Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A

Èske w gen twòp bagay pou w fè?

Èske w gen twòp bagay pou w fè?

Èske w santi ou gen twòp bagay pou w fè? Si w santi sa, konnen se pa ou menm sèlman ki nan sitiyasyon sa a. Men sa yon jounal fè konnen: “Sanble tout moun okipe kèlkeswa kote y ap viv la.” — The Economist.

NAN ane 2015, yo te fè yon sondaj nan uit peyi ak yon seri moun k ap travay aplentan, e anpil nan moun sa yo di li difisil pou yo rive satisfè travay yo ak fanmi yo anmenmtan. Moun sa yo vin gen plis responsablite nan travay yo oubyen lakay yo, depans yo vin pi plis e yo pase plis tan ap travay. Pa egzanp, Ozetazini moun ki travay aplentan yo fè konnen yo travay anviwon 47 èdtan chak semèn. E prèske sou chak senk nan moun sa yo gen yon moun ki fè konnen li travay 60 èdtan oubyen pi plis toujou.

Yo te fè yon lòt sondaj nan 36 peyi, e ladan l yo wè sou chak kat moun gen omwen youn ki te fè konnen, byen souvan, yo santi yo sou presyon menm nan tan lib yo. Timoun yo ka santi yo konsa tou si yo gen yon pakèt aktivite pou yo fè youn apre lòt.

Lè n toujou ap eseye fè plis pase sa tan an ka pèmèt nou fè, nou ka vin strese, sa vle di nou ka vin santi n anba presyon paske tan nou genyen an twò piti. Men, èske l posib pou n gen plis ekilib nan fason n ap viv? Ki jan sa k enpòtan pou nou, chwa nou fè ak objektif nou ka ede n nan sans sa a? Toudabò, ann konsidere kat rezon ki fè kèk moun ap chèche fè anpil bagay.

1 YO VLE BYEN PRAN SWEN FANMI YO

Men sa yon papa ki rele Gary fè konnen: “Mwen te konn travay sèt jou pa semèn. Mwen te fè sa paske te toujou gen yon bagay ki pi bon mwen te vle bay timoun mwen yo. Mwen te vle ba yo tout sa mwen pa t janm jwenn.” Byenke paran yo gendwa gen bon entansyon, yo bezwen egzamine sa k pi enpòtan pou yo. Gen kèk etid yo fè ki montre ni granmoun ni timoun ki bay lajan ak sa yo posede anpil enpòtans pa vrèman gen kè kontan nan lavi yo, yo pa satisfè ak lavi a jan yo ta dwe satisfè epi yo gen plis pwoblèm sante pase moun ki pa bay bagay materyèl enpòtans.

Timoun ki grandi nan fanmi kote yo bay bagay materyèl twòp enpòtans gen mwens kè kontan.

Gen kèk paran ki mete anpil ak yon pakèt aktivite nan pwogram yo ak nan pwogram timoun yo yon fason pou yo ka asire yo timoun yo ap reyisi nan lavi yo. Selon sa yon liv fè konnen (Mete fanmi nou an premye, anglè), byenke paran sa yo gen bon entansyon, lè yo aji konsa, sa lakòz ni yo menm ni timoun yo soufri.

2 YO PANSE TANK YO GEN PLIS, SE TANK Y AP PI BYEN

Moun k ap fè piblisite yo ap eseye konvenk nou lè nou pa achte dènye bagay ki fèk parèt yo se tèt nou nou refize fè plezi. Men sa jounal la (The Economist) fè konnen: ‘Tèlman vin gen yon pakèt bagay pou moun achte, sa vin fè moun yo santi yo pa gen ase tan, paske yo pase anpil tan nan chèche sa pou yo achte, sa y ap gade oswa sa y ap manje.’

Nan ane 1930, gen yon espesyalis nan domèn ekonomi ki te fè konnen pwogrè k ap fèt anrapò ak teknoloji t apral pèmèt moun k ap travay yo jwenn plis tan pou yo detann yo. Men, se pa ti twonpe li te twonpe l! Men sa Elizabeth Kolbert, yon moun ki ekri nan jounal New Yorker a, te fè konnen: “Olye moun yo kite [travay yo] pi bonè, yo chèche bagay ki fèk parèt yo ka gen bezwen.” Nonsèlman bagay sa fè yo depanse lajan, men yo pran tan yo tou.

3 Y AP ESEYE FÈ LÒT MOUN PLEZI

Gen kèk anplwaye ki pase anpil anpil tan ap travay di pou yo ka fè patwon yo plezi. Kòlèg travay yon moun ka fè presyon sou li lè yo fè l santi l koupab paske l pa fè siplemantè. Anplis de sa, piske ka vin gen pwoblèm ekonomi nenpòt ki lè, sa ka fè moun dispoze travay plis tan epi al travay nenpòt lè yo rele yo.

Yon lòt bò, paran yo ka santi yo oblije fè menm jan ak lòt fanmi. Si yo pa fè sa, yo ka vin santi yo koupab, kòmsi yo pa bay pitit yo sa yo bezwen.

4 Y AP CHÈCHE ATENN YON NIVO SOSYAL EPI REYALIZE SA YO VLE

Men sa Tim k ap viv Ozetazini fè konnen: “Mwen te renmen travay mwen, e mwen te travay di otan m kapab. Mwen te santi m te dwe pwouve moun sa m ka fè.”

