Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 5

“Gade “tout vye bagay ki bay degoutans y ap fè”

“Gade “tout vye bagay ki bay degoutans y ap fè”

EZEKYÈL 8:9

IDE KLE: Jida ki aposta a degrengole nan domèn espirityèl ak nan domèn moral.

1-3. Ki sa Jewova te vle Ezekyèl wè nan tanp lan ki te Jerizalèm, e poukisa l te vle l wè sa? (Gade pawòl entwodiksyon ak foto ki nan Seksyon 2 a.)

 ANTANKE pitit yon prèt, pwofèt Ezekyèl te byen konn Lwa Moyiz la. Donk, li te abitye ak tanp lan ki Jerizalèm ansanm ak fason vrè adorasyon Jewova a ta dwe fèt ladan l (Eze. 1:3; Mal. 2:7). Men kounye a, nan ane 612 anvan epòk nou an, kèlkeswa Juif ki fidèl la, san wete Ezekyèl, t ap choke lè l wè sa k ap fèt nan tanp Jewova a.

2 Jewova vle pou Ezekyèl wè move bagay k ap pase nan tanp lan e pou l fè “ansyen ki nan Jida yo”, moun ki te ann egzil ansanm avè l ki te rasanble lakay li yo, konnen sa l te wè. (Li Ezekyèl 8:1-4; Eze. 11:24, 25; 20:1-3.) Pa mwayen lespri sen, Jewova te fè Ezekyèl fè yon vizyon kote l te wè l Jerizalèm alòske li te lakay li nan Tèlabib, toupre Rivyè Keba a nan Babilòn, yon vil ki te nan yon distans plizyè santèn kilomèt alwès Jerizalèm. Jewova depoze pwofèt la nan tanp lan, nan pòtay ki nan nò lakou ki anndan an. Depi kote l te ye a, pandan l nan vizyon an, Jewova te mennen l vizite tanp lan.

3 Kounye a, Ezekyèl ap gade kat sèn chokan ki montre nan ki pwen nasyon an tonbe ba nan domèn espirityèl. Ki sa k rive vrè adorasyon Jewova a? E ki sans vizyon sa a gen pou nou jodi a? Annou fè vizit la ak Ezekyèl. Men, anvan sa, nou bezwen wè ki sa Jewova gen tout dwa atann nan men moun k ap adore l yo.

“Mwen se yon Bondye ki mande pou moun atache avè m sèlman”

4. Ki sa Jewova atann pou moun k ap adore l yo fè?

4 Anviwon nèf syèk anvan epòk Ezekyèl la, Jewova te di byen klè sa l ap atann nan men adoratè l yo. Nan dezyèm kòmandman ki fè pati Dis kòmandman li te bay Izrayelit yo *, men sa l te di: “Mwen menm, Jewova, Bondye nou an, mwen se yon Bondye ki mande pou moun atache avè m sèlman.” (Egz. 20:5). Lè Jewova di “atache avè m sèlman” an, sa montre li pap tolere yo adore okenn lòt dye. Jan nou te wè sa nan chapit 2 nan liv sa a, premye bagay ki nesesè pou adorasyon n ap bay la pwòp sèke se Jewova nou dwe bay li. Moun k ap adore Jewova yo dwe ba l premye plas nan lavi yo (Egz. 20:3). Yon fason senp nou ka di Jewova atann pou moun k ap adore l yo rete pwòp nan relasyon yo genyen avè l, sa vle di pou yo pa melanje vrè adorasyon an ak fo adorasyon. Nan ane 1513 anvan epòk nou an, Izrayelit yo te dakò fè pati alyans Lalwa a. Lè yo te fè sa, yo te dakò atache ak Jewova sèlman (Egz. 24:3-8). Jewova toujou respekte alyans li fè yo e li atann pou pèp li a ki fè alyans avè l fè menm bagay la. — Det. 7:9, 10; 2 Sam. 22:26.

5, 6. Sa k fè Jewova te merite pou se avè l sèlman Izrayelit yo atache?

5 Èske l te rezonab pou Jewova atann pou Izrayelit yo atache avè l sèlman? Wi, sa te rezonab! Li se Bondye Toupisan an, se li ki Souvren linivè a, se li ki Sous lavi a e se li ki fè n rete an vi (Sòm 36:9; Tra. 17:28). Se Jewova tou ki te delivre Izrayelit yo. Lè l t ap bay pèp la Dis kòmandman yo, men sa l te fè yo sonje: “Mwen se Jewova, Bondye nou an, ki te fè nou soti nan esklavaj nan peyi Ejip.” (Egz. 20:2). Li klè, Jewova te merite pou se li menm sèlman Izrayelit yo adore.

