Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Konparezon ki pi enpòtan ou ta ka fè

Konparezon ki pi enpòtan ou ta ka fè

ÈSKE W konsidere tèt ou kòm yon kretyen? Si se sa, ou pami plis pase de milya moun sou tè a ki di yo se disip Kris, sa vle di prèske 1 moun sou chak 3 moun. Jodi a, gen plizyè milye gwoup relijye ki rele tèt yo kretyen, poutan yo gen divizyon nan mitan yo akoz doktrin yo genyen e akoz pwennvi yo ki pa menm. Konsa, kwayans ou ka pa menm ditou ak lòt moun ki di yo se kretyen tou. Èske kwayans ou gen enpòtans vre? Wi, yo gen enpòtans, si w vle pratike krisyanis lan jan yo anseye l nan Bib la.

Yo te rele premye disip Jezi Kris yo “kretyen”. (Travay 11:26.) Yo pa t bezwen okenn lòt non pou idantifye yo, etandone se yon sèl lafwa kretyen yo te genyen. Kretyen yo te ini nan fason yo te suiv ansèyman ak enstriksyon Jezi Kris, Fondatè krisyanis lan, te bay. E legliz pa w la menm? Èske w kwè l ap anseye sa Kris te anseye yo, sa premye disip Kris yo te kwè yo? Ki jan w ka sèten se sa yo fè vre? Gen yon sèl mwayen pou w rive konn sa: Se sèvi ak Bib la pou ede w verifye.

Reflechi sou pwen sa a: Jezi te gen yon gwo respè pou Ekriti yo ki se Pawòl Bondye. Li pa t dakò ak moun ki te minimize ansèyman ki nan Bib la lè yo bay tradisyon lèzòm plis enpòtans (Mak 7:9-13). Se sa k fè, avèk asirans, nou ka di kwayans vrè disip Jezi yo te genyen yo te baze sou Bib la. Konsa, chak kretyen ap fè byen si yo mande tèt yo: ‘Èske ansèyman yo bay nan legliz mwen an ann amoni ak sa Bib la anseye?’ Pou reponn kesyon sa a, poukisa w pa konpare sa legliz ou a anseye ak sa Bib la di toutbon?

Jezi te di adorasyon n ap bay Bondye a dwe baze sou laverite, sa vle di laverite ki nan Bib la (Jan 4:24; 17:17). Epi, apot Pòl te di n ap sove akondisyon nou vin gen “konesans egzak sou laverite”. (1 Timote 2:4.) Kidonk, li trèzenpòtan pou kwayans nou baze sou verite ki nan Bib la. Paske delivrans nou depann de sa!

FASON POU NOU KONPARE KWAYANS NOU AK BIB LA

Nou envite w li sis kesyon ki vin apre yo, epi gade repons bib la bay pou chak kesyon sa yo. Li vèsè yo bay yo epi reflechi sou repons yo. Apre sa, mande tèt ou: ‘Èske ansèyman legliz mwen an bay yo koresponn ak sa Bib la di?’

Ti analiz sa a nou sot fè a ka ede w fè konparezon ki pi enpòtan an. Èske w pa ta renmen konpare kèk lòt ansèyman yo bay nan legliz ou a ak sa Bib la di? Temwen Jewova yo ap byen kontan ede w egzamine verite klè ki nan Bib la. Poukisa w pa mande youn nan yo fè yon etid biblik gratis avè w? Oubyen ou ka ale sou sit Entènèt jw.org la.