Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Se lespri Bondye nou aksepte, se pa lespri monn nan

Se lespri Bondye nou aksepte, se pa lespri monn nan

Se lespri Bondye nou aksepte, se pa lespri monn nan

“Se pa lespri monn nan nou te aksepte, men se lespri ki soti nan Bondye a, yon fason pou nou ka konnen bagay Bondye ban nou ak tout kè li.” — 1 KOR. 2:12.

1, 2. a) Nan ki sans vrè kretyen yo nan lagè? b) Ki kesyon nou pral egzamine nan atik sa a?

VRÈ kretyen yo nan lagè! Ènmi nou an pisan, li rize e li gen anpil eksperyans. Li gen yon zam ki efikas anpil li itilize pou l kenbe pifò moun anba dominasyon l. Men, sa pa dwe fè nou santi nou san defans devan l, ni sa pa dwe fè nou kwè pa gen okenn espwa pou nou gen laviktwa sou li (Iza. 41:10). Gen yon zam nou ka itilize pou n defann tèt nou ki ka ede nou reziste kont nenpòt atak ènmi sa a ta fè sou nou.

2 Lagè nou an se yon lagè senbolik. Ènmi nou an se Satan Ledyab, e youn nan pi gwo zam li itilize kont nou se “lespri monn nan”. (1 Kor. 2:12.) Sèl defans nou gen kont atak li yo se lespri Bondye. Pou nou soti vivan nan lagè sa a e pou nou pa pèdi relasyon sere nou gen ak Bondye a, nou bezwen mande Bondye pou l ban nou lespri sen l e nou bezwen montre nou gen fwi lespri sa a nan konduit nou chak jou (Gal. 5:22, 23). Ki sa lespri monn nan ye e ki jan li fè vin enfliyanse moun konsa? Ki jan nou ka rive konnen si wi ou non lespri monn nan enfliyanse nou? Ki sa nou ka aprann nan egzanp Jezi kite pou nou sou kesyon aksepte lespri sen an epi reziste kont lespri monn nan?

Ki sa k fè lespri monn nan gaye konsa?

3. Ki sa lespri monn nan ye?

3 Se Satan ki dèyè lespri monn nan. Li se “chèf monn nan” e lespri monn nan opoze nèt ak lespri Bondye (Jan 12:31; 14:30; 1 Jan 5:19). Lespri monn nan se move tandans pifò moun nan monn nan genyen e ki pouse yo aji. Fòs sa a pouse limanite vin dozado ni ak volonte Bondye, ni ak objektif li.

4, 5. Ki jan lespri Satan ankouraje moun genyen an fè vin gaye konsa?

4 Ki jan lespri Satan ankouraje moun yo genyen an fè vin gaye konsa? Pou kòmanse, Satan te twonpe Èv nan jaden Edenn nan. Li te fè l kwè si li soti anba dominasyon Bondye, bagay yo t ap pi bon pou li (Jen. 3:13). Ala yon mantè papa (Jan 8:44)! Apre sa, li te sèvi ak Èv pou l fè Adan dezobeyi Jewova. Akoz chwa Adan te fè a, tout moun te vin vann bay peche, se sa k fè tout moun gen tandans suiv lespri dezobeyisans ki nan Satan an. — Li Efezyen 2:1-3.

5 Satan te enfliyanse anpil zanj tou ki vin tounen demon (Rev. 12:3, 4). Kou trèt sa a te fèt yon ti tan anvan gwo delij ki te fèt nan epòk Noye a. Zanj sa yo te kwè li t ap pi bon pou yo si yo ta kite pozisyon yo te gen nan syèl la pou yo vin sou tè a kote yo t ap ka satisfè dezi yo te genyen ki pa natirèl (Jid 6). Kounye a, demon sa yo ki retounen nan monn envizib la ap ede Satan “twonpe lemonnantye”. (Rev. 12:9.) Malerezman, pifò moun k ap viv sou tè a pa menm konnen si demon yo gen enfliyans sou yo. — 2 Kor. 4:4.

Èske lespri monn nan enfliyanse w?

6. Ki sèl fason lespri monn nan kapab kòwonp nou?

6 Anpil moun pa konnen si Satan gen enfliyans sou yo. Sepandan, Labib fè vrè kretyen yo konnen ki jan l fè sa (2 Kor. 2:11). An reyalite, lespri monn nan pa kapab kòwonp nou si nou pa pèmèt li fè sa. Annou egzamine kat kesyon ki pral ede nou wè si se lespri Bondye nou kite enfliyanse nou oswa si se lespri monn nan nou kite enfliyanse nou.

