Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pwen enteresan ki nan Sòm yo — Premye liv

Pwen enteresan ki nan Sòm yo — Premye liv

Pawòl Jewova a vivan

Pwen enteresan ki nan Sòm yo — Premye liv

KI TIT ki ta ka pi apwopriye pou yon liv nan Bib la pifò pati ladan l se louwanj pou Kreyatè nou an, Jewova Dye ? Pa gen lòt non ki ta ka pi apwopriye pase Sòm, ki vle di Louwanj. Liv sa a, ki pi long nan Bib la, gen yon bann bèl chante yo konpoze ki pale de kalite estrawòdinè Bondye yo, aksyon pisan li te reyalize, ansanm ak yon pakèt pwofesi. Nan anpil nan chante sa yo, ekriven yo eksprime santiman yo te genyen lè yo te nan sitiyasyon ki difisil anpil. Konpozisyon pawòl sa yo kouvri yon peryòd anviwon mil an, soti depi nan epòk pwofèt Moyiz rive nan epòk apre egzil la. Ekriven yo se Moyiz, wa David ansanm ak lòt moun ankò. Se prèt Ezra yo di ki te fè aranjman nan liv la pou mete l jan l ye la a.

Depi lantikite, yo te gentan divize liv Sòm yo an senk gwoup chante, oubyen an senk seksyon : 1) Sòm 1-41 ; 2) Sòm 42-72 ; 3) Sòm 73-89 ; 4) Sòm 90-106 ; e 5) Sòm 107-150. Atik sa a ap egzamine premye gwoup la. Nan seksyon sa a, se wa David nan Izrayèl tan lontan an yo di ki te ekri tout sòm sa yo, eksepte twa ladan yo : Sòm 1, Sòm 10 ak Sòm 33. Yo pa idantifye kiyès ki te konpoze twa sòm sa yo.

“ BONDYE M NAN SE WÒCH MWEN ”

(Sòm 1:1–24:10)

Apre premye sòm nan fin deklare moun ki pran plezi nan lwa Jewova se moun ki ere, dezyèm sòm nan antre tou dwat nan yon lòt tèm : Wayòm nan *. Nan gwoup sòm sa yo, gen anpil siplikasyon ki fèt bay Bondye. Pa egzanp, Sòm 3-5, 7, 12, 13, ak 17, se demann konsènan delivrans anba lènmi. Sòm 8 mete aksan sou grandè Jewova parapò ak lèzòm ki pa reprezante anyen.

Men sa David te di nan yon chante pou l dekri Jewova antanke Sila k ap pwoteje pèp li : “ Bondye m nan se wòch mwen. M ap pran refij nan li. ” ​(Sòm 18:2). Nan Sòm 19, Jewova resevwa louwanj antanke Kreyatè e antanke Lejislatè, nan Sòm 20, antanke Sovè, e nan Sòm 21, antanke Sovè Wa li wenn nan. Sòm 23 prezante l antanke Gran Bèje a, tandiske Sòm 24 prezante l antanke Wa glorye a.

Kesyon biblik ak tout repons :

2:1, 2 — Ki “ bagay ki pa itil ” nasyon yo kontinye ap pale tou ba a ? “ Bagay ki pa itil ” la se sousi gouvènman lèzòm yo toujou genyen pou yo kontinye egzèse otorite yo. Sa pa itil, paske objektif yo genyen an deja kondane pou l echwe. Èske gwoupman nasyonal yo ap janm reyisi vrèman etan yo pran pozisyon “ kont Jewova e kont wen l lan ” ?

2:7 — Ki sa “ dekrè Jewova a ” ye ? Dekrè sa a se alyans pou yon wayòm Jewova fè avèk Pitit li renmen anpil la, Jezi Kris. — Lik 22:28, 29.

2:12 — Nan ki sans dirijan nasyon yo ap “ anbrase pitit gason an ” ? Nan tan biblik yo, anbrase yon moun se te yon fason pou demontre amitye ak fidelite. Se te yon fason tou pou akeyi envite. Yo bay wa latè yo lòd pou yo anbrase Pitit Gason an, sa vle di pou yo akeyi l antanke Wa mesyanik.

