Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yon seri vizyon sou Wayòm Bondye a ki tounen reyalite

Yon seri vizyon sou Wayòm Bondye a ki tounen reyalite

Yon seri vizyon sou Wayòm Bondye a ki tounen reyalite

“ Nou fè byen lè nou bay [pawòl pwofetik la] atansyon nou tankou yon lanp k ap klere nan yon kote ki fènwa. ” — 2 PYÈ 1:19.

1. Ki kontras ki genyen nan monn nan jodi a ?

JODI a, prèske tout kote w pase sou tè a, se yon kriz apre yon lòt. Pwoblèm limanite sanble san kontwòl. Si se pa dezas ekolojik ki rive, se zak teworis k ap fèt tribò babò. Menm relijyon ki nan monn nan pa rive bay yon èd. Okontrè, souvan yo agrave bagay yo paske yo lakòz gen plis entolerans ak plis hèn, e yo rann moun yo pi nasyonalis, bagay ki divize moun k ap viv sou tè a. Wi, jan Labib te predi sa, gen yon “ fènwa pwès ” ki vlope “ kominote nasyonal yo ”. (Izayi 60:2.) Poutan, anmenmtan, gen plizyè milyon moun, yo menm, ki gade lavni avèk konfyans. Sa k fè sa ? Se paske yo bay pawòl pwofetik Bondye a “ atansyon tankou yon lanp k ap klere nan yon kote ki fènwa ”. Moun sa yo kite “ pawòl ” Bondye a, oswa mesaj kounye a ki nan Bib la, gide pa yo. — 2 Pyè 1:19.

2. Selon pwofesi Danyèl la anrapò ak “ tan lafen an ”, kiyès sèlman ki ka rive gen yon bon konpreyansyon sou kesyon espirityèl ?

2 Anpalan de “ tan lafen an ”, men sa pwofèt Danyèl ekri : “ Anpil moun gen pou yo ale adwat agoch, e vrè konesans lan gen pou l vin anpil. Anpil moun pral pirifye tèt yo e yo pral blanchi tèt yo e yo pral vin rafine. E kanmenm, mechan yo pral aji avèk mechanste, e pa gen okenn mechan k ap konprann. Men, moun ki pèspikas yo ap konprann. ” ​(Danyèl 12:4, 10). Se sèlman si yon moun “ ale adwat agoch ”, sa vle di li etidye Pawòl Bondye a avèk dilijans, li soumèt li anba prensip Li yo e li fè tout efò l pou l fè volonte Bondye, l ap rive gen yon bon konpreyansyon sou kesyon espirityèl. — Matye 13:11-15 ; 1 Jan 5:20.

3. Pandan ane 1870 yo, ki verite enpòtan premye etidyan Labib yo te rive disène ?

3 Depi nan ane 1870 yo, anvan “ dènye jou yo ” te kòmanse, Jewova Dye te kòmanse fè moun jwenn plis limyè sou “ sekrè sakre wayòm ki nan syèl la ”. (2 Timote 3:1-5 ; Matye 13:11.) Nan epòk sa a, gen yon gwoup etidyan Labib ki te rive disène retou Kris la t ap envizib, kontrèman ak sa anpil moun te panse. Apre yo fin enstale Jezi sou twòn nan nan syèl la, li t apral bay tè a tout atansyon l antanke Wa. Se nan sans sa a li t apral retounen. Disip li yo t apral jwenn yon siy vizib, yon siy konpoze, ki t apral pèmèt yo disène prezans li kòmanse. — Matye 24:3-14.

Lè yon vizyon vin tounen reyalite

4. Ki jan Jewova fòtifye fwa sèvitè l yo k ap viv nan epòk nou an ?

4 Vizyon transfigirasyon an se yon apèsi estrawòdinè sou glwa Kris t apral genyen nan Wayòm li an (Matye 17:1-9). Se yon vizyon ki te fòtifye fwa Pyè, Jak ak Jan, nan yon moman kote anpil moun te sispann suiv Jezi poutèt li pa t aksepte fè yon seri de bagay yo te vle l fè ki kontrè ak Ekriti yo. Se menm jan an, nan tan lafen an, Jewova fòtifye fwa sèvitè l yo. Li pèmèt yo jwenn plis limyè sou akonplisman kokenn vizyon sa a ansanm ak kèk lòt pwofesi ki gen rapò ak sa. Kounye a, ann fè yon ti rete sou kèk nan reyalite espirityèl sa yo ki ka fòtifye fwa nou.

