Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Simaye bon nouvèl konsènan favè san parèy la

Simaye bon nouvèl konsènan favè san parèy la

“Bay yon temwayaj konplè sou bon nouvèl konsènan favè san parèy Bondye a.” — TRAVAY 20:24.

KANTIK: 101, 84

1, 2. Ki jan apot Pòl te montre l gen rekonesans pou favè san parèy Bondye a?

APOT PÒL te kapab di onètman: “Favè san parèy [Bondye] te fè m nan pa t pou granmesi.” ​(Li 1 Korentyen 15:9, 10.) Pòl te konnen byen klè li pa t fè anyen pou l te merite gwo mizèrikòd Bondye te fè l la. Paske li te yon moun ki te konn pèsekite kretyen yo.

2 Men sa Pòl te ekri Timote lè l te prèske rive nan fen lavi l: “Mwen gen Kris Jezi, Seyè nou an, rekonesans, li menm ki ban m pisans, paske li chwazi m pou sèvis li poutèt li wè m fidèl.” ​(1 Timote 1:12-14). De ki sèvis Pòl t ap pale la a? Men sa Pòl te di ansyen nan kongregasyon Efèz yo: “Mwen pa bay lavi m okenn enpòtans, depi m rive fini kous mwen ak sèvis Seyè Jezi ban mwen an, sètadi pou m bay yon temwayaj konplè sou bon nouvèl konsènan favè san parèy Bondye a.” — Travay 20:24.

3. Ki sèvis espesyal yo te bay Pòl fè? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

3 Ki “bon nouvèl” Pòl t ap preche, e ki jan bon nouvèl sa a te montre favè san parèy Jewova a? Men sa Pòl te di kretyen Efèz yo: “Nou tande Bondye ban m jere favè san parèy li a pou nou.” ​(Efezyen 3:1, 2). Jezi te di Pòl pou l preche moun ki pa t Juif yo bon nouvèl la. Kounye a, li te vin posib pou moun ki sot nan nasyon yo te vin fè pati Wayòm Mesi a ap dirije a ki se yon gouvènman. (Li Efezyen 3:5-8.) Pòl te preche avèk zèl e l kite yon bèl egzanp pou kretyen yo jodi a. Li te montre favè san parèy Bondye a pa t “pou granmesi” nan ka pa l, oubyen li pa t mal itilize l.

ÈSKE FAVÈ SAN PARÈY BONDYE A POUSE W AJI?

4, 5. Poukisa n kapab di “bon nouvèl konsènan Wayòm nan” se menm bagay ak bon nouvèl konsènan “favè san parèy Bondye a”?

4 Nan tan lafen sa a, pèp Jewova a gen responsablite pou yo preche “bon nouvèl [...] konsènan Wayòm nan sou tout tè a, kòm yon temwayaj pou tout nasyon”. (Matye 24:14.) Bon nouvèl Wayòm nan se “bon nouvèl konsènan favè san parèy Bondye a” li ye tou. Sa k fè sa? Tout benediksyon Wayòm Bondye a pral fè n jwenn yo pral posib grasa favè Jewova (Efezyen 1:3). Pòl te montre l gen rekonesans pou favè san parèy Jewova a lè l te chofe nan travay predikasyon an. Èske n ap imite egzanp Pòl? — Li Women 1:14-16.

5 Nan atik anvan an, nou te aprann ki jan nou menm, antanke pechè, nou benefisye favè san parèy Jewova a plizyè fason. Piske nou jwenn tout byenfè sa yo, nou gen responsablite pou n anseye lòt moun fason Jewova demontre lanmou e ki jan yo ka benefisye lanmou sa a. Ki jan nou ka ede lòt moun montre rekonesans yo pou favè san parèy Bondye a?

SIMAYE BON NOUVÈL KONSÈNAN RANSON AN

6, 7. Ki jan lè n esplike moun yo sa ranson an ye se simaye n ap simaye bon nouvèl konsènan favè san parèy Bondye a?