7. Bay youn nan taktik Satan itilize pou l eseye separe nou ak Jewova.

7 Ki sa divètisman m chwazi yo revele sou mwen? (Li Jak 3:14-18.) Satan ap eseye separe nou ak Bondye lè l chèche fè nou renmen vyolans. Dyab la konnen Jewova rayi moun ki renmen vyolans (Sòm 11:5). Se sa k fè li sèvi ak liv, jounal, fim ak mizik pou l eseye eksite dezi lachè nan nou. Li sèvi tou ak jwèt videyo ki gen gwo sèn imoral ladan yo ak vyolans. Menmsi nou renmen sa ki byen, depi nou gen yon ti lanmou nan kè nou pou sa k pa bon, Satan kontan. — Sòm 97:10.

8, 9. Ki kesyon nou ta dwe poze tèt nou sou divètisman nou chwazi yo?

8 Yon lòt bò, lespri Bondye pouse moun ki aksepte l yo pou yo pwòp nan tout domèn, pou yo renmen fè lapè e pou yo chaje ak mizèrikòd. Men yon kesyon li ta bon pou nou poze tèt nou: ‘Èske divètisman mwen chwazi yo ankouraje m devlope bèl kalite lakay mwen?’ Sajès ki soti anwo a “pa ipokrit”. Moun ki kite lespri sen enfliyanse yo pap preche vwazen yo enpòtans pou yon moun pwòp nan domèn moral, pou l renmen lapè, epi pou yo menm yo pran plezi ap gade gwo sèn vyolans ak sèn imoral lakay yo swa nan televizyon swa sou òdinatè.

9 Jewova vle yon atachman san pataj. Sepandan, Satan bò kote pa l, ap aksepte menm yon ti jès adorasyon, menm jan li te mande Jezi fè sa (Lik 4:7, 8). Nou ta kapab mande tèt nou: ‘Èske divètisman mwen chwazi yo pèmèt mwen bay Bondye yon atachman san pataj? Èske divètisman m chwazi yo fè l pi fasil oswa li pi difisil pou m reziste kont lespri monn nan? Èske m bezwen chanje divètisman mwen chwazi yo?’

10, 11. a) Ki jan lespri monn nan ankouraje moun wè byen materyèl? b) Ki jan Pawòl Bondye enspire a ankouraje moun wè byen materyèl?

10 Ki jan mwen wè byen materyèl? (Li Lik 18:24-30.) Lespri monn nan ankouraje moun gen “dezi je” lefètke li ankouraje yo pou yo vin ava e pou yo bay bagay materyèl premye plas nan lavi yo (1 Jan 2:16). Li fè anpil moun vin byen deside pou yo rich (1 Tim. 6:9, 10). Lespri sa a ka fè nou kwè pou nou santi nou an sekirite, fòk nou gen yon pakèt bagay materyèl (Pwo. 18:11). Men, si nou kite lanmou pou lajan pran plas lanmou nou gen pou Bondye, Satan ap ranpòte yon batay. Se pou nou mande tèt nou: ‘Èske sa ki pi enpòtan nan lavi m se chèche byen materyèl ak plezi?’

11 Yon lòt bò, Pawòl Bondye enspire a ankouraje nou pou n gen ekilib nan fason nou konsidere lajan e pou nou travay di pou nou pran swen tèt nou ak fanmi nou (1 Tim. 5:8). Lespri Bondye ede moun ki aksepte l yo pou yo imite Jewova ki donan anpil. Yo rekonèt moun ki anba enfliyans lespri Bondye yo kòm moun ki donan, ki bay moun plis valè pase byen materyèl e ki pran plezi pataje sa yo genyen lè yo kapab fè sa (Pwo. 3:27, 28). Anplis de sa, yo pa janm kouri dèyè lajan, se sèvis y ap bay Bondye a ki gen premye plas nan lavi yo.

12, 13. Kontrèman ak lespri monn nan, ki enfliyans lespri Bondye kapab gen sou nou pou byen nou?

12 Èske se lespri Bondye ki enfliyanse pèsonalite m oswa se lespri monn nan? (Li Kolosyen 3:8-10, 13.) Lespri monn nan ankouraje moun pratike zèv lachè (Gal. 5:19-21). Se lè yon moun anba eprèv l ap konnen ki lespri ki vrèman enfliyanse l. Pa egzanp, lè yon frè oswa yon sè nan kongregasyon an pran pòz li pa wè nou, li di oubyen li fè yon bagay ki fè nou mal oswa li menm peche kont nou, ki jan nou reyaji? Mete sou sa, lè n anndan lakay nou, nou ka rive wè si se lespri sen oswa lespri monn nan nou kite enfliyanse nou. Li ka nesesè pou nou egzamine tèt nou. Mande tèt ou: ‘Pandan sis mwa ki sot pase yo, èske pèsonalite m vin pi sanble ak pa Kris oubyen èske m retonbe nan move abitid mwen te genyen nan fason m pale ak nan fason m aji?’