5. Kiyès ki Etwal dimaten an ? Ki lè li te ‘ leve ’, e ki jan ?

5 Anpalan de transfigirasyon an, men sa apot Pyè te di : “ Donk, pawòl pwofetik la vin pi sèten pou nou, e nou fè byen lè nou ba li atansyon tankou yon lanp k ap klere nan yon kote ki fènwa, jiskaske li kòmanse jou, pou yon etwal dimaten leve, nan kè nou. ” ​(2 Pyè 1:19). Etwal dimaten senbolik sa a, oubyen tou “ etwal dimaten k ap briye a ”, se pa lòt moun, se Jezi Kris glorifye (Revelasyon 22:16). Li te ‘ leve ’ an 1914 lè Wayòm Bondye a te pran nesans nan syèl la, e sa te tou make kòmansman yon nouvo epòk (Revelasyon 11:15). Nan vizyon transfigirasyon an, apot yo wè Moyiz ak Eliya parèt bò kote Jezi e y ap konvèse ak li. Kiyès yo prefigire ?

6, 7. Nan transfigirasyon an, kiyès Moyiz ak Eliya reprezante, e ki detay enpòtan Labib revele sou moun yo reprezante yo ?

6 Piske Moyiz ak Eliya te asosye ak Kris nan glwa li, de temwen fidèl yo dwe reprezante moun k ap gen pou reye ak Jezi nan Wayòm li an. Wi, Jezi ap gen moun ki pral dirije ansanm avè l, e fason nou konprann pwen sa a ann amoni ak vizyon Danyèl te jwenn sou Mesi a ki enstale sou twòn nan. Danyèl te wè “ yon moun ki sanble ak yon pitit gason lòm ” ki resevwa “ yon dominasyon ki la pou toutan ” nan men Jewova Dye, “ Ansyen an jou a ”. Men, remake ki sa yo montre Danyèl yon tikras tan apre sa. Li ekri : “ E wayòm nan, ak dominasyon an ak grandè wayòm yo ki anba tout syèl la, yo bay pèp moun sen ki pou Siprèm nan. ” ​(Danyèl 7:13, 14, 27). Wi, plis pase senk syèk anvan transfigirasyon an, Bondye te gentan fè konnen t ap gen “ moun sen ” ki t apral asosye ak Kris nan grandè li pral genyen antanke wa.

7 Sen sa yo Danyèl wè nan vizyon an, kiyès yo ye ? Se konsènan moun sa yo apot Pòl t ap pale lè l te di : “ Lespri a menm bay lespri pa nou asirans nou se pitit Bondye. Donk, si nou se pitit, nou se eritye tou : wi, nou se eritye Bondye, men nou gen menm eritaj ak Kris, depi nou soufri avèk li, pou nou ka glorifye tou avèk li. ” ​(Women 8:16, 17). Sen y ap pale la yo, se pa lòt moun, se disip Jezi yo ki wen ak lespri sen. Nan liv Revelasyon an, Jezi di : “ Moun ki pote laviktwa a, m ap pèmèt li chita avè m sou twòn mwen an, menm jan mwen te pote laviktwa e mwen te chita ak Papa m sou twòn li. ” Ap gen 144 000 ‘ moun antou ki pote laviktwa ’ ki pral resisite pou yo dirije tout tè a nèt ansanm ak Jezi. — Revelasyon 3:21 ; 5:9, 10 ; 14:1, 3, 4 ; 1 Korentyen 15:53.

8. Nan ki sans disip Jezi ki wen yo fè yon travay menm jan ak travay Moyiz ak Eliya te fè lè yo te sou tè a, e ki rezilta travay yo a bay ?

