Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Labib ak avni w

Labib ak avni w

IMAJINE w ap mache sou yon wout, li ta e li fè nwa. Byenke solèy la gen lontan depi l kouche, ou pa panike e w wè kote w prale paske ou gen yon flach ki byen klere nan men w. Lè w bese flach la, ou wè sa k devan w tousuit, e lè w leve l, limyè a rive byen lwen sou wout la.

Nan yon sans, Labib sanble ak flach sa a. Jan nou te wè sa nan atik anvan yo, Pawòl Bondye a ka ede n fè fas ak pwoblèm n ap rankontre, yon seri pwoblèm nou jwenn chak jou nan monn sa a k ap chanje byen vit. Men, Bib la ale pi lwen toujou. Li ban nou yon bèl espwa pou lavni, e li pèmèt nou konnen yon wout k ap fè n gen kè kontan pou toutan epi mache nan wout sa a (Sòm 119:105). Nan ki sans?

Ann wè de fason Labib ban nou bonjan espwa pou lavni: 1 Li ede nou bay lavi nou yon sans, epi 2 Li montre n fason pou n vin zanmi Kreyatè a pou toutan.

1 BAY LAVI NOU YON SANS

Labib ban nou anpil konsèy, nou ka fè konfyans, pou n rive fè fas ak pwoblèm nou yo, sepandan li plis pase yon senp liv ki ka ede nou nan yon domèn kèlkonk. Labib pa ankouraje n pou n konsantre n sou pwoblèm nou sèlman, okontrè, li anseye n pou n wè tèt nou kòm yon senp ti pati nan yon gwo tablo. Toutotan nou pa fè sa, lavi n pap janm gen sans toutbon.

Pa egzanp, ann pran prensip biblik ki di: “Yon moun pi kontan lè l bay pase lè l resevwa.” (Travay 20:35). Èske w sonje yon lè w te ede yon moun ki te bezwen yon èd materyèl? Oswa w te pran tan pou w koute yon zanmi w pandan l t ap di w sa k nan kè l? Èske sa pa t fè w kontan lefètke w te ede yon moun jou sa a?

W ap gen kè kontan toutbon lè w bay san w pa atann anyen an retou. Men sa yon ekriven te fè konnen: “Li pratikman enposib pou w fin bay tout ou menm epi w pa jwenn pi plis pase sa w te bay an retou a. Men, se akondisyon ou te bay san w pa t atann anyen an retou.” Sepandan, lè nou ede lòt moun, sitou moun ki pa ka remèt nou sa, nou jwenn yon rekonpans. Nou vin fè pati yon gwo imaj ki nan yon tablo. Vrèmanvre, n ap travay kòtakòt ak Kreyatè a, ki konsidere aksyon nou fè yo tankou se prete nou te prete l yon bagay (Pwovèb 19:17). Lè nou fè yon malere favè, Jewova pran nòt paske li renmen sa anpil anpil, e li pwomèt nou l ap ban nou lavi ki pap janm fini an lè tè a pral tounen yon paradi. Vrèmanvre, se yon bèl esperans sa ye! — Sòm 37:29; Lik 14:12-14 *.

Anplis de sa, Labib anseye n lavi n ap gen sans toutbon, lè nou adore vrè Dye a, Jewova. Pawòl li a ankouraje n pou n louwe l, onore l epi obeyi l paske li merite sa (Eklezyas 12:13; Revelasyon 4:11). Lè n fè sa, nou rive fè yon bagay ki merite yon gwo felisitasyon: Aksyon nou fè a gen bon efè sou Kreyatè nou an. Paske li di nou: ‘Montre w saj e fè kè m kontan.’ (Pwovèb 27:11). Fè yon ti reflechi: Lè nou montre n saj epi n pran desizyon ki baze sou prensip ki nan Bib la, nou fè kè Papa nou ki renmen nou anpil la kontan. Sa k fè sa? Paske li gen sousi pou nou e li vle nou pwofite byenfè sa pote lè n fè sa l mande nou fè (Ezayi 48:17, 18). Kidonk, èske gen yon objektif ki pi enpòtan pase adore Souvren linivè a epi viv yon fason ki fè kè l kontan?

2 VIN ZANMI KREYATÈ NOU AN

Anplis de sa, Labib anseye nou tou pou n chèche vin zanmi Kreyatè nou an. Men sa nou li: “Pwoche bò kote Bondye e l ap pwoche bò kote nou.” (Jak 4:8). Pafwa, nou gendwa ap mande tèt nou si sa vrèman posib pou n vin zanmi Kreyatè a ki Toupisan. Men Bib la ban nou garanti si nou “chèche Bondye” n ap “jwenn li vre” paske “li pa lwen okenn nan nou”. (Travay 17:27.) Konsèy Bib la bay pou n vin zanmi Bondye a vrèman bon pou avni nou. Nan ki sans?

Ann fè yon ti reflechi: Kèlkeswa sa n fè, nou pap janm ka rive soti anba grif lanmò, pi gwo ènmi nou an, poukont nou (1 Korentyen 15:26). Men, Bondye la pou toutan. Li pap janm mouri, e li vle pou zanmi l yo viv pou toutan tou. Labib itilize kèk mo ki senp men ki vrèman bèl pou pale de volonte Jewova pou moun k ap chèche l yo. Men sa nou li: “Se pou w viv pou toutan.” — Sòm 22:26.

Ki sa w ka fè pou w vin gen yon amitye konsa ak Bondye? Kontinye li Labib, Pawòl li a, pou w ka aprann konnen l (Jan 17:3; 2 Timote 3:16). Mande l pou l ede w konprann Pawòl li te fè ekri a. Labib ban nou asirans si nou ‘kontinye mande Bondye sajès’ l ap ban nou l * (Jak 1:5). Pou fini, fè tout sa w kapab pou w aplike sa w aprann yo, kite Pawòl Bondye vin ‘yon lanp pou pye w’ ak ‘yon limyè pou wout ou’ depi kounye a e pou toutan. — Sòm 119:105.

^ § 8 Pou w jwenn plis enfòmasyon sou pwomès Bondye fè pou lèzòm viv pou toutan nan yon paradi a, gade chapit 3 nan liv Ki sa Labib kapab anseye nou? an. Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.

^ § 13 Temwen Jewova yo anseye Labib gratis, sa k ap ede w pi byen konprann Pawòl Bondye a. Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade videyo Ki jan yo fè yon etid biblik? W ap jwenn li sou sit Entènèt jw.org la (anba ribrik PIBLIKASYON > VIDEYO).

Bondye la pou toutan, e li vle pou zanmi l yo viv pou toutan tou.