Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w kite lespri Bondye gide w?

Èske w kite lespri Bondye gide w?

Èske w kite lespri Bondye gide w?

“Lespri ou bon. Se pou li gide m nan peyi ladwati!” — SÒM 143:10, NW.

1, 2. a) Bay kèk okazyon kote Jewova te sèvi ak lespri sen pou l ede sèvitè l yo. b) Èske se nan okazyon espesyal sèlman lespri sen an aji? Esplike.

KI SA K vin nan lespri w lè w ap panse ak aksyon lespri sen an fè? Èske w panse ak gwo aksyon Gideyòn oswa Sanson te fè yo (Jij 6:33, 34; 15:14, 15)? Petèt w ap panse ak kran premye kretyen yo te genyen oswa jan Etyèn te kalm lè l te devan Sanedren an (Tra. 4:31; 6:15). Nan epòk nou an, ki sa nou ka di sou lajwa ki genyen nan kongrè entènasyonal nou yo, sou entegrite frè nou yo ki nan prizon paske yo rete net nan zafè monn nan, e sou jan travay predikasyon an ap avanse? Tout egzanp sa yo pwouve nan okazyon sa yo lespri sen t ap aji.

2 Èske se sèlman nan okazyon espesyal oswa nan gwo sitiyasyon lespri sen aji? Non. Pawòl Bondye a pale de kretyen k ap “viv selon lespri a”, kretyen “lespri a [...] ap gide”. (Gal. 5:16, 18, 25.) Ekspresyon sa yo montre lespri sen kapab toujou gen enfliyans nan lavi nou. Se toulejou nou ta dwe sipliye Jewova pou l gide panse nou, pawòl nou ak aksyon nou pa mwayen lespri l. (Li Sòm 143:10.) Lè nou kite lespri sen aji san pwoblèm nan lavi nou, l ap pwodui fwi nan nou k ap ankouraje lòt moun e k ap bay Bondye louwanj.

3. a) Poukisa nou bezwen pou lespri sen gide nou? b) Ki kesyon nou pral egzamine?

3 Sa k fè li esansyèl pou lespri sen gide nou? Paske gen yon lòt fòs k ap chèche domine nou, yon fòs ki opoze ak aksyon lespri sen an. Se fòs sa a Labib rele “lachè” a, sa vle di tandans nou genyen pou n fè peche akoz enpèfeksyon nou eritye nan men Adan an. (Li Galat 5:17.) Nan ka sa a, ki sa sa mande pou nou kite lespri Bondye a gide nou? Èske gen bagay nou ka fè ki ka ede nou lite ak tandans nou genyen pou nou fè peche akoz nou enpafè? Nou pral egzamine kesyon sa yo pandan n ap pale de sis lòt kalite ki gen nan “fwi lespri a” anpalan de “pasyans, bonte, byenveyans, lafwa, dousè, metriz”. — Gal. 5:22, 23.

Dousè ak pasyans fè gen lapè nan kongregasyon an

4. Ki jan dousè ak pasyans pèmèt gen lapè nan kongregasyon an?

4 Li Kolosyen 3:12, 13. Pou gen lapè nan kongregasyon an, fòk gen dousè ak pasyans. Toule de kalite sa yo nan fwi lespri a ede nou trete lòt moun avèk jantiyès, yo ede nou rete kalm lè moun pwovoke nou, e yo ede nou pa rann mal pou mal lè lòt moun di nou oswa fè nou bagay ki fè nou mal. Si nou gen yon pwoblèm ak yon kwayan parèy nou, pasyans ap ede nou pa dekouraje ak frè a oswa sè a, men n ap fè sa nou kapab pou nou rezoud pwoblèm nan. Èske dousè ak pasyans nesesè vre nan kongregasyon an? Wi, paske nou tout enpafè.

5. Ki sa k te pase ant Pòl ak Banabas, e ki sa sa montre?

5 Ann egzamine sa k te pase ant Pòl ak Banabas. Yo te travay kòtakòt pandan plizyè ane pou yo simaye bon nouvèl la. Yo toule de te gen bèl kalite. Poutan, yon lè, “yo pete yon sèl lobo, e sa [te] vin lakòz yo chak fè yon bò”. (Tra. 15:36-39.) Sa k te pase a montre menm pami sèvitè Bondye yo ki devwe konn gen pwoblèm pafwa. Si gen yon dezakò ant de kretyen, ki sa yo ta dwe fè pou yo anpeche sitiyasyon an dejenere nan pwen pou sa ta lakòz yo fè gwo diskisyon k ap fè yo pa gen bon relasyon ankò pandan yon bon bout tan?