8 Toutfwa, poukisa Moyiz ak Eliya reprezante kretyen wen yo ? Rezon an se paske pandan kretyen sa yo sou tè a toujou, yo fè travay ki sanble ak travay Moyiz ak Eliya te fè. Pa egzanp, yo te sèvi antanke temwen Jewova, menm nan mitan pèsekisyon (Izayi 43:10 ; Travay 8:1-8 ; Revelasyon 11:2-12). Menm jan ak Moyiz ak Eliya, yo denonse fo relijyon an avèk kouraj toutpandan y ap egzòte moun ki sensè yo pou yo bay Bondye yon atachman san pataj (Egzòd 32:19, 20 ; Detewonòm 4:22-24 ; 1 Wa 18:18-40). Èske travay moun sa yo pote fwi ? Pote fwi pase sa se twòp ! Non sèlman yo kontribye pou kantite kretyen wen yo vin okonplè, men tou, yo ede plizyè milyon “ lòt mouton ” pou yo soumèt yo devan Jezi Kris e pou yo fè sa ak tout kè yo. — Jan 10:16 ; Revelasyon 7:4.

Kris fin acheve viktwa l

9. Ki jan Revelasyon 6:2 prezante Jezi jan l ye jodi a ?

9 Jezi pa yon senp imen ki monte sou do yon ti bourik ankò. Kounye a, li se yon Wa pisan yo prezante kòm yon kavalye k ap galope sou do yon cheval. Nan Labib, cheval senbolize lagè (Pwovèb 21:31). Revelasyon 6:2 di : “ Gade ! Yon cheval blan, e moun ki chita sou li a gen yon banza nan men l, e yo ba li yon kouwòn, e li derape antanke moun ki pote laviktwa e pou l fin acheve viktwa l. ” Anplis de sa, anpalan de Jezi, salmis David ekri : “ Baton fòs ou a, Jewova pral voye l detan nan Siyon antan l ap di : ‘ Al gouvène nan mitan ènmi w yo. ’ ” — Sòm 110:2.

10. a) Ki bèl viktwa Jezi te ranpòte lè l te fèk kòmanse galope antanke Wa ki pote laviktwa ? b) Ki efè premye viktwa Kris la te genyen sou monn nan an jeneral ?

10 Jezi te ranpòte premye viktwa l sou advèsè ki pi pisan li genyen yo : Satan ak demon yo. Li chase yo nan syèl la e li pimpe yo sou tè a. Kòm espri mechan sa yo konnen yo pa gen anpil tan devan yo, yo pase kòlè yo avèk vyolans sou limanite, e sa koze gwo malè pou tè a. Pou liv Revelasyon an reprezante malè sa a, li pale de twa lòt kavalye (Revelasyon 6:3-8 ; 12:7-12). Ann amoni ak pwofesi Jezi te bay konsènan “ siy prezans [li] ak fen sistèm de choz la ”, galope kavalye sa yo ap galope a vin fè gen lagè, grangou ak maladi mòtèl (Matye 24:3, 7 ; Lik 21:7-11). Menm jan ak doulè tranche yon fi genyen, “ doulè ” sa yo ap kontinye ogmante jiskaske Kris fin acheve viktwa li lè li detwi tout tras òganizasyon vizib Satan ap dirije a *. — Matye 24:8.

11. Ki jan istwa kongregasyon kretyen yo fòme a pwouve otorite Kris antanke Wa ?

11 Yon lòt bagay ankò ki montre otorite Jezi antanke Wa, se lefètke li prezève kongregasyon kretyen yo fòme a dekwa pou kongregasyon an ka ranpli misyon li genyen pou l preche mesaj Wayòm nan sou tout tè a. Gwo Babilòn nan, anpi mondyal fo relijyon an, ansanm ak yon seri gouvènman ki ostil opoze avèk vyolans pou predikasyon Wayòm nan pa fèt. Malgre sa, non sèlman travay predikasyon an kontinye fèt, men tou li rive atenn yon nivo li pa t janm atenn oparavan nan tout listwa (Revelasyon 17:5, 6). Èske se pa yon kokenn prèv ki montre Kris ap dirije antanke Wa ? — Sòm 110:3.