6 Jodi a, anpil moun pa santi yo koupab lè yo peche, se sa k fè yo pa konprann rezon ki fè lèzòm bezwen ranson an. Anmenmtan, gen pi plis moun ki vin rann yo kont fason y ap viv la pa fè kè yo kontan. Epi, pou anpil moun, se lè yo vin pran kontak ak Temwen Jewova yo, yo vin konn ki sa peche ye, fason li afekte nou, ak ki sa n dwe fè pou n pa esklav peche ankò. Yonfwa moun ki sensè yo fin konprann ki sa peche ye, yo rekonesan dèske yo aprann Jewova te voye Pitit li a sou tè a pou l libere nou anba peche ak lanmò. Jewova te fè sa paske l gen anpil lanmou lakay li e akoz favè san parèy li a. — 1 Jan 4:9, 10.

7 Gade ki sa Pòl te di konsènan Pitit Jewova renmen anpil la: “Piske Pitit li a te peye ranson an, nou libere grasa san li, wi, nou jwenn padon pou fot nou yo, selon richès favè san parèy [Jewova] a.” ​(Efezyen 1:7). Sakrifis Kris la, anpalan de ranson an, se pi gwo prèv ki montre jis nan ki pwen Bondye renmen nou e sa montre pakèt enpòtans favè san parèy li a genyen. Se yon gwo soulajman sa ye pou n aprann si nou demontre lafwa nan sakrifis Jezi a, Bondye ap padone peche nou e n ap gen yon konsyans ki klè (Ebre 9:14)! Se bon nouvèl konsa pou nou pataje ak lòt moun!

EDE MOUN YO VIN ZANMI BONDYE

8. Poukisa, antanke pechè, lèzòm bezwen rekonsilye ak Bondye?

8 Si moun yo pa demontre lafwa nan sakrifis Jezi a, Bondye ap konsidere yo kòm ènmi l. Kidonk, se responsablite pa nou pou n fè yo konnen yo kapab vin zanmi Bondye. Men sa apot Jan te ekri: “Moun ki demontre l gen lafwa nan Pitit la ap gen lavi ki pap janm fini an. Moun ki dezobeyi Pitit la pap wè lavi, men l ap sibi kòlè Bondye.” ​(Jan 3:36). Nou mèt kontan dèske sakrifis Jezi a rann li posib pou n vin zanmi Bondye. Men ki jan Pòl te esplike sa: “Nou menm yon lè ki te lwen Bondye e ki te ènmi l paske lespri nou te fikse sou zèv ki pa bon, kounye a, li rekonsilye nou avèk li grasa kò sila a ki te mouri a.” — Kolosyen 1:21, 22.

Nou gen responsablite pou n fè moun yo konnen yo ka vin zanmi Bondye.

9, 10. a) Ki responsablite Kris te bay frè l yo, anpalan de moun Bondye chwazi pou al nan syèl la? b) Ki jan “lòt mouton” yo ap ede moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo?

9 Kris te bay frè l yo ki sou tè a, anpalan de moun Bondye chwazi pou al nan syèl la, “misyon pou [yo] fè moun vin rekonsilye” ak Bondye. Men sa Pòl te di yo: “Tout bagay soti nan Bondye, li menm ki fè nou rekonsilye avè l grasa Kris e ki ban nou misyon pou nou fè moun vin rekonsilye avè l. Sa vle di, Bondye t ap fè yon monn rekonsilye avè l pa mwayen Kris, san li pa t konsidere fot yo, e li te konfye nou mesaj k ap fè moun rekonsilye avè l la. Donk, nou se anbasadè k ap travay nan plas Kris, kòmsi Bondye sèvi avèk nou pou l sipliye moun yo. Antanke reprezantan Kris, nou mande nou tanpri: ‘Vin rekonsilye ak Bondye.’” — 2 Korentyen 5:18-20.

