Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Ezekyèl chapit 37 pale konsènan de bout bwa ki te vin fè yon sèl. Ki sa sa vle di?

Jewova te sèvi ak Ezekyèl, yon pwofèt li, pou l te fè konnen pèp li a t ap retounen nan peyi li te pwomèt la e yo t ap vin tounen yon sèl nasyon ankò. Mete sou sa, pwofesi sa a te fè konnen moun k ap adore Bondye nan dènye jou yo t ap vin yon sèl pèp.

Jewova te mande Ezekyèl pou l ekri sou de bout bwa. Men sa l te dwe ekri sou youn nan bout bwa yo: “Pou Jida e pou moun Izrayèl ki avè l yo.” Sou lòt bout bwa a, li te dwe ekri: “Pou Jozèf, bout bwa Efrayim nan, ansanm ak moun Izrayèl ki avè l yo.” Toule de bout bwa yo t ap vin fè “yon sèl” nan men Ezekyèl. — Ezekyèl 37:15-17.

Ki sa mo “Efrayim” nan vle di? Tribi Efrayim nan se te tribi ki te gen plis enfliyans pami dis tribi nan wayòm ki te nan nò Izrayèl la. Anfèt, Jewobowam, premye wa ki te dirije wayòm sa a, te soti nan tribi Efrayim (Detewonòm 33:13, 17; 1 Wa 11:26). Tribi sa a se te desandan Efrayim, yon pitit gason Jozèf (Nonb 1:32, 33). Jozèf te resevwa yon benediksyon espesyal nan men Jakòb, papa l. Kidonk, li te nòmal pou “bout bwa Efrayim nan” te reprezante dis tribi wayòm ki te nan nò a. Nan ane 740 anvan Jezi Kris, byen lontan anvan Ezekyèl te bay pwofesi a, Asiryen yo te pot laviktwa sou wayòm ki te nan nò Izrayèl la e yo te fè pèp la vin prizonye (2 Wa 17:6). Plizyè ane annapre, Babilónyen yo te pot laviktwa sou Asiryen yo. Se sa k fè, lè Ezekyèl te ekri pwofesi konsènan de bout bwa yo, pifò nan Izrayelit sa yo te epapiye nan anpi Babilòn nan.

Nan ane 607 anvan Jezi Kris, Babilónyen yo te pot laviktwa sou wayòm de tribi ki te nan sid Jida a e yo te mennen pèp la Babilòn. Petèt yo te tou ale ak kèlkeswa moun ki te rete nan wayòm ki te nan nò Izrayèl la. Wa ki t ap dirije nan wayòm ki te nan sid la se wa ki te soti nan tribi Jida. Prèt yo t ap viv nan Jida tou paske yo t ap sèvi nan tanp lan nan Jerizalèm (2 Kwonik 11:13, 14; 34:30). Se sa k fè l lojik pou bout bwa ki te “pou Jida” a te reprezante wayòm de tribi ki te nan sid la.

Ki lè de bout bwa yo te vin fè yon sèl? Sa te rive nan ane 537 anvan Jezi Kris, lè moun ki te reprezante wayòm ki te nan sid la ak moun ki te reprezante wayòm ki te nan nò a te soti ann egzil pou yo retounen Jerizalèm pou yo rebati tanp lan. Nasyon Izrayèl la pa t divize ankò. Yon lòt fwa ankò, Izrayelit yo te vin ap adore Jewova ansanm (Ezekyèl 37:21, 22). Pwofèt Ezayi ak pwofèt Jeremi te anonse inite sa a tou. — Ezayi 11:12, 13; Jeremi 31:1, 6, 31.

Ki sa pwofesi Ezekyèl la te anonse konsènan adorasyon ki pwòp la? Li te anonse Jewova t ap fè tout moun k ap adore l yo “vin fè yon sèl”. (Ezekyèl 37:18, 19.) Èske pwomès sa a reyalize nan epòk nou an? Wi. Pwofesi a te kòmanse akonpli nan ane 1919. Anvan sa, Satan te eseye divize pèp Bondye a nèt. Men, an 1919, yo te vin òganize ankò tikras pa tikras e yo te vin fè yon sèl ankò.

Nan epòk sa a, pifò nan moun ki te fè pati pèp Bondye a te gen esperans pou yo vin wa ak prèt nan syèl la ansanm ak Jezi (Revelasyon 20:6). Yo te sanble ak bout bwa ki pou Jida a. Sepandan, te gen kèk moun pami yo ki te gen esperans pou yo viv sou tè a pou toutan. Tank tan t ap pase, kantite moun ki te gen esperans sa a te vin pi plis (Zakari 8:23). Yo te sanble ak bout bwa ki pou Jozèf la.

Jodi a, toule de gwoup sa yo ap sèvi Jewova ansanm. Yo gen yon sèl Wa ki se Jezi Kris. Nan pwofesi Ezekyèl la, yo pale de Jezi Kris kòm “David, sèvitè m nan”. (Ezekyèl 37:24, 25.) Jezi te priye Papa l pou disip li yo, men sa l te di: “[Se] pou yo tout [...] vin youn, menm jan ou menm, Papa, ou ann inyon avè m e mwen ann inyon avèk ou *.” ​(Gade nòt la.) (Jan 17:20, 21). Mete sou sa, Jezi te anonse ti twoupo l la ki gen disip Bondye chwazi pou al nan syèl yo t ap “vin [fè] yon sèl twoupo” ansanm ak “lòt mouton” l yo. Yo tout t ap suiv “yon sèl bèje”. (Jan 10:16.) Jan Jezi te montre sa, jodi a, tout moun ki fè pati pèp Bondye a ini, kit yo gen esperans pou yo viv pou toutan nan syèl la, kit yo gen esperans pou yo viv pou toutan sou tè a!

^ § 10 Lè Jezi t ap pale konsènan siy dènye jou yo, li te bay disip li yo plizyè egzanp. Li enteresan pou n note premye egzanp lan pale de “esklav fidèl ki prevwayan an”, yon ti gwoup frè Bondye chwazi pou al nan syèl la ki t ap gen pou pran latèt pami pèp Bondye a (Matye 24:45-47). Apre sa, li te bay kèk egzanp ki gen rapò ak tout moun Bondye chwazi pou al nan syèl la (Matye 25:1-30). Alafen, li te pale de moun ki t ap gen pou soutni frè Kris yo e ki t ap gen pou viv sou tè a pou toutan (Matye 25:31-46). Menm jan an tou, lè pwofesi Ezekyèl la te kòmanse akonpli nan epòk nou an, li te reyalize toudabò sou moun ki gen esperans pou al nan syèl la. Byenke, an jeneral, dis tribi Izrayèl yo pa reprezante moun ki pral viv pou toutan sou tè a, inite y ap pale nan pwofesi sa a fè n sonje inite ki egziste ant moun ki pral viv pou toutan sou tè a ak moun Bondye chwazi pou al nan syèl la.