Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

YON GOUVÈNMAN KI PRAL LEVE DEFI A

“Lapè ap kontinye blayi nètale”

“Lapè ap kontinye blayi nètale”

Nasyonzini ankouraje tout moun nèt pou yo kolabore youn ak lòt, pou yo respekte dwa youn lòt epi pwoteje anviwònman an. Pou ki rezon? Men sa Maher Nasser fè konnen nan yon jounal (UN Chronicle): ‘Tanperati a k ap chanje toupatou sou tè a yon fason ki pa nòmal, gwoup ki òganize yo pou yo fè krim, kantite moun y ap maltrete ki pa sispann ogmante, pakèt moun ki oblije kite kote y ap viv pou y al lòt kote, lagè, teworis, maladi ki trapan ansanm ak lòt kalite menas’, se yon seri pwoblèm ki pa gen fwontyè.

Gen moun ki menm ap ankouraje pou gen yon gouvènman ki kapab dirije tout tè a. Pami moun ki te pale sou sa, te gen yon filozòf italyen ki te powèt e ki te politisyen ki rele Dante (1265-1321) e te gen yon syantifik ki rele Albert Einstein (1879-1955). Dante te panse li pa t ap posib pou gen lapè nan yon monn ki divize sou kesyon politik. Dante te site kèk pawòl Jezi Kris te di: “Yon wayòm kote moun ki ladan l yo ap goumen youn ak lòt ap kraze.” — Lik 11:17.

Yon ti tan apre Dezyèm Gè mondyal la eklate, kote yo te lage de bonm atomik, Albert Einstein te ekri yon lèt ki te parèt nan yon jounal pou asanble jeneral Nasyonzini an. Men sa l te di: “Nasyonzini dwe aji san pèdi tan pou l fè tout sa ki nesesè pou pèmèt gen sekirite sou tout tè a, lè yo poze baz pou gen yon vrè gouvènman mondyal.”

Men, èske nou kapab gen asirans politisyen ki t ap nan gouvènman pisan sa a pa t ap janm mele nan koripsyon, yo pa t ap janm toupizi moun epi yo t ap toujou byen fè travay yo? Oubyen yo t ap menm jan ak tout lòt dirijan yo? Kesyon sa yo fè n sonje sa yon istoryen nan peyi Angletè ki rele Lord Acton te di: “Pouvwa gen tandans kòwonp moun, e plis yon moun gen pouvwa se plis li kòwonpi.”

Sepandan, pou lèzòm kolabore youn ak lòt epi viv an sekirite, yo dwe gen tèt ansanm. Men, ki jan y ap rive fè sa? Èske se yon bagay ki posib? Labib di wi sa posib. Sa gen pou l fèt e sa ap fèt. Ki jan? Se pa yon gouvènman mondyal ki chaje ak politisyen malonèt alatèt li ki pral fè sa. Men pito, se yon gouvènman Bondye etabli ki pral reyalize sa. Anplis de sa, gouvènman sa a pral pwouve Bondye gen dwa pou l dirije tout sa l kreye. De ki gouvènman n ap pale menm? Labib idantifye l aklè: “Wayòm Bondye a.” — Lik 4:43.

“SE POU WAYÒM OU AN VINI”

Jezi Kris t ap panse ak Wayòm Bondye a lè l te di pawòl ki vin apre yo nan priyè li te bay kòm modèl la: “Se pou Wayòm ou an vini. Se pou volonte w fèt sou tè a.” (Matye 6:9, 10). Pa gen dout nan sa, Wayòm Bondye a pral veye pou se pa volonte yon seri moun ki swaf pouvwa e ki egoyis ki fèt sou tè a, men, pou se volonte Bondye ki fèt sou li.

Yo rele Wayòm Bondye a “Wayòm syèl la” tou (Matye 5:3). Poukisa? Se vre li pral dirije tè a, men se detan l nan syèl la l ap fè sa. Èske w konprann sa sa vle di? Gouvènman sa a pap bezwen lajan, pa egzanp taks, pou l dirije. Se pa ti soulajman sa pral ye pou moun li pral dirije yo!

Jan mo “wayòm” nan montre sa, Wayòm Bondye a se yon gouvènman ki gen yon wa alatèt li. Wa sa a se Jezi Kris, e se Bondye ki ba l pouvwa sa a. Men sa Bib la di konsènan Jezi:

  • “Se li menm ki pral chèf nou. [...] Gouvènman li p’ap gen finisman. Nan peyi l’ap gouvènen an se va kè poze san rete.” — Ezayi 9:6, 7, Bib la.

  • “Yo te ba l pouvwa, onè ak yon wayòm, yon fason pou tout pèp, tout nasyon ak tout gwoup moun ki pale tout kalite lang sèvi l. Pouvwa l genyen pou l dirije a [...] pap disparèt.” — Dànyèl 7:14.

  • “Wayòm monn nan vin tounen Wayòm Seyè nou an [Bondye] ak Kris li a.” — Revelasyon 11:15.

Jan Jezi te di sa nan priyè li te bay kòm modèl la, Wayòm Bondye a pral pèmèt se volonte Bondye ki fèt sèlman sou tè a. Lè gouvènman sa a pral dirije tè a, lèzòm pral aprann ki jan pou yo pran swen tè a pou l ka vin yon kote yo ka viv anpè, an sekirite e ki chaje ak moun, bèt ak plant.

Mete sou sa, Wayòm Bondye a pral fòme moun li pral dirije yo. Yo tout pral aprann menm prensip yo. Pap gen chirepit ak divizyon. Labib fè konnen: “Yo pap fè okenn mal, ni okenn ravaj [...]. Paske, san mank, tè a pral plen konesans sou Jewova menm jan lanmè a plen dlo.” — Ezayi 11:9.

Tout moun sou tè a pral viv nan tèt ansanm toutbon e y ap anpè youn ak lòt. Se sa Nasyonzini te swete reyalize. Selon sa nou li nan Sòm 37:11, tout moun nèt pral “kontan anpil akoz yo pral viv nan yon lapè total”. Rive yon lè, n ap sispann itilize mo tankou “krim”, “polisyon”, “lamizè” ak “lagè”. Men, ki lè sa pral fèt? Tout bagay sa yo pral fèt lè Wayòm Bondye a kòmanse dirije tè a. Ki jan Wayòm nan pral rive fè sa? E ki sa w ka fè pou w kapab la lè sa a? Se sou sa nou pral pale kounye a.