13 Lespri Bondye kapab ede nou “retire ansyen pèsonalite a sou nou ansanm ak abitid li yo” epi abiye nou ak “nouvo pèsonalite a”. Sa ap ede nou vin gen plis lanmou pou moun e pou nou aji pi byen avèk yo. N ap anvi padone frè ak sè nou yo ak tout kè nou, menm lè nou ta gen bonjan rezon pou nou fache. Lè nou santi yo fè nou enjistis, nou pap eksploze ankò e nou pap gen “rankin malveyan lakay nou ansanm ak kòlè ak move san. [N ap] sispann rele sou moun [e n ap] sispann joure moun.” Olye de sa, n ap fè tout efò nou pou nou vin gen “konpasyon ak tandrès” pou lòt moun. — Efe. 4:31, 32.

14. Ki jan anpil moun nan monn nan konsidere Pawòl Bondye a?

14 Èske mwen gen respè ak lanmou pou prensip moral ki nan Bib la? (Li Pwovèb 3:5, 6.) Lespri monn nan ankouraje moun dezobeyi Pawòl Bondye a. Moun ki kite lespri sa a enfliyanse yo fèmen je yo sou tout pati nan Bib la ki sanble pa nan avantaj yo. Yo prefere suiv tradisyon ak filozofi lèzòm (2 Tim. 4:3, 4). Gen kèk moun, se pou tout Pawòl Bondye a nèt yo pa gen respè. Moun sa yo pa fin wè enpòtans Bib la genyen, yo gen dout sou orijin li e yo vin saj nan je pa yo. Pou yo menm, prensip ki nan Bib la e ki pwòp, ki pale de adiltè, omoseksyalite ak divòs, pa gen anpil enpòtans. Yo di “byen an se mal e mal la se byen”. (Iza. 5:20, NW.) Èske lespri sa a enfliyanse nou? Èske lè nou nan pwoblèm se sou sajès lèzòm ak pwòp lide pa nou nou konte? Oubyen èske nou fè tout efò nou pou nou suiv konsèy Bib la bay?

15. Olye nou konte sou sajès pa nou, ki sa nou dwe fè?

15 Lespri Bondye fè nou vin gen respè pou Labib. Menm jan ak salmis la, nou konsidere Pawòl Bondye a tankou yon chandèl ki ede nou wè kote n ap mete pye nou e tankou yon limyè pou klere chemen nou (Sòm 119:105). Olye nou konte sou sajès pa nou pou nou deside sa ki byen ak sa ki mal, nou pito mete konfyans nou nan Pawòl Bondye fè ekri a. Nonsèlman nou aprann respekte Bib la, men tou, nou aprann renmen lwa Bondye yo. — Sòm 119:97.

Aprann nan men Jezi

16. Sa sa mande pou yon moun gen “panse Kris”?

16 Pou nou resevwa lespri Bondye, nou dwe gen “panse Kris”. (1 Kor. 2:16.) Pou nou gen “menm mantalite Kris Jezi te genyen an”, sa mande pou nou konnen fason li te konn panse, fason li te konn aji e pou nou imite l (Wom. 15:5; 1 Pyè 2:21). Annou wè kèk fason nou ka fè sa.

17, 18. a) Ki sa Jezi aprann nou sou lapriyè? b) Poukisa nou dwe “kontinye mande”?

17 Priye Bondye pou l ba w lespri sen. Jezi pa t tann se lè l devan eprèv pou l priye Bondye pou l mande l èd lespri sen (Lik 22:40, 41). Nou menm tou, nou bezwen fè menm jan an. Tout moun ki gen lafwa e ki mande Jewova lespri sen, l ap ba yo l san grate tèt (Lik 11:13). Men sa Jezi te di: “Kontinye mande, e y ap ban nou. Kontinye chèche, e n ap jwenn. Kontinye frape, e y ap ouvri pou nou. Paske, tout moun k ap mande ap resevwa. Tout moun k ap chèche ap jwenn. E tout moun k ap frape, y ap ouvri pou yo.” — Mat. 7:7, 8.

18 Lè n ap chèche èd lespri sen Jewova, nou pa dwe kouri sispann mande l li. Nou ka bezwen priye pi souvan e nou ka bezwen pran plis tan pou n priye. Pafwa, Jewova konn kite moun k ap priye l yo montre si yo bezwen sa yo mande a toutbonvre e si yo gen lafwa toutbonvre anvan l reponn priyè yo *.