12. Poukisa anpil moun pa rive disène prezans envizib Kris la ?

12 Toutfwa, se regretan pou nou wè pifò moun, e ladan yo gen plizyè milyon moun ki di yo se kretyen, yo pa rive disène reyalite envizib ki kache dèyè tout gwo evènman k ap pase sou tè a. Yo menm pase moun k ap preche Wayòm Bondye a nan rizib (2 Pyè 3:3, 4). Poukisa ? Se paske Satan avegle entèlijans yo (2 Korentyen 4:3, 4). Dayè, pandan anpil syèk, li etann vwal fènwa espirityèl li a sou moun ki di yo se kretyen yo e li menm fè yo abandone esperans presye yo te genyen anrapò ak Wayòm nan.

Yo abandone esperans Wayòm nan

13. Ki sa vwal fènwa espirityèl la te vin lakòz ?

13 Jezi te predi sa : menm jan ak move zèb yo simen pami ble, aposta t ava fofile kò yo anndan kongregasyon kretyen yo fòme a e yo t ava pote anpil moun ale (Matye 13:24-30, 36-43 ; Travay 20:29-31 ; Jid 4). Avèk letan, swadizan kretyen sa yo te adopte yon seri de fèt, yon seri de pratik ak yon seri de doktrin payen, e yo menm bay bagay sa yo etikèt “ kretyen ”. Pa egzanp, Nwèl se yon fèt ki pran nesans nan yon seri de pratik ki gen rapò ak adorasyon Mitra ak Satin, de dye payen. Men, ki sa k te atire moun ki di yo se kretyen sa yo pou yo vin adopte fèt payen sa yo ? Men sa yon ansiklopedi rapòte : “ Moun te vin mete Nwèl kòm anivèsè nesans Jezi Kris sou pye, paske yo te sispann kwè retou Kris se yon bagay ki te san lè rive. ” — The New Encyclopædia Britannica, 1974.

14. Ki jan ansèyman Orijèn ak Ogisten mal prezante laverite sou sa Wayòm nan ye ?

14 Yon lòt pwen pou nou remake, se fason yo tòde sans mo “ wayòm ” nan. Gen yon liv ki deklare : “ Se Orijèn, [yon teyolojyen ki t ap viv nan twazyèm syèk la], ki entwodui yon chanjman nan fason kretyen yo te konn itilize mo ‘ wayòm ’ nan lè li vin ba l sans yon bagay ki pa anndan : rèy Bondye nan kè lèzòm. ” ​(The Kingdom of God in 20th-Century Interpretation). Sou ki sa Orijèn baze ansèyman sa a ? Se pa sou Ekriti yo, men se sou “ modèl filozofi ak fason monn nan wè bagay yo, ki pa menm ditou ak fason Jezi ak premye Legliz la te panse. ” Nan yon ouvraj ki rele Site Bondye (laten), Ogisten, moun Ipòn (354-430 anvan epòk nou an), deklare Wayòm Bondye a se Legliz. Opinyon ki pa biblik sa yo bay Legliz ki nan lakretyente yo baz teyolojik pou yo lage kò yo nan politik. E yo egzèse pouvwa yo pandan plizyè syèk, souvan avèk britalite. — Revelasyon 17:5, 18.

15. Ki jan Galat 6:7 akonpli sou anpil Legliz nan lakretyente ?

15 Sepandan, jodi a Legliz yo ap rekòlte sa yo te simen (Galat 6:7). Sanble gen anpil k ap pèdi pouvwa e k ap pèdi fidèl. Se yon tandans ki toutafè remakab ann Ewòp. Selon jounal Christianity Today, “ jodi a, gwo katedral ki ann Ewòp yo pa la ankò [pou sèvi] kòm kote pou moun al adore, men yo la pou sèvi kòm mize. Tout moun dezète yo, sèl moun ki al ladan yo se touris ”. Menm tandans lan egziste lòt kote nan monn nan. Ki sa sa endike konsènan fo relijyon an ? Èske l ap annik disparèt paske li pa jwenn sipò ? Ki efè sa ap genyen sou vrè adorasyon an ?