6, 7. a) Ki konsèy biblik nou ka suiv, lè n ap pale ak yon kwayan parèy nou, k ap ede nou evite tonbe nan gwo diskisyon? b) Ki byenfè nou jwenn lè nou ‘prese koute, nou pa prese pale, e nou pa prese fè kòlè’?

Jan ekspresyon “yon sèl lobo” a montre sa, pwoblèm ki te gen ant Pòl ak Banabas la te vini sanzatann e li pa t piti. Si yon kretyen santi li kòmanse fache pandan l ap pale ak yon kwayan parèy li, li t ap saj pou l suiv konsèy ki nan Jak 1:19, 20 an ki di: “Tout moun dwe prese koute, yo pa dwe prese pale, ni prese fè kòlè, paske kòlè lèzòm pa reyalize sa jistis Bondye mande.” Selon sitiyasyon an, li ka eseye pale de yon lòt bagay, li ka chwazi kontinye konvèsasyon an yon lòt lè, oswa li ka deplase anvan konvèsasyon an tounen yon gwo diskisyon. — Pwo. 12:16; 17:14; 29:11.

7 Ki byenfè n ap jwenn si nou suiv konsèy sa a? Lè yon kretyen pran tan pou l kalme l, pou l priye sou pwoblèm nan e pou l reflechi sou pi bon fason pou l reponn, li kite lespri Bondye gide l (Pwo. 15:1, 28). Kòm li vin anba enfliyans lespri sen, li pi fasil pou l demontre dousè ak pasyans. Konsa, l ap kapab suiv konsèy ki nan Efezyen 4:26, 29 la ki di: “Menmsi nou an kòlè, pinga nou peche [...]. Pa kite okenn pawòl pouri sot nan bouch nou, men sèl pawòl ki dwe sot nan bouch nou se pawòl ki bon pou fòtifye moun lè sa nesesè, yon fason pou pawòl sa a pote sa ki bon pou moun ki tande l yo.” An reyalite, lè nou abiye tèt nou ak dousè ak pasyans, nou kontribye pou gen lapè ak inite nan kongregasyon an.

Ankouraje fanmi w grasa bonte ak byenveyans

8, 9. Ki sa bonte ak byenveyans ye, e ki efè yo genyen sou anbyans ki gen nan kay la?

8 Li Efezyen 4:31, 32; 5:8, 9. Menm jan yon ti van fre ak yon bwason fre rafrechisan lè l fè cho, se menm jan an tou bonte ak byenveyans rafrechisan. Yo pèmèt gen yon bèl anbyans nan fanmi an. Bonte se yon kalite ki atiran nou demontre lè nou gen enterè sensè pou lòt moun, yon enterè ki parèt nan aksyon nou fè pou ede yo e nan pawòl nou di yo ki montre nou gen konsiderasyon pou yo. Menm jan ak bonte, byenveyans se yon bèl kalite ki parèt nan aksyon nou fè an favè lòt moun e li fè nou renmen bay (Tra. 9:36, 39; 16:14, 15). Men, byenveyans gen plis bagay ladan l toujou.

9 Lè yon moun gen byenveyans, li atenn yon wo nivo nan domèn moral. Se pa sa nou fè sèlman ki montre nou gen byenveyans, men sa k pi enpòtan an, se moun nou ye pa anndan an. Imajine yon fi k ap prepare fwi pou l bay fanmi l manje, li egzamine chak fwi pandan l ap tranche yo yon fason pou l asire l yo dous e yo byen mi, toutpandan l ap gade pou l wè si yo pa gate ni anndan ni deyò. Se konsa tou, lè nou gen byenveyans lespri sen pwodui a, sa parèt nan tout aspè nan lavi nou antanke kretyen.

10. Ki sa w ka fè pou w ede moun nan fanmi w devlope fwi lespri a?

10 Nan yon kay kote moun yo se kretyen, ki sa ki ka ede yo pou youn trete lòt avèk bonte ak byenveyans? Li enpòtan pou yo gen yon konesans egzak sou Pawòl Bondye a (Kol. 3:9, 10). Gen kèk chèf fanmi ki etidye fwi lespri a nan sware adorasyon yo fè an fanmi an. Li pa difisil pou nou etidye fwi lespri a. Sèvi ak zouti ki disponib nan lang ou pou w fè rechèch, chwazi piblikasyon oswa atik ki pale de chak kalite ki gen nan fwi lespri a. Ou kapab egzamine sèlman kèk paragraf chak semèn, konsa, w ap pase plizyè semèn ap egzamine chak kalite. Pandan w ap etidye enfòmasyon w jwenn yo, li vèsè yo site yo epi pale de yo. Chèche fason pou w aplike sa w aprann yo, epi priye Jewova pou l beni efò w ap fè yo (1 Tim. 4:15; 1 Jan 5:14, 15). Èske yon etid konsa ap pèmèt nou amelyore fason nou trete youn lòt nan fanmi an toutbonvre?