6 Jewova pa chanje (Mal. 3:6). Li toujou atann pou se li menm sèlman yo adore. Nan ka sa a, imajine jan l dwe te santi l lè l te wè toule kat sèn li t ap montre Ezekyèl nan vizyon an.

Premye sèn: Zidòl ki lakòz jalouzi a

7. a) Ki sa Juif ki te aposta yo t ap fè nan pòtay ki nan nò tanp lan, e ki reyaksyon sa te fè Jewova genyen? (Gade foto ki nan kòmansman chapit la.) b) Nan ki sans Izrayelit yo te pouse Jewova fè jalouzi? (Gade nòt 2 a.)

7 Li Ezekyèl 8:5, 6. Ezekyèl dwe te sezi! Nan direksyon nò parapò ak pòtay lotèl la, Juif ki aposta yo t ap adore yon zidòl. Petèt zidòl sa a se te yon poto sakre ki te reprezante Achera, fo deyès kananeyen yo te konsidere kòm madanm Baal la. Kèlkeswa sa zidòl la te reprezante, Izrayelit sa yo ki t ap fè idolatri pa t respekte pwomès yo te fè Jewova a. Lefètke yo te bay yon zidòl adorasyon yo te dwe bay Jewova sèlman an, yon adorasyon li merite, yo te fè Bondye fè jalouzi, sa ki te lakòz li vin an kòlè e l te gen rezon pou sa * (Det. 32:16; Eze. 5:13). Fè yon ti reflechi: Pandan plis pase 400 an, tanp lan se te yon kote ki sakre e yo te konsidere l kòm kote Jewova abite (1 Wa 8:10-13). Men kounye a, lefètke moun sa yo vin adore zidòl toupre tanp lan, yo fè Jewova “kanpe lwen tanp [li] an”.

8. Ki sans vizyon Ezekyèl te fè konsènan zidòl ki lakòz jalouzi a genyen pou nou jodi a?

8 Ki sans vizyon Ezekyèl te fè konsènan zidòl ki lakòz jalouzi a genyen pou nou jodi a? Jida, ki te vin aposta, fè nou panse ak Legliz ki di se kretyen yo ye yo. Legliz ki di se kretyen yo ye yo fè kwè se Bondye y ap adore, men Bondye pa aksepte adorasyon yo a paske y ap adore zidòl. Piske Jewova pa chanje, nou kapab gen asirans Legliz ki di se kretyen yo ye yo fè Bondye fache, menm jan sa te ye nan ka Jida ki te vin aposta (Jak 1:17). Se sèten, Jewova lwen Legliz ki di se kretyen yo ye yo!

9, 10. Ki leson ki sèvi nou avètisman nou ka aprann konsènan moun ki t ap adore zidòl nan tanp lan?

9 Ki leson ki sèvi nou avètisman nou ka aprann nan egzanp moun sa yo ki t ap adore zidòl nan tanp lan? Leson an sèke si nou vle rete atache ak Jewova sèlman, nou dwe “kouri pou idolatri”. (1 Kor. 10:14.) Nou ka panse nou pap janm sèvi ak imaj oswa zidòl pou n adore Jewova, men, idolatri kapab vin sou plizyè fòm, e gen kèk ladan yo ki pa parèt aklè menm jan ak lòt yo. Gen yon liv referans sou Bib la ki fè konnen kèlkeswa bagay nou posede ki gen valè oswa kèlkeswa pouvwa nou genyen nou bay plis enpòtans pase adorasyon n ap bay Bondye a, bagay sa a vin tounen yon zidòl. Nan ka sa a, zidòl kapab byen materyèl, lajan, relasyon seksyèl, detant, oswa nenpòt bagay ki ta pran premye plas nan lavi nou, e ki ta pran plas adorasyon nou ta dwe bay Jewova sèlman an (Mat. 6:19-21, 24; Efe. 5:5; Kol. 3:5). Nou dwe fè atansyon ak tout kalite idolatri paske se Jewova nou dwe bay premye plas nan kè nou e se li sèl nou dwe adore. — 1 Jan 5:21.

10 Premye sèn Jewova te montre Ezekyèl la gen ladan l yon seri “vye bagay ki bay degoutans”. Poutan, Jewova di pwofèt fidèl li a: “Ou gen pou w wè lòt bagay ki bay degoutans ki pi mal toujou.” Ki sa k ka pi mal pase adorasyon zidòl ki lakòz jalouzi a k ap fèt toupre tanp lan?