Mete nou prè pou gran jou Bondye a

16. Poukisa ostilite k ap ogmante kont Gwo Babilòn nan se yon bagay ki gen tout enpòtans li ?

16 Menm jan lè yon vòlkan ki t ap dòmi kòmanse degaje lafimen ak sann, sa montre li san lè eksploze, se konsa, tout pil ostilite sa yo ki genyen kont larelijyon an anpil kote nan monn nan montre se jou fo relijyon an ap konte. Talè konsa, Jewova pral pouse gouvènman ki nan monn nan mete tèt yo ansanm kont pwostitye espirityèl la, Gwo Babilòn nan, e yo pral devaste l (Revelasyon 17:15-17 ; 18:21). Èske vrè kretyen yo dwe pè evènman sa a ansanm ak lòt bagay ki pral genyen apre sa pandan “ gwo tribilasyon ” an (Matye 24:21) ? Pa ditou ! Okontrè, y ap gen tout rezon yo pou yo rejwi lè Bondye pral aji kont mechan yo (Revelasyon 18:20 ; 19:1, 2). Ann konsidere egzanp sa ki te pase Jerizalèm nan premye syèk la, ak sa ki te rive nan ka kretyen ki t ap viv nan vil sa a.

17. Poukisa sèvitè fidèl Jewova ka afwonte fen sistèm nan avèk konfyans ?

17 Lè lame Women yo te ansèkle Jerizalèm nan ane 66 epòk nou an, kretyen ki te vijilan yo pa t ni choke ni panike. Piske yo se moun ki te konn etidye Pawòl Bondye a avèk dilijans, yo te konnen ‘ se lè a ki te rive pou yo devaste l ’. (Lik 21:20.) Yo te konnen tou Bondye t ap ouvè pòt la ba yo pou yo ka chape poul yo. Lè sa te fèt, efektivman kretyen yo te chape poul yo (Danyèl 9:26 ; Matye 24:15-19 ; Lik 21:21). Se menm jan an jodi a, moun ki konnen Bondye e ki obeyi Pitit li a ka afwonte fen sistèm sa a avèk konfyans (2 Tesalonisyen 1:6-9). Anfèt, lè gwo tribilasyon an frape, se ap tout jwa yo pou yo ‘ kanpe dwat e pou yo leve tèt yo, paske yo konnen delivrans yo prèske rive ’. — Lik 21:28.

18. A ki sa dènye atak Gòg pral fè sou sèvitè Jewova yo pral abouti ?

18 Lè Gwo Babilòn nan fin detwi, Satan, nan wòl li jwe antanke Gòg ki soti nan peyi Magòg, pral lanse yon dènye atak dirèk kont Temwen Jewova yo, yon seri de moun pezib. Foul moun k ap avèk Gòg yo ap rive “ tankou nyaj pou kouvri peyi a ”, y ap atann yo se pral yon viktwa fasil. Men, ala yon chòk sa pral ye pou yo (Ezekyèl 38:14-16, 18-23) ! Apot Jan ekri : “ Mwen wè syèl la ouvè, epi, gade ! Yon cheval blan. E sila a ki chita sou li a, yo rele l Fidèl, yo rele l Vrè [...]. Yon epe long byen file soti nan bouch li pou l ka frape nasyon yo. ” “ Wa tout wa ” yo, Wa ki pa ka pèdi okenn batay la, pral pote tout sèvitè fidèl Jewova yo sekou e li pral elimine tout ènmi yo (Revelasyon 19:11-21). Se konsa dènye aspè vizyon transfigirasyon an ap akonpli, e se pa ti akonplisman sa ap ye !

19. Ki efè viktwa total Kris pral ranpòte a pral genyen sou disip fidèl li yo, e ki efò yo dwe fè depi kounye a ?

19 ‘ Nan jou sa a, yo pral gade Jezi avèk admirasyon anrapò ak tout moun ki egzèse lafwa. ’ ​(2 Tesalonisyen 1:10). Èske w ta renmen pami moun ki pral kanpe avèk respè devan Pitit Gason Bondye a lè l pral pote laviktwa ? Si wi, kontinye nouri fwa w e kontinye ‘ montre w pare, paske se nan yon lè ou pa panse Pitit Gason lòm nan ap vini ’. — Matye 24:43, 44.

