Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 2

Kiyès Bondye ye?

Kiyès Bondye ye?

1. Poukisa nou dwe adore Bondye?

Vrè Dye a se Kreyatè tout bagay. Li pa gen kòmansman e li pap janm gen fen (Sòm 90:2). Li se Sous bon nouvèl nou jwenn nan Bib la (1 Timote 1:11). Etandone se Bondye ki ban nou lavi, se li menm sèl nou dwe adore. — Li Revelasyon 4:11.

2. Ki kalite moun Bondye ye?

Pa gen okenn moun ki janm wè Bondye, paske Bondye se yon Espri. Sa vle di, lavi li genyen an pa menm ditou ak lavi moun k ap viv sou tè a, lavi l siperyè pase lavi lèzòm (Jan 1:18; 4:24). Men, nou ka rive konn kalite Bondye yo grasa bagay li fè yo. Pa egzanp, divès kalite fwi ak flè ki genyen yo fè nou konnen li gen lanmou ak sajès. Linivè a ki gwo anpil fè nou konnen li gen pisans. — Li Women 1:20.

Nou ka aprann plis bagay toujou sou kalite Bondye genyen yo lè nou li Bib la. Pa egzanp, Bib la fè nou konnen sa Bondye renmen ak sa l pa renmen, fason li boule ak moun ak fason li reyaji nan divès sitiyasyon. — Li Sòm 103:7-10.

3. Èske Bondye gen yon non?

Jezi te di: “Papa nou ki nan syèl la, se pou non w vin sen.” ​(Matye 6:9). Byenke Bondye gen anpil tit, se yon sèl non li genyen. Yo pwononse l yon fason diferan nan chak lang. An kreyòl, jeneralman yo pwononse l “Jewova”. Men, gen kèk moun ki pwononse l “Yave”. — Li Sòm 83:18.

Yo retire non Bondye nan anpil Bib e yo mete yon seri tit tankou Senyè oswa Bondye nan plas li. Men, lè yo te ekri Bib la, li te gen non Bondye anviwon 7 000 fwa. Jezi te fè moun konn non Bondye lè l t ap anseye yo kiyès Bondye ye. — Li Jan 17:26.

Gade videyo Èske Bondye gen yon non?

4. Èske Jewova gen sousi pou nou?

Menm jan ak papa sa a ki renmen pitit li, Bondye ap aji pou nou viv byen alavni.

Lefètke gen anpil moun k ap soufri, èske sa vle di Jewova se yon Bondye ki pa gen sousi pou nou? Gen kèk moun ki fè konnen Bondye fè nou soufri pou l pase nou anba eprèv, men se pa vre. — Li Jak 1:13.

Bondye onore lèzòm lefètke li ba yo libète pou yo deside. Èske nou pa kontan dèske nou gen libète pou nou chwazi sèvi Bondye (Jozye 24:15)? Men, gen anpil moun ki chwazi fè lòt moun sa ki mal, sa ki lakòz anpil moun soufri. Sa fè Jewova mal lè l wè enjistis sa yo. — Li Jenèz 6:5, 6.

Jewova se yon Bondye ki gen sousi pou nou. Li vle nou pwofite lavi a. Talè konsa, li pral elimine ni soufrans ni moun ki lakòz soufrans. Annatandan, li gen bonjan rezon pou l kite soufrans egziste pou yon ti tan. Nan leson 8 la, n ap aprann ki rezon li genyen pou sa. — Li 2 Pyè 2:9; 3:7, 13.

5. Ki jan nou ka vin pi pwòch Bondye?

Jewova envite nou pwoche bò kote l lè nou pale avè l nan lapriyè. Li enterese nan nou chak pèsonèlman (Sòm 65:2; 145:18). Li dispoze padone nou. Li wè efò nou fè pou n fè l plezi, menmsi pafwa nou pa reyisi. Kidonk, malgre nou enpafè, nou kapab gen yon relasyon sere ak Bondye. — Li Sòm 103:12-14; Jak 4:8.

Etandone se Jewova ki ban nou lavi, nou dwe renmen l plis pase tout lòt moun (Mak 12:30). Plis w ap aprann konn Bondye e w ap fè sa l mande, se plis w ap demontre lanmou w gen pou li e se plis w ap vin pi pwòch li. — Li 1 Timote 2:4; 1 Jan 5:3.