Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Lè Jezi Kris te voye 12 apot li yo al preche, èske li te di yo pou yo mache ak baton yo e pou yo mete sandal nan pye yo?

Gen kèk moun ki di toule twa pòsyon nan Evanjil yo ki pale sou moman kote Jezi te voye apot li yo al preche a an kontradiksyon youn ak lòt. Men, lè nou konpare twa pòsyon sa yo, n ap rive konprann yon bagay ki vrèman enteresan. Toudabò, annou konpare sa Mak ak Lik te ekri. Men sa Mak te ekri: “[Jezi] ba yo lòd pou yo pa pote anyen pou vwayaj la, eksepte yon baton. Yo pa dwe pote ni pen, ni sak pou pwovizyon, ni yo pa dwe pote kòb nan bous yo konn mare nan senti yo a. Men, li di yo pou yo met sandal nan pye yo, e pou yo pa pote de rad.” ​(Mak 6:7-9). Lik te ekri: “Pa pote anyen pou vwayaj la, ni baton, ni sak pou pwovizyon, ni pen, ni lajan. Pinga n al ak yon lòt rad nonplis.” ​(Lik 9:1-3). Èske nou remake swadizan kontradiksyon an? Selon Mak, Jezi te di apot yo te dwe pote yon baton e yo te dwe mete sandal nan pye yo, men Lik rapòte Jezi te di yo pa t dwe pote anyen ditou, pa menm yon baton. Mak te pale de sandal, Lik pa pale de bagay konsa menm.

Pou nou ka konprann ki sa Jezi te vle di nan moman sa a, annou gade ekspresyon ki parèt nan toule twa pòsyon sa yo. Menm jan Mak ak Lik te di sa, Matye fè konnen Jezi te di apot li yo pou yo pa pote oswa mete “de rad” e nou jwenn sa nan Matye 10:5-10. Nòmalman, chak apot te deja gen yon rad sou li. Donk, yo pa t dwe pran yon lòt rad ankò pou vwayaj la. Se menm bagay la tou pou sandal yo. Mak te mete aksan sou enpòtans pou yo “met sandal nan pye yo,” sa vle di, pou yo ale ak sandal yo te deja gen nan pye yo. E pou baton yo menm? Men sa yon liv referans (The Jewish Encyclopedia) di sou sa: “Sanble tout Juif nan tan lontan yo te gen abitid mache ak yon baton.” ​(Jen. 32:10). Selon Mak, Jezi te di apot yo pou yo “pa pote anyen pou vwayaj la” sof baton yo te deja gen nan men yo lè Jezi t ap pale avèk yo a. Kidonk, ekriven Evanjil yo t ap mete aksan sou enstriksyon Jezi te bay pou yo pa pèdi tan al pran lòt bagay pou vwayaj la.

Matye te tande enstriksyon Jezi te bay la e li te mete aksan sou menm pwen sa a. Men sa li te ekri: “Pa chèche gen ni lò, ni ajan, ni kuiv pou nou mete nan bous nou konn met nan senti nou. Pa chèche gen ni sak pou pwovizyon pou vwayaj la, ni de rad, ni sandal, ni baton. Paske, ouvriye a merite pou yo ba l manje.” ​(Mat. 10:9, 10). E ki sa apot yo t apral fè ni ak sandal ni ak baton yo te deja genyen yo? Jezi pa t di yo pou yo voye sa yo te deja genyen yo jete, men li te di yo pou yo pa al chèche lòt. Poukisa Jezi te ba yo lòd sa a? Paske “ouvriye a merite pou yo ba l manje”. Se te pwen prensipal nan kòmandman Jezi a e sa te ann amoni ak konsèy li te bay nan Sèmon sou montay la lè l te fè yo konnen yo pa bezwen bay tèt yo pwoblèm ni pou sa y ap manje, ni pou sa y ap bwè, ni pou sa y ap met sou yo. — Mat. 6:25-32.