Menm jan ak Tim, anpil moun santi tank yo gen travay pou yo fè, se tank yo pi byen. Ki rezilta sa bay? Men sa Elizabeth Kolbert, dam nou te site pi wo a, di sou sa: “Lè yon moun okipe, sa fè moun panse li se yon moun enpòtan nan sosyete a.” Apre sa, li di: “Plis ou okipe, se plis ou parèt enpòtan.”

SE POU N APRANN KITE CHAK BAGAY NAN PLAS YO

Bib la ankouraje n pou n renmen travay e pou n travay di (Pwovèb 13:4). Sepandan, li ankouraje n tou pou n gen ekilib. Men sa nou li nan Eklezyas 4:6: “Li pi bon pou yon moun pran yon ti repo olye l plede ap travay di e li kontinye ap kouri dèyè van.”

Lè nou kite chak bagay nan plas yo, sa bon pou lespri nou ak sante nou. Donk, èske sa vrèman posib pou n redui kantite bagay nou gen pou n fè? Wi. Ann konsidere kat konsèy ki vin apre yo:

1 PRENSIP NOU YO AK OBJEKTIF NOU YO DWE KLÈ

Li toutafè nòmal pou n ap chèche gen plis mwayen pou n viv nan yon sèten nivo. Men, ki kantite lajan nou bezwen pou n viv? Ki sa ki fè moun reyisi? Èske se senpleman kantite lajan y ap fè oswa kantite byen yo genyen? Yon lòt bò, lè n pase twòp tan ap repoze n oswa ap detann nou, nou ka vin santi n anba presyon tou paske nou vin pa gen ase tan pou n fè sa n gen pou n fè.

Men ki sa Tim, nou te pale de li pi wo a, di: “Mwen menm ak madanm mwen te byen reflechi sou lavi nou e n te deside viv yon fason senp. Nou te fè yon tablo kote nou te mete sitiyasyon nou te ladan l lan ak nouvo objektif nou te vin genyen yo. Nou te pale sou konsekans desizyon nou te pran anvan yo te genyen sou lavi n epi ki sa nou t ap bezwen fè pou n atenn objektif nou yo.”

2 FÈ ATANSYON AK PIBLISITE YO

Labib avèti nou pou nou kontwole “dezi je” nou (1 Jan 2:15-17). Piblisite yo ka fè dezi sa yo vin pi fò e yo ka fè yon moun pase anpil tan ap travay. Yo ka fè moun nan plede ap pran detant, e gen detant ki ka fè l depanse anpil. Se vre, nou ka pa ka evite tout piblisite y ap fè yo, men nou ka veye pou n pa plede ap gade yo oswa koute yo. Epitou, nou ka byen egzamine ki sa n vrèman bezwen.

Reflechi tou sou fason zanmi nou yo ka gen enfliyans sou nou. Si yo se moun k ap chèche gen byen materyèl san gad dèyè oubyen yo konsidere yon moun reyisi nan lavi l lè l gen anpil bagay materyèl, li ka bon pou n chèche fè zanmi ak moun ki gen lòt objektif ki pi bon pase sa. Men sa nou li nan Bib la: “Moun ki mache ak moun ki gen sajès ap vin gen sajès.” — Pwovèb 13:20.

3 KITE TRAVAY LA NAN PLAS LI

Pale ak patwon w sou travay la e sou sa k pi enpòtan pou ou. Ou pa bezwen santi w koupab dèske w gen lòt aktivite pou w fè. Gen yon liv ki rele Travay pou n viv (anglè) ki fè konnen: “Moun ki pa mele travay yo ak fanmi yo oubyen ak vakans yo toujou viv verite sa a: Se pa lafendimonn lè yo pa la.”

Gary, nou te pale de li pi wo a, te gen bon ti mwayen pou l viv, se sa k fè, li te deside redui sou kantite lè li te konn fè ap travay. Men sa l te di: “Mwen te pale ak fanmi m e m te pwopoze yo pou n viv yon fason senp. Epi tikras pa tikras nou te fè efò pou n rive fè sa. Mwen te menm al kot patwon m pou m mande l pou m travay mwens jou pa semèn, e li te dakò.”

4 BAY TAN N AP PASE AK FANMI NOU ANPIL ENPÒTANS

Mari ak madanm bezwen pase tan ansanm, e timoun yo bezwen pase tan ak paran yo. Donk, pa imite lòt fanmi ki toujou gen anpil aktivite pou yo fè. Men sa Gary ajoute: “Rezève tan pou w pran yon ti repo e pou w detann ou, epi pran detèminasyon pou w pa fè aktivite ki mwens enpòtan yo.”

Lè fanmi an ansanm, pa kite televizyon, telefòn oubyen lòt aparèy elektwonik anpeche nou youn pale ak lòt. Manje omwen yon fwa ansanm chak jou, epi itilize moman sa a pou n pale youn ak lòt. Lè paran yo fè efò pou yo suiv konsèy tou senp sa a, timoun yo viv pi byen e yo travay pi byen lekòl.

Pwofite moman n ap manje ak fanmi n pou n pale youn ak lòt.

Pou fini, mande tèt ou: ‘Ki sa k pi enpòtan pou mwen nan lavi a? Ki sa m vle pou fanmi m?’ Si w vle gen kè kontan nan lavi w e si w vle l gen plis sans, met bagay Bib la, yon liv ki gen anpil sajès, montre ki pi enpòtan yo an premye.