Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ansèyman ki nan Bib la ap toujou itil

Ansèyman ki nan Bib la ap toujou itil

IMAJINE SÈN SA A: W ap vizite yon mize ki chaje ak anpil ansyen moniman. Pifò nan ansyen moniman yo blaze, yo gen gwo domaj, e gen kèk ki gen bon pati ki manke ladan yo. Men, gen youn nan yo lè w wè l, ou pa ta di yo fèk fè l pou jan l parèt bèl e li byen fèt. Ou mande moun k ap fè w vizite a: “Èske lòt yo la pi lontan pase l?” Li reponn: “Non, okontrè, li la pi lontan pase tout sa ki la yo, e yo pa janm pase men ladan l.” Epi w di l: “Èske yo te fè yon fason pou yo pwoteje l?” Li reponn: “O non! Okontrè, moniman sa a se li lapli bat plis e ki fè fas ak van ki pi fò ki te ka genyen. E yo te menm eseye maltrete l.” Petèt ou tèlman sezi epi w mande: “Men, ak ki sa l fèt menm?”

Nan yon sans, Labib sanble ak bèl moniman sa a. Se yon liv ki la lontan lontan, li menm pi ansyen pase pifò liv. Se vre, gen lòt liv ki la depi lontan tou, sepandan, menm jan ak ansyen moniman ki gen gwo domaj yo, pifò nan liv sa yo vin gen gwo domaj tank tan t ap pase. Pa egzanp, genyen nan yo ki pale sou lasyans, men sa yo di yo depaman ak dekouvèt yo fè jodi a. Byen souvan, sanble konsèy liv sa yo bay nan domèn medikal plis reprezante yon danje pou moun pase pou yo ede yo. E anpil nan ansyen tèks yo se jis kèk moso yo jwenn ladan yo, rès yo se swa yo pèdi oswa yo pa bon menm.

Men, Bib la pa menm jan an. Yo te kòmanse ekri l sa gen plis pase 35 syèk, sepandan, Bib la toujou rete menm jan an. Yo pa t sispann atake l pandan plizyè syèk, pa egzanp yo te boule l, yo te mete entèdiksyon sou li e yo te denigre l, men Bib la rete tennfas. Nouvo enfòmasyon ki disponib jodi yo pa retire anyen sou valè Bib la genyen, okontrè, sa vrèman estrawòdinè pou n wè jan Labib ann avans sou epòk nou an. — Gade kare ki gen tit: “Èske Labib pase mòd oswa li ann avans?

PRENSIP NOU BEZWEN JODI A

Donk, ou gendwa ap mande tèt ou: ‘Èske sa Bib la anseye yo toujou itil nan epòk nou an?’ Pou w jwenn repons kesyon sa a, mande tèt ou: ‘Ki pi gwo pwoblèm lèzòm ap fè fas avè yo jodi a? Kiyès nan yo ki ba yo plis laperèz?’ Petèt sa fè w panse ak lagè, polisyon, krim oswa koripsyon. Kounye a, ann egzamine kèk prensip Bib la bay. Toutpandan w ap fè sa, mande tèt ou: ‘Si lèzòm te suiv prensip sa yo, èske monn nan pa t ap pi bon?’

RENMEN LAPÈ

“Byennere moun ki renmen fè lapè, piske y ap rele yo ‘pitit Bondye’.” (Matye 5:9). “Si posib, depi sa depann de nou, se pou nou anpè ak tout moun.” — Women 12:18.

MIZÈRIKÒD AK PADON

“Byennere moun ki gen mizèrikòd, piske y ap fè yo mizèrikòd.” (Matye 5:7). “Menmsi yon moun gen dekwa pou l plenyen kont yon lòt, se pou youn kontinye sipòte lòt e se pou youn kontinye padone lòt ak tout kè nou. Menm jan Jewova * padone nou ak tout kè l, nou menm tou, nou dwe fè menm jan an.” — Kolosyen 3:13.

LAPÈ ANT RAS YO

Bondye “sèvi ak yon sèl moun pou l fè moun tout nasyon, pou yo abite sou tout kò tè a”. (Travay 17:26.) “Bondye pa gen patipri. Nan tout nasyon, yon moun ki gen lakrentif pou li e k ap pratike sa ki jis, moun sa a fè l plezi.” — Travay 10:34, 35.

RESPÈ POU TÈ A

“Jewova Dye te pran gason an, li te mete l nan jaden Edenn nan pou l travay jaden an e pou l pran swen l.” (Jenèz 2:15). Bondye pral “detwi moun k ap detwi tè a”. — Revelasyon 11:18.