3:nòt ki anlè sòm nan — Pou ki rezon yo mete antèt nan yon seri sòm ? Pafwa, antèt sa yo idantifye ekriven an, oubyen yo bay enfòmasyon sou sikonstans yo te ekri sòm nan, e pafwa li fè toule de alafwa, tankou nan Sòm 3. Anplis, nòt ki anlè yon sòm kapab esplike rezon ki te fè yo konpoze sòm sa a, oubyen jan yo te konn sèvi avè l (Sòm 4 ak 5), oubyen tou li kapab bay enstriksyon mizikal sou li (Sòm 6).

3:2 — Ki sa “ Sèla ” a vle di ? Jeneralman, yo panse ekspresyon sa a reprezante yon poz pou fè moun medite, se kapab yon poz nan pawòl yo sèlman, oswa se kapab yon poz ni nan pawòl yo ni nan mizik la. Poz la te sèvi pou mete plis aksan sou panse oswa sou santiman yo sot mansyone a. Lè yon moun ap li Sòm yo awotvwa an piblik, li pa bezwen li l.

11:3 — Ki fondasyon sa yo ki demoli a ? Se fondasyon ki sèvi kòm baz sosyete lèzòm yo, tankou lalwa, lòd ak jistis. Lè tout bagay sa yo tèt anba, dezòd sosyal met pye, e vin pa gen jistis. Nan kondisyon sa yo, “ yon moun ki jis ” dwe mete tout konfyans li nan Bondye. — Sòm 11:4-7.

21:3 — Ki sa “ kouwòn lò rafine ” a endike ? Yo pa di si se te yon kouwòn literal oubyen si li te senbolize glwa David te jwenn ki te vin ogmante akoz tout viktwa li te ranpòte yo. Sepandan, yon fason pwofetik, vèsè sa a fè referans ak kouwòn Jezi te resevwa antanke wa nan men Jewova nan ane 1914. Lefètke kouwòn sa a fèt annò, sa montre rèy li a se pi bon rèy ki ka genyen.

22:1, 2 — Sa k fè David te ka santi Jewova te abandone l ? David te anba gwo presyon akoz ènmi l yo, opwen ‘ kè l te vin tankou lasi, li te fonn jis nan zantray li ’. (Sòm 22:14.) Nan je pa l, sa te ka sanble Jewova abandone l. Lè yo te kloure Jezi sou poto a, li te santi menm bagay la tou (Matye 27:46). Pawòl David yo reflete reyaksyon nòmal li te genyen antanke imen nan sitiyasyon dezespere li te ye a. Sepandan, nan priyè David te fè nan Sòm 22:16-21 an, li evidan David pa t pèdi lafwa nan Bondye.

Leson pou nou jodi a :

1:1. Nou dwe evite frekante moun ki pa renmen Jewova. — 1 Korentyen 15:33.

1:2. Nou pa dwe kite yon jou pase san nou pa egzamine yon sijè espirityèl. — Matye 4:4.

4:4. Lè nou fache oswa nou ankòlè, n ap montre nou saj si nou kenbe lang nou pou nou pa di yon bagay nou pral regrèt apre. — Efezyen 4:26.

4:5. Sakrifis espirityèl nou yo ap “ sakrifis jistis ”, sèlman si nou fè yo ak bon mobil e si konduit nou ann amoni ak egzijans Jewova yo.

6:5. Pou ki rezon ki pi valab yon moun ta ka vle rete vivan ? — Sòm 115:17.

9:12. Jewova ap chèche san ki koule pou l ka pini moun ki koupab la, men li sonje “ rèl moun ki aflije yo ”.

15:2, 3 ; 24:3-5. Vrè adoratè yo dwe di laverite, yo pa dwe fè fo sèman ni fè medizans.

15:4. Nou dwe fè tout sa nou kapab pou nou kenbe pawòl nou, menmsi sa difisil anpil pou nou, amwenske nou vin reyalize pwomès nou te fè a kontrè ak sa Ekriti yo di.

15:5. Antanke adoratè Jewova, nou dwe veye pou nou pa mal sèvi ak lajan.

17:14, 15. “ Lèzòm ki nan sistèm de choz sa a ” konsakre tout yo menm pou yo mennen yon bèl vi, pou yo elve yon fanmi e pou yo kite yon eritaj dèyè yo. Men David li menm, prensipal sousi li te gen nan lavi a, se te pou l te gen yon bèl non devan Bondye, pou l te ka “ kontanple fas ” li, sa vle di pou l te ka jwenn favè Jewova. Lè David “ reveye ” sou baz pwomès ak garanti Jewova bay yo, li ta dwe santi l ‘ satisfè lè li wè fòm Li ’, oubyen li ta dwe rejwi lefètke Jewova la ansanm avè l. Èske, menm jan ak David, nou pa ta dwe fikse kè nou sou trezò espirityèl yo ?

