Bon nouvèl Bondye bay la!

Ki sa bon nouvèl Bondye bay la ye? Poukisa nou ka kwè l? Bwochi sa a bay repons pou plizyè kesyon biblik moun konn ap poze.

Fason bwochi sa a kapab ede w

Grasa bwochi sa a, w ap ka aprann nan Pawòl Bondye a, Labib, dirèkteman. Gade ki jan ou ka sèvi ak Bib ki nan men w lan pou w jwenn vèsè yo bay nan referans yo.

LESON 1

Ki sa bon nouvèl la ye?

Aprann ki sa nouvèl Bondye bay la ye, poukisa li enpòtan anpil jodi a e chèche konnen sa w dwe fè.

LESON 2

Kiyès Bondye ye?

Èske Bondye gen yon non? Èske li gen sousi pou nou?

LESON 3

Èske se Bondye ki bay bon nouvèl la vre?

Ki jan nou ka sèten mesaj ki nan Bib la se laverite?

LESON 4

Kiyès Jezi Kris ye?

Aprann rezon ki fè Jezi te mouri, ki sa ranson an ye ak sa Jezi ap fè kounye a.

LESON 5

Ki objektif Bondye gen pou tè a?

Bib la esplike rezon ki fè Bondye te kreye tè a, li esplike ki lè soufrans ap fini e li esplike ki sa k pral rive tè a ak moun k ap viv sou li yo.

LESON 6

Ki espwa ki genyen pou moun ki mouri yo?

Ki sa ki rive lè yon moun mouri? Èske n ap janm rewè moun pa nou yo ki mouri yo?

LESON 7

Ki sa Wayòm Bondye a ye?

Kiyès ki wa nan Wayòm Bondye a? Ki sa Wayòm Bondye a pral reyalize?

LESON 8

Poukisa Bondye pèmèt mechanste ak soufrans?

Ki jan mechanste te kòmanse? Poukisa Bondye pèmèt mechanste jiska prezan? Èske soufrans ap janm fini?

LESON 9

Ki jan fanmi w ka viv ak kè kontan?

Jewova, Bondye ki gen kè kontan an vle pou fanmi yo viv ak kè kontan. Gade konsèy Bib la bay k ap ede mari yo, madanm yo, paran yo ak timoun yo viv ak kè kontan.

LESON 10

Ki jan w ka rekonèt vrè relijyon an?

Èske se yon sèl vrè relijyon ki genyen? Egzamine senk bagay k ap fè nou rekonèt vrè adoratè yo.

LESON 11

Ki jan prensip ki nan Bib la itil nou?

Jezi te eksplike rezon ki fè nou bezwen konsèy e li te pale de de prensib nan Bib la ki pi enpòtan.

LESON 12

Ki jan w ka pwoche bò kote Bondye?

Chèche konnen si Bondye koute tout priyè, kòman nou ta dwe priye l ak kisa k ap ede nou vin pi pwòch avè l.

LESON 13

Ki bon nouvèl ki genyen konsènan relijyon?

Èske yon jou tout moun pral ini pou yo adore vrè Dye a?

LESON 14

Poukisa Bondye gen yon òganizasyon?

Bib la eksplike nou rezon ki fè yo òganize vrè kretyen yo ak fason yo fè sa.

LESON 15

Poukisa w dwe kontinye?

Ki jan lòt moun ka benefisye konesans ou gen ni sou Bondye ni sou Pawòl li a? Ki relasyon w ka gen ak Bondye?