10 Se yon privilèj pou moun ki fè pati “lòt mouton” yo ede moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo fè travay sa a (Jan 10:16). Antanke mesaje Kris, se “lòt mouton” yo k ap fè pifò travay predikasyon an, k ap anseye moun yo laverite e k ap ede yo vin gen yon relasyon sere ak Jewova. Se yon pati enpòtan nan travay predikasyon bon nouvèl konsènan favè san parèy Bondye a.

ANSEYE MOUN YO BONDYE TANDE PRIYÈ

11, 12. Poukisa se yon bon nouvèl sa ye pou moun yo aprann yo kapab priye Jewova?

11 Anpil moun priye paske sa fè yo santi yo byen, men yo pa fè sa paske yo kwè Bondye ap tande priyè yo toutbon. Yo bezwen aprann konnen Jewova se Sila a “ki tande lapriyè” a. Men sa David, youn nan moun ki te ekri liv Sòm nan te di: “O ou menm ki tande lapriyè, tout kalite moun gen pou yo vin devan w. Erè m yo twòp pou m sipòte. Men, ou pase sou sa nou fè ki mal yo.” — Sòm 65:2, 3.

Lè n anseye moun yo fason pou yo priye, nou ede yo vin zanmi Jewova.

12 Men sa Jezi te di disip li yo: “Si nou mande yon bagay nan non m, m ap fè l.” ​(Jan 14:14). Sa vle di nou kapab priye pou nenpòt “bagay” ki ann amoni ak volonte Jewova. Men sa Jan te ekri: “Men asirans nou gen nan Bondye: kèlkeswa sa nou mande l selon volonte l, li tande nou.” ​(1 Jan 5:14). Se pa ti bon sa bon pou n ede moun yo konprann lapriyè se pa sèlman yon bagay k ap fè yo santi yo byen, men se yon mwayen pou yo pwoche bò “twòn favè san parèy” Jewova a (Ebre 4:16)! Lè n anseye moun yo bon fason pou yo priye, kiyès yo dwe priye, e ki sa yo dwe mande nan priyè yo, nou ede yo vin zanmi Jewova e n ede yo jwenn soulajman nan soufrans yo. — Sòm 4:1; 145:18.

FAVÈ SAN PARÈY LA NAN NOUVO SISTÈM NAN

13, 14. a) Ki kokennchenn privilèj moun ki pral nan syèl yo pral genyen alavni? b) Ki bèl travay moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo pral fè pou lèzòm?

13 Jewova pral demontre favè san parèy plis toujou nan “sistèm k ap vini yo”. Ki jan l pral fè sa? Bondye pral bay 144 000 moun ki pral dirije ansanm ak Kris nan syèl la yon kokennchenn privilèj. Pòl te esplike ki sa privilèj sa a ap ye lè l te ekri: “Bondye gen anpil mizèrikòd, e piske li renmen nou anpil, li te ban nou lavi ansanm ak Kris, menm lè nou te mouri nan fot nou yo. Se grasa favè san parèy la nou te sove. Epitou, li resisite nou ansanm ak Kris Jezi, e li fè nou chita ansanm avè l nan syèl la, ann inyon ak Kris Jezi, dekwa pou nan sistèm k ap vini yo li ka demontre richès estrawòdinè favè san parèy li a nan fason li aji byen avèk nou ann inyon ak Kris Jezi.” — Efezyen 2:4-7.

14 Li pa fasil pou n imajine bèl bagay Jewova prepare pou kretyen li chwazi pou al nan syèl la lè yo pral dirije ansanm ak Kris (Lik 22:28-30; Filipyen 3:20, 21; 1 Jan 3:2). Jewova pral “demontre richès estrawòdinè favè san parèy li a” pou yo yon fason espesyal. Se yo ki pral “Nouvo Jerizalèm nan,” oswa lamarye a, madanm Kris la (Revelasyon 3:12; 17:14; 21:2, 9, 10). Yo pral travay ansanm ak Jezi pou yo “geri nasyon yo”. Yo pral ede lèzòm libere anba peche ak lanmò e y ap ede yo vin pafè. — Li Revelasyon 22:1, 2, 17.

15, 16. Ki jan Jewova pral demontre favè san parèy pou “lòt mouton” yo alavni?