19:1-6. Si lakreyasyon, ki pa ka ni pale ni rezone, ap bay Jewova glwa, nou pa bezwen mande si nou menm nou dwe fè sa, nou menm ki ka panse, ki ka pale e ki ka adore ! — Revelasyon 4:11.

19:7-11. Egzijans Jewova yo, se pa ti bon yo bon pou nou !

19:12, 13. Erè ak aksyon ki demontre prezonpsyon, se peche nou dwe evite.

19:14. Nou dwe fè atansyon nonsèlman ak sa n ap fè, men tou ak sa n ap di e ak sa n ap panse.

“ PASKE MWEN ENTÈG OU SOUTNI M ”

(Sòm 25:1–41:13)

Nan de premye sòm ki nan gwoup sòm sa yo, David te eksprime dezi sensè ak detèminasyon fèm li te genyen pou l kenbe entegrite l. Li te di : “ Kanta pou mwen, m ap mache nan entegrite m. ” ​(Sòm 26:11). Nan yon priyè li te fè pou l mande padon pou peche l yo, men sa li te rekonèt : “ Lè m te fè silans, zo mwen t ap depafini nan jemisman m tout lajounen. ” ​(Sòm 32:3). David bay moun ki fidèl devan Jewova yo asirans sa a : “ Je Jewova sou moun ki jis yo, e zòrèy li nan direksyon rèl yo fè pou mande sekou. ” — Sòm 34:15.

Konsèy yo bay nan Sòm 37 la te gen anpil valè pou Izrayelit yo, e yo gen anpil valè pou nou menm k ap viv nan “ dènye jou ” sistèm de choz sa a (2 Timote 3:1-5). Nan yon langaj pwofetik konsènan Kris Jezi, men sa Sòm 40:7, 8 deklare : “ Men mwen vini, nan woulo liv la se sa ki ekri konsènan mwen menm. Pou m fè volonte w, o Bondye mwen, mwen pran plezi, epi lalwa w chita jis nan zantray mwen. ” Dènye sòm nan gwoup sòm sa a pale konsènan demann David te fè pou Jewova te ede l lè li te nan ane difisil li te viv apre li te fin peche ak Batcheba. Li te di : “ Kanta mwen menm, akoz entegrite m ou soutni m. ” — Sòm 41:12.

Kesyon biblik ak tout repons :

26:6 — Ki jan, nan yon sans senbolik, n ap mache toutotou lotèl Jewova a, menm jan ak David ? Lotèl la reprezante volonte Jewova genyen pou l aksepte sakrifis ranson Jezi Kris la pou rachte limanite (Ebre 8:5 ; 10:5-10). N ap mache toutotou lotèl Jewova a lè nou egzèse lafwa nan sakrifis sa a.

29:3-9 — Ki sa yo vle montre lè yo konpare vwa Jewova ak yon kout loray enpresyonan k ap gaye kò l ? Yo senpleman vle montre pisans enpresyonan Jewova genyen.

31:23 — Ki jan yon moun ki ògeye jwenn sa l merite depase limit ? Sa l merite y ap pale la a se pinisyon. Yon moun ki jis jwenn sa l merite sou fòm disiplin nan men Jewova pou fot li fè san l pa fè espre. Etandone yon moun ki ògeye pa kite move fason l ap viv la, li resevwa sa l merite depase limit sou fòm pinisyon ki sevè. — Pwovèb 11:31 ; 1 Pyè 4:18.

33:6 ; nòt anba paj — Ki sa “ lespri ”, oswa “ souf ”, ki soti nan bouch Jewova a ye ? Lespri sa a se fòs aktif Bondye, sa vle di lespri sen li, e se avè l Bondye te sèvi pou l kreye syèl fizik la (Jenèz 1:1, 2). Yo rele l lespri bouch li paske, menm jan ak yon souf ki fò, li kapab voye l al akonpli bagay ki byen lwen.

35:19 — Ki sa David te vle di lè l te mande pou Bondye pa kite moun ki rayi l yo touye je yo sou li ? Si ènmi David yo ta touye je yo, sa t ap endike kontantman yo genyen poutèt plan malveyan yo te genyen kont David yo reyisi. David te mande pou sa pa t rive.

