Isaka, Achè ak Chifra (Egz. 1:3, 4, 15). Alafen, Rohl di: “Sa se bonjan prèv ki montre Izrayelit yo te esklav ann Ejip.”

Men sa doktè Bimson di: “Listwa bay bonjan prèv sou sa Bib la di konsènan esklavaj ann Ejip ak deplasman Izrayelit yo.”

^ § 4 Sèm se te youn nan twa pitit gason Noye yo. Sanble pami desandan Sèm yo te gen moun Elam yo, moun Asiri yo, premye moun ki te abite Kalde yo, Ebre yo, moun Siri yo ak plizyè tribi Arab.