11, 12. Ki byenfè de koup kretyen te jwenn lefètke yo te fè yon etid sou bonte?

11 Gen yon jèn koup ki te vle maryaj yo reyisi ki te deside etidye fwi lespri a an pwofondè. Ki byenfè yo te jwenn? Men sa madanm nan di: “Lefètke nou te pi byen konprann ki sa bonte ki plen lanmou an ye, depi lè a, nou trete youn lòt pi byen. Nonsèlman sa te ede nou aprann tolere youn lòt, men tou, sa te ede nou aprann padone youn lòt. Anplis, sa te ede nou aprann di ‘mèsi’ ak ‘padon’ lè sa nesesè.”

12 Yon lòt koup kretyen, ki te gen pwoblèm nan maryaj yo, te rann yo kont yo pa t demontre bonte nan relasyon yo te genyen youn ak lòt. Yo te deside etidye kalite sa a ansanm. Ki rezilta sa bay? Men sa mari a di: “Etid sa a nou te fè sou bonte a ede nou wè nesesite pou nou pa panse lòt la gen move entansyon e pou nou chèche sa ki byen lakay li. Nou te kòmanse enterese plis nan bezwen youn lòt. Pou m te demontre bonte, sa te mande pou m fè madanm mwen santi l lib pou l di m sa l panse e pou m pa fache lè l fè sa. Sa te mande pou m vale ògèy mwen. Lè nou te kòmanse demontre bonte nan maryaj nou, tikras pa tikras, nou te sispann pran tout sa lòt la di kòm yon atak. Sa te soulaje nou.” Èske w pa panse li t ap bon pou fanmi w etidye fwi lespri a?

Demontre lafwa lè w poukont ou

13. Ki danje nou ta dwe evite ki menase relasyon nou ak Bondye?

13 Kretyen yo dwe kite lespri Bondye gide yo ni lè gen moun avèk yo ni lè yo poukont yo. Jodi a, nan monn Satan an, vin gen plis imaj imoral ak vye divètisman. Sa reprezante yon danje pou relasyon nou ak Jewova. Ki sa yon kretyen dwe fè? Men konsèy Pawòl Bondye a ban nou: “Voye tout salte jete ansanm ak mechanste, yon bagay ki tèlman gaye, epi, avèk dousè, aksepte pou pawòl ki ka sove nanm nou an anrasinen nan nou.” ​(Jak 1:21). Ann wè ki jan lafwa, yon lòt kalite nan fwi lespri a, kapab ede nou rete pwòp devan Jewova.

14. Lè nou manke lafwa, ki jan sa kapab mennen nou nan move konduit?

14 Si nou gen lafwa toutbon, Jewova ap yon moun reyèl pou nou. Si Bondye pa yon moun reyèl pou nou, l ap fasil pou nou vin gen yon move konduit. Ann analize sa k te pase pèp Bondye a nan tan lontan. Jewova te fè pwofèt Ezekyèl konnen vye bagay moun yo t ap fè an kachèt. Men sa l te di: “Nonm o! Eske ou wè sa chèf fanmi pèp Izrayèl yo ap plede fè an kachèt? Yo rete ap fè sèvis nan yon chanm kay plen zidòl. Men eskiz yo bay: O wi! Bondye pa wè nou! Bondye vire do l bay peyi a!” ​(Eze. 8:12). Èske nou wè sa k te bay pwoblèm nan? Yo pa t kwè Jewova te konnen sa yo t ap fè. Jewova pa t reyèl pou yo.

15. Lè lafwa nou gen nan Jewova a solid, ki jan sa pwoteje nou?

15 Kounye a, ann pran egzanp Jozèf. Byenke li te lwen fanmi l e li te lwen pèp li, Jozèf te refize fè adiltè ak madan Potifa. Poukisa? Men sa l te di: “Ki jan ou ta vle pou m fè yon bagay konsa, pou m fè peche sa a kont Bondye?” ​(Jen. 39:7-9). Li klè, Jewova te reyèl pou Jozèf. Si Bondye reyèl pou nou, nou pap gade move bagay ni nou pap fè anyen nou konnen Bondye pa renmen lè nou poukont nou. N ap detèmine pou nou fè menm jan ak yon salmis ki te di: “M ap mache nan entegrite kè m, anndan lakay mwen. Mwen pap mete okenn bagay ki pa itil devan je m.” — Sòm 101:2, 3, NW.

