Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

PWOBLÈM NAN

Sekirite nou menase

Sekirite nou menase

“Jenerasyon sa a depase nenpòt lòt jenerasyon nan kesyon teknoloji, lasyans ak nan kesyon lajan. [...] Epoutan, li pwobab pou se premye jenerasyon ki sou wout pou l mennen monn nan nan yon katastwòf [nan domèn politik ak ekonomik e ki sou wout tou pou l detwi anviwònman an].” — The Global Risks Report 2018, World Economic Forum.

POUKISA ANPIL MOUN KI BYEN KONNEN SA K AP PASE NAN MONN NAN JODI A ENKYETE POU AVNI NOU AK AVNI TÈ A? ANN WÈ KÈK BAGAY KI KA FÈ SA.

  • MOVE AKSYON PA MWAYEN ENTÈNÈT: Gen yon jounal ki fè konnen: “Chak jou, Entènèt reprezante yon danje pou moun k ap navige sou li. Se kote ki gen plis moun ki renmen gen relasyon seksyèl ak timoun, moun bay brimad epi pran brimad, moun poste vye mesaj ak pirat.” (The Australian). Menm jounal sa a ajoute: ‘Yon lòt krim k ap vale teren nan monn nan, se zafè vòlè idantite moun sou Entènèt. Entènèt bay moun opòtinite pou yo montre jis nan ki pwen yo ka fè malveyans ak mechanste.’

  • RICH AK PÒV: Sa pa gen twò lontan depi yon rapò fè konnen, lè yo mete tout byen uit moun ki pi rich nan monn nan ansanm, yo wè yo egal ak sa mwatye moun ki pi pòv nan monn nan posede (Oxfam International). Nan rapò sa a, yo fè konnen tou sitiyasyon sa a pa jis paske ti kantite moun ki pi rich yo ap vin pi rich, tandiske sa ki pòv yo ap vin pi pòv. Gen moun ki pè pou sa pa vin lakòz moun revòlte.

  • LAGÈ AK PÈSEKISYON: Nan ane 2018, men sa yon rapò Nasyonzini te fè konnen: “Jodi a, se premye fwa gen tout moun sa yo ki oblije deplase al viv lòt kote. Gen plis pase 68 milyon moun ki te oblije kite kay yo, sitou akoz pwoblèm lagè ak pèsekisyon. Chak de segonn, gen prèske yon moun ki oblije deplase kite kay li.” — United Nations Refugee Agency.

  • ANVIWÒNMAN AN AN DANJE: Gen yon rapò ki fè konnen (The Global Risks Report 2018): “Divès kalite plant ak bèt ap disparèt pa pakèt nan yon batje. Yon lòt malè ki pandye se lè a ak lanmè a k ap vin pi sal chak jou, sa ki reprezante yon danje pou sante lèzòm.” Menm rapò sa a fè konnen “nan kèk peyi, kantite ensèk yo ap diminye pa pakèt. Etandone, se ensèk yo ki lage polenn nan plant yo, syantifik yo avèti moun yo si sa kontinye konsa, rive yon lè anviwònman an ap detwi nèt.” Menm koray yo ki nan lanmè a an danje tou. Selon etid syantifik yo fè, pandan 30 ane ki pase yo, anviwon mwatye koray ki nan monn nan deja fin detwi.

Èske nou kapab fè chanjman ki nesesè pou gen plis sekirite ak plis pwoteksyon nan monn nan? Gen moun ki panse fòmasyon ta dwe jwe yon gwo wòl nan sa. Si se sa, ki kalite fòmasyon sa mande? Se sou sa nou pral pale nan atik ki vin apre yo.