Konsève bonsans nou

20. a) Ki jan nou ka montre nou apresye dispozisyon Bondye pran lè l ban nou yon “ esklav fidèl ki prevwayan ” ? b) Ki kesyon li ta bon pou nou poze tèt nou ?

20 Regilyèman, “ esklav fidèl ki prevwayan an ” egzòte sèvitè Bondye yo pou yo rete vijilan nan domèn espirityèl e pou yo konsève bonsans yo (Matye 24:45, 46 ; 1 Tesalonisyen 5:6). Èske ou apresye rapèl sa yo ki toujou vin atan ? Èske ou pwofite de yo pou w fikse sa w ap bay priyorite nan lavi a ? Poukisa w pa poze tèt ou kesyon sa yo : ‘ Èske m gen yon vizyon espirityèl klè ki pèmèt mwen wè Pitit Gason Bondye a ap dirije nan syèl la ? Èske m wè l pare l pou l egzekite jijman Bondye sou Gwo Babilòn nan ansanm ak rès sistèm Satan an ? ’

21. Ki rezon ki fè kèk moun konn kite vizyon espirityèl yo vin diminye, e ki sa moun sa yo dwe fè san pèdi tan ?

21 Gen kèk moun ki te vin asosye yo ak sèvitè Jewova yo ki kite vizyon espirityèl yo vin diminye. Èske se pa paske yo manke pasyans ak andirans, menm jan ak kèk nan premye disip Jezi yo ? Èske se pa enkyetid lavi a, materyalis oswa pèsekisyon ki afekte yo (Matye 13:3-8, 18-23 ; Lik 21:34-36) ? Petèt gen nan yo ki twouve kèk nan enfòmasyon “ esklav fidèl ki prevwayan an ” pibliye yo difisil pou yo konprann. Si youn nan sitiyasyon nou sot site la yo deja rive w, nou ankouraje w pou w etidye Pawòl Bondye a avèk plis dilijans toujou e pou w sipliye Jewova pou l ede w rejwenn yon relasyon solid, yon relasyon sere avè l. — 2 Pyè 3:11-15.

22. Ki efè egzamen nou sot fè sou vizyon transfigirasyon an ansanm ak lòt pwofesi ki gen rapò avè l genyen sou nou ?

22 Disip yo te wè vizyon transfigirasyon an nan yon moman kote yo te bezwen ankourajman. Jodi a, nou gen yon bagay ki gen plis valè lontan pou fòtifye nou : akonplisman vizyon transfigirasyon an ansanm ak anpil lòt pwofesi ki gen rapò ak li. Etan n ap kontanple kokenn reyalite sa yo ansanm ak sa yo pral siyifi pi devan, annou fè menm jan ak apot Jan, annou di ak tout kè nou : “ Amèn ! Vini non, Seyè Jezi. ” — Revelasyon 22:20.

[Nòt anba paj]

^ § 10 Nan lang grèk orijinal la, mo lè l tradui ki bay sans “ doulè a ” se yon mo literalman ki vle di “ doulè tranche ”. (Matye 24:8, Kingdom Interlinear.) Sa lese konprann, menm jan ak doulè tranche, pwoblèm monn nan ap vin pi plis, y ap vin pi rèd e y ap pran plis tan pou yo rezoud, jiskaske yo rive nan faz final yo : nan gwo tribilasyon an.

Èske nou sonje ?

• Nan ane 1870 yo, ki sa yon ti gwoup etidyan Labib te rive konprann anrapò ak retou Kris ?

• Ki akonplisman vizyon transfigirasyon an genyen ?

• Jezi ap galope antanke Wa ki pote laviktwa, ki efè sa genyen sou monn nan ak kongregasyon kretyen yo fòme a ?

• Ki sa nou dwe fè pou nou pami moun k ap chape lè Jezi ap fin acheve viktwa l la?

[Kesyon]

[Foto nan paj 10]

Èske w konnen sa k te rive lè Kris te kòmanse pote laviktwa ?