Al gade sa k anndan l

Ki sa Wayòm Bondye a pral fè?

Ki sa Wayòm Bondye a pral fè?

Repons Bib la bay

 Wayòm Bondye a pral ranplase tout gouvènman lèzòm yo epi li pral dirije tout tè a (Dànyèl 2:44; Revelasyon 16:14). Lè sa a, Wayòm Bondye a pral...

  •   Elimine mechan yo k ap maltrete nou paske yo egoyis. “Kanta pou mechan yo, y ap detwi yo sou tè a, e moun ki pa fidèl yo, y ap derasinen yo sou li.” — Pwovèb 2:22.

  •   Fini ak lagè. “[Bondye] fè pa gen lagè ankò sou tout kò tè a.” — Sòm 46:9.

  •   Bay tout moun sa yo bezwen ann abondans e fè gen sekirite sou tè a. “Tout moun va viv ak kè poze anba tonèl rezen yo, anba pye fig frans yo. Pèsonn p’ap chèche yo kont.” — Miche 4:4, Bib la.

  •   Fè tè a tounen yon paradi. “Dezè ak tè sèk pral kontan yon sèl kontan. Savann yo pral kontan tou, yo pral fleri.” — Ezayi 35:1, Bib la.

  •   Fè chak moun gen yon bon travay ki bay kè kontan. “E moun [Bondye] chwazi yo ap byen jwi travay yo fè ak men yo. Yo pap kraze kò yo travay pou granmesi.” — Ezayi 65:21-23.

  •   Elimine maladi. “Pa gen yon moun nan peyi a k ap di: ‘Mwen malad.’” — Ezayi 33:24.

  •   Fè moun pa vyeyi ankò. “Se pou kò l vin pi fre pase lè l te jèn! Se pou l retounen gen menm fòs li te genyen lè l te jèn nan.” — Jòb 33:25.

  •   Leve moun ki mouri yo. “Tout moun ki nan tonm yo pral tande vwa [Jezi], e y ap soti.” — Jan 5:28, 29.