Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

DAPRE LABIB

Tantasyon

Tantasyon

Lè moun kite tantasyon fè yo fè sa yo pa t dwe fè, konsekans yo konn grav, pa egzanp, maryaj yo konn kraze, yo konn gen pwoblèm sante ak pwoblèm konsyans. Ki jan n ka evite tonbe nan pyèj sa a?

Ki sa tantasyon ye?

Yon moun jwenn tantasyon lè gen yon bagay k ap atire l, sitou yon bagay ki mal. Imajine pandan w al nan mache, ou wè yon bagay ou ta renmen genyen. Menm kote a, lespri w gentan di w ou ta ka vòlè bagay la byen fasil san yo pa kenbe w. Men, konsyans ou di w pa fè sa. Lè sa a, ou voye vye panse sa a jete epi w kontinye wout ou. Donk, tantasyon an sispann, e w ranpòte laviktwa.

MEN SA BIB LA DI

 

Lè yon moun jwenn tantasyon, sa pa vle di li se yon move moun, e Bib la di tou se tout moun ki jwenn tantasyon (1 Korentyen 10:13). Sa k vrèman enpòtan se fason n reyaji lè n jwenn tantasyon. Gen moun ki ret ap reflechi sou yon move dezi yo genyen epi rive yon lè, yo fè sa yo t ap reflechi sou li a. Gen lòt moun ki kouri voye move dezi a jete paske yo konnen l pa bon.

“Chak moun pase anba eprèv lè l kite pwòp dezi l mennen l, lè l kite pwòp dezi l sedui l.” — Jak 1:14.

Poukisa l bon pou n aji san pèdi tan lè n devan tantasyon?

Bib la bay etap yon moun suiv anvan l rive fè yon bagay ki mal. Men sa Jak 1:15 di: “[Move] dezi a, lè yo nouri l [Lit.: “lè l ansent”, nòt], li bay peche.” Pou n konprann sa pi byen, nou kapab di menm jan nou pa ka anpeche yon fi ansent akouche lè lè a rive, se menm jan an tou lè n ret ap reflechi sou yon move dezi, rive yon lè, wè pa wè n ap suiv li. Men, nou ka evite vin esklav move dezi yo. Nou ka kontwole yo.

FASON BIB LA KA EDE N

 

Menm jan nou ka ret ap panse ak move dezi yo, se menm jan an tou nou ka sispann panse ak yo. Ki jan? Se lè n fikse lespri n sou yon lòt bagay, se gendwa yon aktivite, yon konvèsasyon ak yon zanmi oubyen lòt bagay ki pozitif (Filipyen 4:8). Li bon pou n reflechi tou sou konsekans sa ka genyen si n ta tonbe nan yon tantasyon, pa egzanp, sa ka gen move efè sou santiman nou, sou kò nou ak sou relasyon n ak Bondye (Detewonòm 32:29). Lapriyè kapab ede n anpil tou. Jezi Kris te di: “Kontinye priye pou nou pa tonbe nan tantasyon.” — Matye 26:41.

“Pa twonpe tèt nou: moun pa ka pase Bondye nan jwèt. Paske, kèlkeswa sa yon moun simen, se sa l ap rekòlte tou.” — Galat 6:7.

Ki sa n ka fè pou n pi byen reyaji lè n devan tantasyon?

REYALITE A

 

Nou dwe konnen nou pa dwe jwe ak tantasyon. Li se yon pyèj, yon bagay k ap atire n, e li ka mennen moun ki sòt, ki pa gen eksperyans oubyen ki pa fè atansyon nan dezas (Jak 1:14). Sa sitou ka rive lè tantasyon an gen rapò ak imoralite seksyèl, lè sa a konsekans yo konn grav anpil. — Pwovèb 7:22, 23.

FASON BIB LA KA EDE N

 

Men sa Jezi te di: “Se sa k fè, si se je dwat ou k ap fè w peche, rache l, voye l jete byen lwen w.” (Matye 5:29). Jezi pa t vle di pou n rache je n voye l jete toutbon, men pito, li te vle di, si n vle fè Bondye plezi epi gen lavi ki pap janm fini an, nou dwe fè manm kò nou mouri anrapò ak sa ki mal (Kolosyen 3:5). Sa ka mande pou n pran bonjan detèminasyon pou n vire do bay tantasyon. Men priyè yon sèvitè fidèl Bondye te fè: “Pa kite je m ret ap gade sa k pa vo anyen.” — Sòm 119:37.

Vrèmanvre, li ka difisil pou n kontwole tèt nou. Epitou, “chè a fèb”. (Matye 26:41.) Kidonk, n ap fè erè. Men, lè nou vrèman regrèt sa n te fè e nou fè anpil efò pou n pa pratike move bagay, Jewova Dye, Kreyatè nou an, ap gen “mizèrikòd ak konpasyon” pou nou (Sòm 103:8). Èske sa pa vrèman ankourajan pou n konn sa?

“O Ja, si se erè ou t ap gade, kiyès ki t ap ka kanpe devan w, o Jewova?” — Sòm 130:3.