Leson pou nou jodi a :

26:4. Li saj pou nou evite frekante moun k ap kache sa yo ye etan y ap chat sou Entènèt, moun nan lekòl nou oswa nan travay nou ki pretann yo se zanmi nou, men ki gen vye rezon dèyè tèt yo, aposta k ap pran pòz yo sensè, ansanm ak moun k ap mennen yon vi doub.

26:7, 12 ; 35:18 ; 40:9. Nou dwe fè louwanj piblikman pou Jewova nan rasanbleman kretyen yo.

26:8 ; 27:4. Èske nou renmen al nan reyinyon ?

26:11. Pandan David ap eksprime detèminasyon li genyen pou l rete entèg, li te tou mande Bondye pou l rachte l. Wi, nou kapab rete entèg malgre nou enpafè.

29:10 ; nòt anba paj. Lefètke Jewova chita sou “ delij la ”, oubyen ankò sou “ lanmè selès la ”, sa endike li kontwole pisans li totalman.

30:5. Prensipal kalite Jewova se lanmou, se pa kòlè.

32:9. Jewova pa vle nou tankou yon milèt oswa yon bourik k ap obeyi akoz yon brid oswa yon fwèt. Okontrè, li vle se nou ki pou chwazi obeyi l paske nou konprann volonte l.

33:17-19. Pa gen okenn sistèm lèzòm mete sou pye, kèlkeswa jan li solid, ki ka bay delivrans. Se nan Jewova ak nan Wayòm li an nou dwe mete konfyans nou.

34:10. Ala yon bèl asirans moun ki mete enterè Wayòm nan nan premye plas nan vi yo genyen !

39:1, 2. Lè mechan yo ap chèche enfòmasyon pou fè kwayan parèy nou ditò, li saj ‘ pou nou mete yon mizo tankou yon gad pou bouch nou ’ e pou nou fè silans.

40:1, 2. Lè nou mete espwa nou nan Jewova, sa ka ede nou konbat depresyon, pou n “ sot nan twou k ap gwonde a, nan ma labou ki nan fon an ”.

40:5, 12. Ni difikilte ni feblès nou yo, menmsi yo ta anpil, yo pa ka anglouti nou si nou toujou sonje benediksyon nou resevwa yo ‘ plis pase sa nou kapab konte ’.

“ Benediksyon pou Jewova ”

Karanteyen sòm ki nan premye gwoup la rekonfòtan e yo ankourajan anpil. Si n ap sibi eprèv oswa si nou gen yon konsyans k ap toumante nou, nou kapab jwenn fòs ak ankourajman nan pati sa a nan Pawòl Bondye a ki pisan (Ebre 4:12). Sòm sa yo gen enfòmasyon ki ban nou bonjan direksyon nan lavi nou. Plizyè kote ladan yo, nou jwenn asirans nan kèlkeswa difikilte nou ta twouve nou, Jewova pap janm abandone nou.

Men avèk ki pawòl premye gwoup sòm yo fini : “ Benediksyon pou Jewova, Bondye Izrayèl la, depi tan endefini pou rive tan endefini. Amèn e amèn. ” ​(Sòm 41:13). Apre nou fin egzamine sòm sa yo, èske nou pa santi nou pouse pou nou beni Jewova, sa vle di pou nou louwe li ?

[Nòt anba paj]

^ § 3 Sòm 2 te gen yon premye akonplisman nan epòk David la.

[Antrefilè nan paj 9]

Si kreyasyon ki pa gen vi bay Jewova glwa, nou pa bezwen mande si nou menm nou dwe fè sa !

[Foto nan paj 7]

Se David ki te konpoze pifò nan 41 premye sòm yo.

[Foto nan paj 8]

Èske w konnen ki sòm ki prezante Jewova antanke Gran Bèje a?

[Foto nan paj 10]

Pa kite yon jou pase san w pa egzamine yon sijè espirityèl.

[Liy kredi pou foto nan paj 7]

Etwal : grasa otorizasyon United States Naval Observatory

[Liy kredi pou foto nan paj 9]

Etwal, paj 8 ak 9 : grasa otorizasyon United States Naval Observatory

[Liy kredi pou foto nan paj 10]

Etwal : grasa otorizasyon United States Naval Observatory