Al gade sa k anndan l

Èske tout relijyon se menm? Èske yo tout mennen kot Bondye?

Èske tout relijyon se menm? Èske yo tout mennen kot Bondye?

Repons Bib la bay

 Non. Tout relijyon pa menm. Nan Bib la, yo pale de yon pakèt relijyon ki pa fè Bondye plezi. Relijyon sa yo divize an de kategori.

Premye kategori: Relijyon k ap adore fo dye

 Lè Labib ap pale de adorasyon fo dye, li sèvi ak ekspresyon tankou “pa vo anyen,” “bagay ki san valè” ak “pa itil anyen”. (Jeremi 10:3-5; 16:19, 20.) Men lòd Jewova a Dye te bay pèp Izrayèl nan tan lontan an: “Nou pa dwe gen okenn lòt dye apa mwen menm.” (Egzòd 20:3, 23; 23:24). Lè pèp izrayèl la t ap adore lòt dye, “Jewova te vin fache anpil”. — Nonb 25:3; Levitik 20:2; Jij 2:13, 14.

 Bondye toujou konsidere moun k ap adore “sa yo rele dye yo” menm jan an (1 Korentyen 8:5, 6; Galat 4:8). Li bay tout moun ki vle adore l lòd pou yo sispann mele ak moun ki nan fo relijyon, men sa l di: “Soti nan mitan yo, mete nou apa.” (2 Korentyen 6:14-17). Bon, si tout relijyon se menm e y ap mennen kot Bondye, poukisa Bondye te bay yon lòd konsa?

Dezyèm kategori: Relijyon k ap adore vrè Dye a yon fason li pa apwouve

 Gende lè, Izrayelit yo t ap adore Bondye toutpandan y ap suiv yon seri kwayans ak pratik yo te pran nan adore fo dye, men, Jewova pa t dakò pou yo mele vrè relijyon an ak fo relijyon (Egzòd 32:8; Detewonòm 12:2-4). Jezi te kondane chèf relijye yo nan epòk li a akoz fason yo te konn adore Bondye, paske yo te “neglije pwen ki pi enpòtan nan Lalwa yo, anpalan de jistis, mizèrikòd ak fidelite” yon fason ki ipokrit. — Matye 23:23.

 Jodi a tou, se sèl relijyon ki baze sou laverite ki mennen kot Bondye. Nou jwenn verite sa a nan Bib la (Jan 4:24; 17:17; 2 Timote 3:16, 17). Tout relijyon ki anseye yon bagay Bib la pa anseye mennen moun lwen Bondye. Gen anpil ansèyman tankou trinite, nanm ki imòtèl ak touman etènèl moun panse ki soti nan Bib la, men an reyalite se moun k ap sèvi fo dye ki vin avèk yo. Relijyon k ap fè pwopagann pou ansèyman sa yo fè sa pou “granmesi” oubyen sa pa itil anyen, paske yo kite kòmandman Bondye bay pou yo ret kole sou tradisyon lèzòm. — Mak 7:7, 8.

 Bondye rayi relijyon ki nan ipokrizi (Tit 1:16). Pou yon relijyon ka ede moun pwoche kot Bondye, li dwe gen efè sou lavi moun sa a chak jou, men se pa lè l annik suiv yon seri koutim ak seremoni. Pa egzanp, men sa Bib la di: “Si yon moun panse l ap adore Bondye, epoutan li pa bride lang li, se twonpe l ap twonpe tèt li, e adorasyon l ap bay la pa gen valè. Adorasyon ki pwòp e ki san salte selon Bondye nou an ki Papa nou, men li: pran swen òfelen yo ak vèv yo nan tribilasyon yo, epi rete san tach parapò ak monn nan.” (Jak 1:26, 27; nòt). Labib Wa Jak la itilize ekspresyon “relijyon ki pwòp” pou l pale de adorasyon ki pwòp e ki san ipokrizi sa a.

a Jewova se non vrè Dye a jan Bib la fè konn sa.