Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | FASON POU NOU FÈ FAS AK ENKYETID NOU GENYEN

Enkyetid nou genyen akoz pwoblèm lajan

Enkyetid nou genyen akoz pwoblèm lajan

Men sa Paul, yon papa ki gen de pitit, fè konnen: “Apre yon gwo enflasyon te fin frape peyi a byen rapid, manje te vin chè anpil e manje te ra. Nou te konn kanpe nan liy pandan yon bon valè tan, men souvan manje a gentan fini anvan nou rive devan liy lan. Grangou te fè moun yo vin mèg anpil e gen kèk ki te tonbe nan lari. Pri manje de baz yo te monte anpil jiska milyon e apre sa jiska milya. Finalman, lajan lokal la vin pèdi valè. Mwen te pèdi kont mwen te gen labank, asirans mwen ak pansyon m.”

Paul

Paul te konnen pou fanmi l chape, li te dwe montre l gen bonjan “sajès”. (Pwovèb 3:21, NW.) Men sa li esplike: “Mwen se yon elektrisyen ki te konn travay sou kontra, men mwen te konn aksepte nenpòt travay mwen jwenn, yo te peye m pi ba lontan pase pri nòmal la. Kèk moun te konn ban m manje oubyen bagay yo gen lakay yo pou yo peye m. Si yo te peye m ak kat ba savon, mwen itilize de epi m vann lòt yo. Finalman, m te vin gen 40 ti poul. Lè yo vin gran m vann yo epi m achte 300 lòt poul. Apre sa, mwen te boukante 50 poul ak yon moun, li te ban mwen de sak farin mayi. Chak sak te peze 50 kilo. Ak de sak farin sa yo m te nouri fanmi an ansanm ak plizyè lòt fanmi pandan lontan.”

Anplis de sa, Paul te konnen pi bon bagay nou ka fè se mete konfyans nou nan Bondye. Lè n fè sa Bondye mande, l ap ede n. Anrapò ak bagay nou bezwen genyen pou n viv, men sa Jezi te di: “Sispann enkyete nou. Paske [...] Papa nou konnen nou bezwen bagay sa yo.” — Lik 12:29-31.

Malerezman, Satan, pi gwo ènmi Bondye a, twonpe pifò moun nan monn nan lè l fè yo konsantre lavi yo sou bagay materyèl. Moun yo enkyete anpil pou sa yo vrèman bezwen ak sa yo imajine yo bezwen e yo lite anpil pou yo jwenn bagay yo pa vrèman bezwen e sa fè yo enkyè. Anpil nan yo lage kò yo nan fè dèt, konsa yo vin fè move eksperyans, yo aprann “moun ki dwe a se esklav moun ki prete l la”. — Pwovèb 22:7, NW.

Gen kèk moun ki pran move desizyon. Men sa Paul fè konnen: “Gen anpil vwazen ki kite fanmi yo ak bon zanmi yo pou y al chèche lavi miyò nan peyi etranje. Gen ladan yo ki pati san papye imigrasyon legal e yo pa ka jwenn travay. Byen souvan, yo oblije kache pou lapolis pa jwenn yo e yo dòmi nan lari. Moun sa yo pa bay Bondye posiblite pou l ede yo. Men nou detèmine pou n konte sou èd Bondye pou n ka fè fas ak pwoblèm ekonomik yo ansanm antanke fanmi.”

SUIV KONSÈY JEZI BAY

Men sa Paul esplike apre sa: “Jezi te di: ‘Pa janm bay tèt nou pwoblèm pou demen, paske demen ap gen pwòp pwoblèm pa l. Chak jou gen kont traka pa l’. Se poutèt sa, chak jou m priye Jewova pou l ban nou sèlman sa n bezwen pou jounen an dekwa pou n pa mouri. E Jewova te ede m jan Jezi te di sa. Nou pa t toujou jwenn sa nou te prefere a. Yon lè, m te antre nan liy pou m achte manje san m pa t konnen sa yo t ap vann. Lè m te rive m te wè se yogout y ap vann. Mwen pa renmen yogout. Men kòm se manje li ye, nou te manje yogout jou swa sa a. Mwen vrèman rekonesan anvè Bondye paske fanmi m pa t janm al dòmi grangou pandan tout peryòd sa a *.”

Bondye pwomèt: “Mwen pap janm kite w, e mwen pap janm abandone w.” — Ebre 13:5.

“Kounye a bagay yo pi fasil pou nou nan domèn finansye. Men grasa eksperyans nou te fè yo, nou vin aprann pi gwo remèd ki genyen kont enkyetid se mete konfyans nou nan Bondye. Jewova * ap toujou ede n toutotan nou kontinye fè volonte l. Mwen viv verite ki nan Sòm 34:8 la (NW) ki di: ‘Goute e n a wè jan Jewova bon. Byennere gason vanyan ki chèche refij nan li.’ Se sa k fè nou pa pè fè fas ak sitiyasyon ekonomik ki difisil ankò.”

Bondye ede sèvitè l yo ki fidèl jwenn ‘pen yo bezwen pou jounen an’.

“Kounye a, nou byen konprann sa yon moun bezwen pou l pa mouri, se pa travay oswa lajan, men se manje. Avèk enpasyans, n ap tann epòk kote pwomès Bondye fè a pral reyalize, pwomès ki di: ‘Pral gen anpil manje angren sou tè a.’ Annatandan sa rive, ‘si nou gen manje ak rad ak yon kote pou nou rete n ap kontante nou ak bagay sa yo’. Nou jwenn fòs nan pawòl sa yo ki nan Bib la: ‘Se pou fason n ap viv pa gen lanmou pou lajan ladan l. Kontante nou ak sa nou genyen. Paske, li di: “Mwen pap janm kite w, e mwen pap janm abandone w.” Konsa, n ap kapab gen anpil kouraj e n ap kapab di: “Se Jewova ki èd mwen, mwen pap pè *.”’”

Sa mande bonjan lafwa pou nou ‘mache ak Bondye’ menm jan Paul ak fanmi l te fè sa (Jenèz 6:9). Si kounye a n ap fè fas ak sitiyasyon ekonomik ki difisil oswa si nou ta gen yon pwoblèm konsa alavni, nou ka aprann kèk leson enpòtan nan egzanp lafwa ak sajès Paul te demontre.

Bon, e si se pwoblèm nou gen nan fanmi nou ki lakòz nou gen enkyetid?

^ § 10 Jewova se non Bondye jan Bib la fè konnen sa.