N ap prezève kè nou lè nou gen metriz

16, 17. a) Jan yo pale de sa nan liv Pwovèb la, ki jan “yon jèn gason ki te manke bonsans” te fè tonbe nan peche? b) Jan imaj ki nan paj 26 la montre sa, ki jan yon moun ka tonbe nan peche menm jan an jodi a, kèlkeswa laj li?

16 Metriz, dènye kalite nan fwi lespri a, ede nou pa fè sa Bondye kondane. Li ka ede nou prezève kè nou (Pwo. 4:23). Ann egzamine sitiyasyon nou jwenn nan Pwovèb 7:6-23 a, ki pale sou fason “yon jèn gason ki te manke bonsans” ​(NW) te pran nan riz yon pwostitye. Li tonbe nan pyèj apre l fin “pase nan wout toupre kwen kay” ​(NW) fi a. Petèt se paske li te anvi konnen sa k t ap pase ki fè li te nan zòn nan. Men, san l pa rann li kont, li te sou wout pou l fè yon move bagay kote ‘lavi l te an danje’.

17 Ki jan jèn gason sa a te ka evite fè kalite erè sa a? Li t ap rive fè sa si l te koute avètisman ki di: “Pa al flannen sou wout [fi a].” ​(Pwo. 7:25, NW). Ki leson nou ka aprann nan egzanp sa a? Si nou vle pou lespri Bondye gide nou, nou dwe evite mete tèt nou nan sitiyasyon kote n ap jwenn tantasyon pou nou fè sa k pa sa. Yon fason yon moun kapab pran menm chemen ak “jèn gason ki te manke bonsans” lan, se lè l ap chanje chèn televizyon san l pa gen yon bagay fiks l ap chèche oswa lè l ap navige sou Entènèt san l pap chèche anyen vre. Vle pa vle, li gen anpil chans pou l tonbe sou imaj ki ka fè l anvi gen relasyon seksyèl. Tikras pa tikras, li ka vin pran move abitid pou l gade pònografi, e sa ap gen move konsekans sou konsyans li ak relasyon l avèk Bondye e sa ka met lavi l an danje. — Li Women 8:5-8.

18. Ki sa yon kretyen ka fè pou l prezève kè l, e ki jan metriz ap ede l fè sa?

18 Natirèlman, nou ka metrize tèt nou, e nou dwe fè sa, lè nou aji byen vit lè yon imaj imoral parèt devan nou. Men, li t ap pi bon lontan si nou ta evite sitiyasyon sa a (Pwo. 22:3). Pou nou rive pran bonjan prekosyon e pou nou respekte limit nou bay tèt nou, sa mande metriz. Pa egzanp, lè nou mete òdinatè nou yon kote tout moun ka wè l, sa ka pwoteje nou. Gen kèk moun ki wè li pi bon pou yo pa sèvi ak òdinatè oswa pou yo pa gade televizyon lè pa gen lòt moun la. Gen lòt moun menm ki deside pou yo pa al sou Entènèt menm. (Li Matye 5:27-30.) Se pou nou pran tout prekosyon ki nesesè pou nou pwoteje tèt nou ak fanmi nou yon fason pou nou ka adore Jewova ak ‘yon kè ki pwòp, yon konsyans ki klè ak yon lafwa ki san ipokrizi’. — 1 Tim. 1:5.

19. Ki byenfè n ap jwenn lè nou kite lespri sen gide nou?

19 Fwi lespri sen pwodui lakay moun nan bay anpil byenfè. Dousè ak pasyans pèmèt gen lapè nan kongregasyon an. Bonte ak byenveyans fè gen lajwa nan fanmi nou. Lafwa ak metriz pèmèt nou kontinye gen bon relasyon ak Jewova e yo ede nou rete pwòp nan je l. Mete sou sa, men asirans Galat 6:8 ban nou: “Yon moun ki simen pou lespri a, lespri a ap fè l rekòlte lavi ki pap janm fini an.” Wi, sou baz sakrifis ranson Jezi a, Jewova pral itilize lespri sen pou l bay moun ki kite lespri sa a gide yo lavi ki pap janm fini an.

Ki repons nou ta bay?

• Ki jan dousè ak pasyans pèmèt gen lapè nan kongregasyon an?

• Ki sa ki ka ede kretyen yo montre yo gen bonte ak byenveyans nan kay la?

• Ki jan lafwa ak metriz ka ede yon kretyen prezève kè l?

[Kesyon]

[Foto nan paj 24]

Lè n ap pale ak yon kwayan parèy nou, ki sa k ap ede nou evite tonbe nan gwo diskisyon?

[Foto nan paj 25]

Si nou etidye fwi lespri a an fanmi, sa ap pote byenfè pou fanmi an.

[Foto nan paj 26]

Ki danje n ap evite lè nou montre nou gen lafwa ak metriz?