19. Ki sa Jezi te toujou fè, e poukisa nou dwe imite l?

19 Obeyi Jewova nan tout bagay. Jezi te toujou fè sa ki fè Papa l plezi. Te gen omwen yon fwa, Jezi te vle yon bagay ki pa t ann amoni ak sa Papa l te vle. Malgre sa, ak konfyans, men sa Jezi te di Papa l: “Se pa volonte pa m ki pou fèt, men se volonte pa w.” ​(Lik 22:42). Mande tèt ou: ‘Èske m obeyi Bondye menm lè sa pa fasil?’ Pou yon moun gen lavi, li esansyèl pou l obeyi Bondye. Nou dwe obeyi Bondye nan tout bagay paske se li ki fè nou, se li ki ban nou lavi e se li ki kenbe nou vivan (Sòm 95:6, 7). Pa gen anyen ki ka ranplase obeyisans. San obeyisans, nou pa ka gen favè Bondye.

20. Sou ki sa lavi Jezi te santre, e ki jan nou ka imite Jezi?

20 Chèche konn Bib la byen. Lè Jezi t ap reziste anba atak Satan te fè sou li pou l fè l pèdi lafwa, Jezi te site Ekriti yo (Lik 4:1-13). Lè l te anfas chèf relijye ki te opoze ak li yo, li te sèvi ak Pawòl Bondye a pou l reponn yo (Mat. 15:3-6). Tout lavi Jezi te santre sou konnen lwa Bondye yo epi obeyi yo (Mat. 5:17). Nou menm tou, n ap kontinye mete Pawòl Bondye a nan lespri nou paske l ap fòtifye lafwa nou (Fil. 4:8, 9). Pou kèk nan nou, se pa yon bagay ki fasil pou nou jwenn tan pou nou fè etid pèsonèl ak adorasyon an fanmi. Se sa k fè, nou ka oblije kreye tan. — Efe. 5:15-17.

21. Ki dispozisyon k ap ede nou konnen Pawòl Bondye a pi byen epi aplike l?

21 Dispozisyon “esklav fidèl ki prevwayan an” pran pèmèt nou jwenn tan pou nou gen yon sware chak semèn pou nou fè etid pèsonèl nou oswa adorasyon an fanmi (Mat. 24:45). Èske w byen itilize tan sa a? Pou w ka rive gen panse Kris, èske w pa ta kapab fè rechèch pou w konnen sa Jezi te anseye sou kèk sijè ki enterese w? Ou ta kapab itilize Index des publications Watch Tower pou w ka jwenn plis enfòmasyon sou sijè ki enterese w la. Pa egzanp, soti nan ane 2008 pou rive nan ane 2010, gen yon ribrik ki gen tit “Sa Jezi aprann nou” ki te parèt plizyè fwa nan Toudegad yo fè pou piblik la. Ou ka itilize atik sa yo nan etid pèsonèl ou oswa nan adorasyon an fanmi. Apati ane 2006, gen yon ribrik ki te parèt nan Réveillez-vous! ki gen tit “Que répondriez-vous?” Yo te vini ak ribrik sa a nan objektif pou ede w gen plis konesans sou Pawòl Bondye a epi etidye l an pwofondè. Poukisa ou pa sèvi ak jan de enfòmasyon sa yo detanzantan lè w ap fè adorasyon an fanmi?

Nou kapab venk monn nan

22, 23. Ki sa nou dwe fè pou nou venk monn nan?

22 Pou lespri Bondye gide nou, nou dwe reziste kont lespri monn nan. Se pa yon bagay ki fasil, sa kapab yon gwo lit (Jid 3). Men, nou ka gen laviktwa! Paske, men sa Jezi te di disip li yo: “Nou gen tribilasyon nan monn nan, men pran kouraj! Mwen venk monn nan.” — Jan 16:33.

23 Nou menm tou, nou ka venk monn nan si nou reziste kont lespri monn nan e si nou fè tout sa nou kapab pou nou aksepte lespri Bondye. An reyalite, “si Bondye pou nou, kiyès ki ka kanpe anfas nou?” ​(Wom. 8:31). Lè nou aksepte lespri Bondye e nou suiv direksyon li bay nan Bib la, n ap gen satisfaksyon, lapè, kè kontan ak garanti n ap jwenn lavi pou toutan nan monn nouvo ki pa lwen rive a.

[Nòt anba paj]

^ § 18 Pou plis enfòmasyon, gade nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a, paj 170-173.

Èske nou sonje?

• Poukisa lespri monn nan gaye konsa?

• Ki kat kesyon nou dwe poze tèt nou?

• Site twa bagay nou aprann nan men Jezi k ap ede nou resevwa lespri Bondye.

[Kesyon]

[Foto nan paj 8]

Kòman kèk zanj fè vin tounen demon?

[Foto nan paj 10]

Satan sèvi ak lespri monn nan pou l kontwole moun, men, nou kapab soti anba enfliyans li.