RAYI TANTA AK IMORALITE

“Evite tout kalite tanta. Paske, menm lè yon moun ap viv nan abondans, lavi l pa depann de bagay li posede yo.” (Lik 12:15). “Depi se imoralite seksyèl, salte sou kèlkeswa fòm nan, oswa avaris, nou pa dwe menm pale de yo nan mitan nou, etandone sa pa konvnab pou moun ki sen.” — Efezyen 5:3.

ONÈT AK TRAVAY DI

“Nou vle konpòte nou yon fason ki dwat nan tout bagay.” (Ebre 13:18). “Se pou moun k ap vòlè a sispann vòlè, men se pou l travay di.” — Efezyen 4:28.

ENPÒTANS POU EDE MOUN KI NAN BEZWEN

“Pale yon fason pou nou konsole moun ki tris yo, soutni moun ki fèb yo, pran pasyans ak tout moun.” (1 Tesalonisyen 5:14). “Pran swen òfelen yo ak vèv yo nan tribilasyon yo.” — Jak 1:27.

Bib la pa annik site prensip sa yo. Li montre nou enpòtans sa genyen pou nou aplike yo nan lavi nou chak jou. Si te gen plis moun ki te suiv prensip Bib la bay nou te site pi wo yo, èske lèzòm pa t ap gen mwens pwoblèm? Pa gen dout nan sa, prensip ki nan Bib la ap toujou itil kèlkeswa epòk la! Donk, ki jan prensip ki nan Bib la ka ede w depi kounye a?

FASON ANSÈYMAN KI NAN BIB LA KA EDE W DEPI KOUNYE A

Men sa moun ki pi saj ki te pase sou tè a te di yon lè: “Sajès montre li jis pa mwayen aksyon li fè.” (Matye 11:19, nòt). Èske w pa dakò ak pawòl sa yo? Pi bon fason pou w wè si sa bon pou yon moun gen sajès se aji ak sajès. Donk, ou ka fè rezònman sa a: ‘Si se toutbon konsèy ki nan Bib la itil, èske m pa ta dwe wè rezilta sa bay lè m aplike yo nan lavi m? Ki jan yo ka ede m fè fas ak pwoblèm m ap rankontre depi kounye a?’ Ann pran yon egzanp.

Delphine * se yon dam ki te gen anpil bagay pou l fè e li te jwenn anpil satisfaksyon nan lavi l. Sepandan, bridsoukou, li te vin jwenn gwo pwoblèm youn dèyè lòt. Pitit fi l ki te adolesan te mouri, maryaj li kraze e li te vin gen gwo pwoblèm ekonomik. Men sa l di: “Mwen pa t ka konprann sa k t ap pase m: M pèdi pitit fi m, m pèdi mari m, m pèdi kay mwen. M te santi m pa t vo anyen e lavi m te vin pa gen okenn sans.”

Se premye fwa Delphine te viv verite ki nan pawòl ki vin apre yo: “Kantite tan nou viv se 70 an. Si nou gen anpil fòs, nou ka viv 80 an. Men, sa nou jwenn pandan ane sa yo, se pwoblèm ak tristès. Ane sa yo pase byen vit, e nou vole n ale.” — Sòm 90:10.

Delphine te santi Labib te ede l nan moman difisil sa a. Se pa ti èd sa te ye pou li! Jan nou pral wè sa nan twa atik k ap vin apre yo, gen anpil lòt moun ki wè jan Bib la vrèman ede yo lè yo suiv konsèy ki ladan l yo lè y ap fè fas ak pwoblèm. Yo vin konsidere Bib la tankou moniman nou te pale de li nan kòmansman atik la. Li pa tankou pakèt liv ki la depi lontan men ki pa itil ankò yo. Èske rezon an se paske li gen yon bagay ki diferan toutbon ladan l? Èske li pwobab pou se panse Bondye ki ladan l olye se jis panse lèzòm? — 1 Tesalonisyen 2:13.

Petèt ou menm tou ou rann ou kont lavi a kout e li chaje ak pwoblèm. Lè pwoblèm yo soti pou anvayi w, ki kote w chèche jwenn rekonfò, èd ak konsèy ou ka fè konfyans?

Annou wè ki jan Bib la ka itil ou nan lavi w nan twa domèn ki enpòtan. Li ka montre w fason pou w

  1. evite pwoblèm depi sa posib.

  2. rezoud difikilte.

  3. rive fè fas ak sitiyasyon ou pa ka chanje.

Atik ki vin apre yo pral pale sou pwen sa yo.

^ § 10 Jewova se non Bondye jan sa parèt nan Bib la. — Sòm 83:18.

^ § 24 Gen kèk non yo chanje nan atik sa a ak nan twa lòt k ap vini yo.