Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske nou ka fè Bondye plezi vre?

Èske nou ka fè Bondye plezi vre?

Lè w ap li jan Bib la fè elòj pou yon seri moun, èske sa konn rive ou di tèt ou: ‘Mwen pa ka tankou moun sa yo!’ Ou ka fè rezònman sa a: ‘Mwen pa san repwòch ni m pa jis, e se sèten, m pa toujou fè sa ki dwat.’

Jòb te ‘san repwòch e li te mache dwat nan tou sa l ap fè’. — Jòb 1:1.

Bib la di, Jòb, yon patriyach, te ‘san repwòch e li te mache dwat nan tou sa l ap fè’. (Jòb 1:1.) Li te rele Lòt yon “moun jis”. (2 Pyè 2:8.) E li di David te fè “sa k byen” nan je Bondye (1 Wa 14:8, NW). Sepandan, ann egzamine lavi pèsonaj biblik sa yo pi byen. Nou pral wè 1) yo te fè erè, 2) nou ka aprann anpil bagay nan egzanp yo e 3) moun enpafè ka fè Bondye plezi vre.

YO TE FÈ ERÈ

“[Bondye] te delivre Lòt, yon moun ki jis, ki te boulvèse anpil poutèt moun ki pa t respekte lalwa te lage kò yo nan konduit deregle.” — 2 Pyè 2:7.

Jòb te sibi yon seri difikilte ki te sanble enjis. Li te gen move lide lè l te panse kit li kontinye gen lafwa nan Bondye kit li pa gen lafwa nan li, Bondye pa bay sa valè (Jòb 9:20-22). Jòb tèlman te kwè nan pwòp jistis li, sa te bay lòt moun enpresyon li pran tèt li pou yon moun ki pi jis pase Bondye. — Jòb 32:1, 2; 35:1, 2.

Lòt te ezite pran yon desizyon ki te parèt senp e ki te klè. Li te gen gwo lapenn akoz imoralite moun ki t ap viv nan vil Sodòm ak Gomò yo t ap fè, yo te menm “toumante nanm li ki jis” akoz konduit yo (2 Pyè 2:8). Bondye te fè konnen li deside detwi vil sa yo ki chaje ak mechan e l te bay Lòt posiblite pou l chape ansanm ak fanmi l. Ou ka imajine sa, Lòt ki te deja boulvèse te dwe kite vil la an premye! Sepandan nan moman enpòtan sa a, li t ap fè reta. Zanj Bondye te voye vin sove li menm ak fanmi l lan te oblije pran men yo e yo te mennen yo deyò vil la kote yo te an sekirite. — Jenèz 19:15, 16.

David ‘te suiv Bondye ak tout kè l e li te toujou fè sa k byen nan je Bondye’. — 1 Wa 14:8, NW.

Yon lè, David pa t rive kontwole tèt li, li te fè adiltè ak madanm yon lòt mesye. Sa k pi grav la, pou David te rive kache sa l te fè a, li te fè touye mari dam nan (2 Samyèl, chapit 11). Bib la fè konnen sa David te fè a ‘pa t fè Jewova plezi menm’. — 2 Samyèl 11:27.

Jòb, Lòt, ak David yo tout te fè erè, gen nan erè sa yo ki te vrèman grav. Men, jan nou pral wè sa, yo te montre yo vle sèvi Bondye ak tout kè yo, e yo te vle obeyi l. Yo te montre yo regrèt toutbon sa yo te fè e yo te fè chanjman ki nesesè nan fason yo aji. Se sa k fè, yo te jwenn favè nan je Bondye, e an jeneral Bib la pale de yo kòm moun ki fidèl.

KI SA NOU KA APRANN?

Antanke moun ki enpafè, nou pa ka evite fè erè (Women 3:23). Men lè sa rive, nou bezwen montre nou regrèt, apre sa, nou dwe fè sa nou kapab pou n ranje sitiyasyon an.

Ki sa Jòb, Lòt ak David te fè pou yo repare erè yo te fè a? Jòb te montre ak tout kè l, li se yon moun ki entèg. Apre Bondye te fin rezone ak Jòb, Jòb te korije move panse li te genyen e li te regrèt sa l te di yo (Jòb 42:6). Pwennvi Lòt te genyen sou konduit imoral moun ki t ap viv nan vil Sodòm ak Gomò yo te vrèman ann amoni ak prensip Bondye yo. Pwoblèm li te genyen sèke pandan yon tan li te manke konsyan li t ap viv nan yon moman ki ijan. Finalman, li te kouri kite vil Bondye te kondane yo e li te chape anba jijman Bondye a. Avèk obeyisans li pa t menm vire gade bagay li te kite dèyè yo. Malgre David te fè peche ki grav lè li te dezobeyi Lwa Bondye a, li te montre sa li vrèman gen nan kè l lè li te repanti toutbon e li te jwenn favè Bondye. — Sòm 51.

Bon pwennvi Bondye te genyen sou mesye sa yo ann amoni ak sa l atann nan men moun ki enpafè yon fason rezonab. Bondye “konnen byen ak ki sa nou fèt, li sonje nou se pousyè”. (Sòm 103:14, NW.) Donk, si Bondye konnen nou ka fè erè, ki sa l ap atann de nou?

Bondye “konnen byen ak ki sa nou fèt, li sonje nou se pousyè”. — Sòm 103:14, NW.

KI JAN YON MOUN ENPAFÈ KA RIVE FÈ BONDYE PLEZI?

Konsèy David te bay Salomon, pitit li a, se kle pou nou rive konnen sa nou dwe fè pou nou fè Bondye plezi. “Ou menm, Salomon, pitit gason m, se pou w aprann konnen Bondye Papa w la e se pou w sèvi l ak yon kè ki konplè.” (1 Kwonik 28:9NW). Ki sa yon kè ki konplè ye? Se yon kè ki pouse yon moun renmen Bondye e ki fè l pran detèminasyon pou l aprann konnen Bondye e pou l fè volonte l. Se pa yon kè ki pafè men se yon kè ki anvi sèvi Bondye avèk obeyisans e ki aksepte yo korije l. Etandone Jòb, Lòt ak David te renmen Bondye e yo te vle obeyi Bondye sa te fè Bondye konsidere Jòb kòm yon moun ki “san repwòch”, Lòt kòm yon “moun jis” e David kòm yon moun ki “toujou fè sa k byen” nan je Bondye. Malgre moun sa yo te fè erè, yo te rive fè Bondye plezi.

Yon kè ki konplè se yon kè ki pouse yon moun fè volonte Bondye e se gwo anvi moun nan genyen pou l sèvi Bondye ak obeyisans ki motive l.

Donk, si nou gen move lide k ap pase nan lespri n e nou pa ta swete yo rete, oubyen si nou di yon bagay e nou regrèt, oubyen si nou fè yon bagay e nou vin rann nou kont li pa bon, n ap jwenn kouraj nan egzanp nou sot egzamine yo. Bondye konnen nou poko atenn pèfeksyon kounye a. Sepandan, li atann pou nou renmen l e pou nou fè efò pou n obeyi l. Si nou gen yon kè ki konplè konsa, nou mèt gen konfyans n ap fè Bondye plezi tou.