Menmsi pòsyon sa yo nan Evanjil yo ka sanble yo an kontradiksyon, yo toule twa mete aksan sou menm bagay. Apot yo te dwe al preche jan yo te ye a e yo pa t dwe al chèche lòt bagay yon fason pou sa pa t fè yo distrè. Poukisa? Paske Jewova t ap ba yo sa yo gen bezwen.

Kiyès ki “yon fi, wi, plizyè fi” Salomon te pale de yo a? — Ekl. 2:8, NW.

Nou pa konnen egzakteman kiyès yo te ye, men, li posib pou se te medam gwo renome Salomon te rankontre pandan li te wa a.

Nan Eklezyas chapit 2, Salomon te pale de plizyè bagay li te fè, san wete gwo pwojè konstriksyon li te genyen yo. Men sa l te di: “Mwen te ranmase ajan ak lò pou tèt mwen, ak byen ki pou wa ak distri administratif yo. Mwen te gen gason k ap chante pou mwen, fi k ap chante pou mwen ak sa pitit gason lèzòm yo renmen anpil la: yon fi, wi, plizyè fi.” — Ekl. 2:8, NW.

Gen plizyè kòmantè ki fèt kòmkwa “plizyè fi” sa yo Salomon te pale de yo a se te pil madanm etranje ak pil madanm sou kote li te genyen anvan li te mouri yo, madanm ki te fè l tonbe nan adore fo dye (1 Wa 11:1-4). Men, esplikasyon sa a bay anpil pwoblèm. Pou kòmanse, lè Salomon te ekri pawòl sa yo, li te deja konnen “yon fi, wi, plizyè fi” sa yo e nan moman sa a, li te gen favè Jewova toujou paske Jewova te sèvi ak lespri sen l pou Salomon te ka ekri kèk liv nan Bib la. Donk, nan ane ki te vin apre yo, li t ap difisil anpil pou Bondye ta kite Salomon ekri liv nan Bib la lè l te vin granmoun paske li te kite plizyè santèn madanm etranje li te genyen yo ak bann madanm sou kote l yo pran tèt li epi fè l sèvi fo dye.

Nan liv Eklezyas la, Salomon te di “li pran san li pou li jwenn pawòl ki pou fè moun plezi. Men nan tou sa li ekri, li bay verite a jan li wè l la.” ​(Ekl. 12:10). Salomon te konnen ki mo pou l mete pou “madanm”, “renn” ak “madanm sou kote”, paske li te sèvi ak mo sa yo nan sa Bondye te enspire l pou l ekri yo (Pwo. 5:18; 12:4; 18:22; Ekl. 9:9; Chan 6:8, 9, NW). Men, Salomon pa t itilize mo sa yo nan Eklezyas 2:8 la byenke li te byen konnen yo.

Mo ebre, lè yo tradui l nou mete “yon fi, wi, plizyè fi” pou li a, se sèl nan Eklezyas 2:8 nou jwenn li nan Bib la. Gen biblis ki rekonèt yo pa konprann sans mo ebre sa a. Gen anpil tradiktè Labib ki konprann y ap pale de anpil fi. Gen kèk tradiksyon Labib, tankou Tradiksyon monn nouvo a, ki mete “yon fi, wi, plizyè fi” pou bay sans sa a.

Salomon te sitèlman gen gwo renome, sa te fè menm rèn ki t ap gouvène peyi Cheba a, yon peyi ki te gen anpil richès, te tande pale de li. Rèn nan te vin vizite Salomon e li te rete bouch ouvè devan sa l te wè ak sa l te tande (1 Wa 10:1, 2). Sa montre youn nan sans ekspresyon “yon fi, wi, plizyè fi” Salomon te itilize a te kapab genyen. Petèt li t ap pale de medam gwo renome li te rankontre lè l te wa pandan tout ane li te fidèl devan Jewova yo.