15 Efezyen 2:7 di Bondye pral demontre favè san parèy li “nan sistèm k ap vini yo”. Lè sa a, tout moun sou tè a pral benefisye “richès estrawòdinè favè san parèy li a” san mank (Lik 18:29, 30). Youn nan pi gwo fason Jewova pral demontre favè san parèy li a sou tè a se lè l pral resisite moun ki nan “Tonm” yo (Jòb 14:13-15; Jan 5:28, 29). Ki moun k ap resisite? Se gason ak fi ki te fidèl e ki mouri anvan Kris te mouri ansanm ak moun ki fè pati “lòt mouton” yo ki mouri fidèl anvè Jewova pandan dènye jou yo. Tout moun fidèl sa yo pral resisite pou yo kontinye sèvi Jewova.

16 Plizyè milyon moun ki te mouri san yo pa t konn Bondye pral resisite tou. Men sa Jan te ekri: “Mwen wè mò yo, gran kou piti, ki kanpe devan twòn nan, e gen woulo ki te ouvè. Men, gen yon lòt woulo ki te ouvè, se te woulo lavi a. Yo jije mò yo selon aksyon yo, dapre bagay ki ekri nan woulo yo. E lanmè a rann mò li te gen ladan l, lanmò ak Tonm nan rann mò yo te gen nan yo, epi, yo jije yo chak apa selon aksyon yo.” ​(Revelasyon 20:12, 13). Moun k ap resisite yo ap gen posiblite pou yo aprann konnen Jewova e pou yo kite l dirije yo. Yo pral gen pou yo aprann prensip biblik yo ansanm ak nouvo enstriksyon k ap nan “woulo yo” e pou yo viv ann amoni avèk yo. Nouvo enstriksyon sa yo se pral yon lòt fason Jewova pral demontre favè san parèy li.

KONTINYE PRECHE BON NOUVÈL LA

17. Ki sa n dwe kenbe nan lespri nou lè n ap patisipe nan travay bay temwayaj la?

17 Li vin pi enpòtan jodi a pou n preche bon nouvèl konsènan Wayòm nan pase nenpòt lòt epòk, paske lafen an toupre (Mak 13:10). Nou bezwen sonje objektif nou lè n ap preche se onore Jewova. Ki jan n ka fè sa? Nou bezwen fè moun yo konnen tout benediksyon nou pral jwenn nan monn nouvo a ap posib sèlman grasa favè estrawòdinè Jewova fè nou.

Antanke “moun k ap byen jere favè san parèy Bondye a”, se pou n chofe nan sèvis nou. — 1 Pyè 4:10. (Gade paragraf 17-19.)

18, 19. Ki jan n ka fè louwanj pou favè san parèy Jewova a?

18 Lè n ap preche moun yo, nou kapab esplike yo lè Wayòm Kris la ap dirije, lèzòm pral jwi tout byenfè ranson an pral pote yo e y ap vin pafè tikras pa tikras. Men sa Bib la di: “Kreyasyon an li menm tou pral libere anba esklavaj yon kò k ap depafini e li pral gen libète pitit Bondye yo genyen an nan laglwa.” ​(Women 8:21). Sa pral posib sèlman grasa favè san parèy Jewova a.

19 Nou gen privilèj pou n fè tout moun konnen bèl pwomès nou jwenn nan Revelasyon 21:4, 5 lan: “[Bondye] ap siye tout dlo nan je yo, pap gen lanmò ankò, e moun pap nan lapenn ankò akoz moun pa yo ki mouri. Pap gen ni rèl, ni doulè ankò. Ansyen bagay yo disparèt.” E Jewova, Sila a ki chita sou twòn nan, di: “Gade! Kounye a, m ap fè tout bagay vin tounèf.” Epitou, li di: “Ekri sa, paske pawòl sa yo fidèl e yo se laverite.” Lè n preche lòt moun bon nouvèl sa a avèk zèl, nou vrèman fè louwanj pou favè san parèy Jewova a!