Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yon bon repitasyon fè yon moun jwenn respè lòt moun e yo fè moun sa a konfyans tou.

‘Yon bon repitasyon pi bon pase anpil richès’

‘Yon bon repitasyon pi bon pase anpil richès’

YON bon repitasyon tèlman enpòtan, nan kèk peyi yo menm mete lwa pou pwoteje repitasyon moun yo. Sa ka vle di yo pwoteje moun yo kont akizasyon lòt moun lage sou do yo (nan sa yo ekri, nan televizyon oswa nan radyo) oubyen kont move pawòl yo ka di sou yo (ak bouch yo pou sal repitasyon moun yo). Sa fè n sonje yon pawòl yon moun te di lontan: “Pito yon moun chwazi gen bon repitasyon olye l chwazi gen anpil richès. Respè pi bon pase ajan ak lò.” (Pwovèb 22:1). Ki jan nou ka vin gen yon bon repitasyon ak respè nan men lòt moun? Bib la bay bonjan konsèy sou sa.

Pa egzanp, gade sa Bib la di nan Sòm 15. Moun ki te ekri sòm sa a te reponn kesyon “kiyès ki ka vin yon envite nan tant [Bondye a]?”, lè l te di “se moun ki [...] fè sa ki dwat, ki pale laverite nan kè l, ki pa bay moun kout lang, ki pa fè pwochen l anyen ki mal, ki pa pale zanmi l mal, ki pa mele ak move moun [...]. Li kenbe pwomès li, menm lè sa koute l chè. [...] e li pa pran lajan pa anba”. (Sòm 15:1-5.) Èske w pa t ap gen respè pou yon moun ki suiv bèl prensip sa yo?

Yon lòt kalite ki ede moun jwenn respè lòt moun se imilite. Pwovèb 15:33 di: “Imilite fè moun jwenn glwa.” Byen reflechi sou sa: Yon moun ki gen imilite wè ki sa li ka amelyore lakay li e l travay di pou l fè sa. Li dispoze mande padon tou si l te di oswa fè yon moun yon bagay ki mal (Jak 3:2). Alòske, yon moun ki twò kwè nan tèt li pa konsa, li kouri fache pito. Pwovèb 16:18 di: “Ògèy lakòz moun tonbe, e awogans lakòz moun bite.”

Men, ki sa w ka fè si yon moun sal repitasyon w? Èske w ta dwe kouri reyaji, petèt pandan w fache a? Mande tèt ou: ‘Si m eseye defann repitasyon m, èske sa pap fè plis moun kwè nan manti moun nan te bay la?’ Se vre, pafwa li ka nesesè pou w al nan tribinal, sepandan, men konsèy saj Bib la bay: “Pa kouri al nan tribinal ak yon moun, [...] Regle pwoblèm ou ak moun nan.” (Pwovèb 25:8, 9) *. Lè nou suiv konsèy saj sa a, sa ka evite n fè gwo depans pou zafè tribinal.

Bib la pa sèlman yon liv ki pale sou relijyon. Li se yon gid ki bay yon seri konsèy nou ka fè konfyans pou ede nou nan lavi nou. Tout moun ki suiv konsèy saj li bay yo ap vin gen bèl kalite k ap fè lòt moun respekte yo anpil e k ap fè yo gen bon repitasyon.

^ § 5 Men kèk lòt prensip Bib la bay sou fason pou n rezoud pwoblèm ak lòt moun: Matye 5:23, 24; 18:15-17.