Dezyèm sèn: 70 ansyen k ap ofri fo dye lansan yo

11. Ki bagay chokan Ezekyèl te wè apre l te fin antre nan lakou ki anndan tanp lan ki toupre lotèl la?

11 Li Ezekyèl 8:7-12. Apre Ezekyèl fin fè yon twou nan yon mi e l fin antre nan lakou ki anndan tanp lan toupre lotèl la, li wè yon seri imaj chokan yo grave sou mi, “tout kalite imaj bèt ki rale sou vant ak bèt ki bay degoutans ansanm ak [...] yon seri zidòl ki bay degoutans”. * Imaj sa yo ki te grave sou mi yo te reprezante fo dye. Sa Ezekyèl te wè annapre a te pi chokan toujou: li te wè “70 ansyen nan mitan pèp Izrayèl la” ki te kanpe “nan fènwa” e ki t ap ofri lansan bay fo dye. Sou Lalwa, lansan moun fidèl yo te konn boule te bay yon bon sant ki te reprezante priyè yo Bondye te aksepte (Sòm 141:2). Sepandan, lansan 70 ansyen sa yo t ap ofri fo dye yo te gen move sant pou Jewova. Priyè yo te fè yo te tankou yon sant ki manke l dega (Pwo. 15:8). Ansyen sa yo t ap twonpe tèt yo, yo te panse “Jewova pa wè [yo]”. Men, Jewova te wè yo, e l te fè Ezekyèl wè tout sa yo t ap fè nan tanp Li an!

Jewova wè tout vye bagay k ap fèt “nan fènwa”. (Gade paragraf 11)

12. Sa k fè nou dwe rete fidèl menm lè nou “nan fènwa”, e kiyès sitou ki dwe bay bon egzanp nan sans sa a?

12 Ki sa nou ka aprann nan istwa sa a Ezekyèl rapòte konsènan 70 ansyen sa yo, ki te Izrayelit, ki t ap ofri lansan bay fo dye? Pou Bondye tande priyè nou yo e pou adorasyon n ap ba l la pwòp nan je l, nou dwe rete fidèl menm lè nou “nan fènwa”. (Pwo. 15:29.) Se pou n toujou sonje Jewova kapab wè tout sa n ap fè. Si Jewova reyèl pou nou, lè nou poukont nou, nou pap fè anyen nou konnen ki pap fè l plezi (Ebre 4:13). Se ansyen yo sitou ki dwe bay yon bon egzanp nan lavi yo antanke kretyen (1 Pyè 5:2, 3). Moun yo nan kongregasyon an gen rezon pou yo atann ansyen yo k ap monte estrad la pou anseye yo e ki pran latèt nan adorasyon an se moun k ap suiv prensip biblik yo menm lè yo “nan fènwa”, sa vle di menm lè lòt moun pa wè yo. — Sòm 101:2, 3.

Twazyèm sèn: “Yon seri medam k ap kriye pou dye yo rele Tamouz la”

13. Ki sa Ezekyèl te wè medam aposta yo t ap fè nan youn nan pòtay tanp lan?

13 Li Ezekyèl 8:13, 14. Apre de premye sèn ki montre yon seri bagay ki bay degoutans moun yo ap fè, Jewova di Ezekyèl: “Ou gen pou w wè lòt bagay ki bay degoutans y ap fè ki pi mal toujou.” Bon, ki sa pwofèt la te wè apre sa? Nan “antre pòtay kay Jewova a ki nan nò a”, li wè “yon seri medam k ap kriye pou dye yo rele Tamouz la”. Nan Mezopotami, nan tèks simeryen yo, yo rele dye Tamouz la Doumouzi e yo panse se te mari deyès Ichta, yon deyès moun yo te panse ki te ka fè moun fè pitit. * Li klè, medam Izrayelit ki t ap kriye yo t ap fè sa kòm yon pratik relijye ki gen rapò ak lanmò Tamouz. Lefètke medam sa yo ap kriye pou Tamouz nan tanp Jewova a, se pratike yo t ap pratike yon koutim payen menm kote yo pratike vrè adorasyon an. Men, lefètke yo te vin pratike koutim ki gen rapò ak fo relijyon anndan tanp Bondye a, sa pa t fè koutim sa yo vin pwòp. Rezon an se paske pou Jewova, sa medam sa yo ki aposta t ap fè yo se te “bagay ki bay degoutans”.

14. Ki leson nou ka aprann nan fason Jewova konsidere sa medam aposta yo t ap fè a?

14 Ki leson nou ka aprann nan fason Jewova konsidere sa medam yo t ap fè a? Pou adorasyon nou an rete pwòp, nou pa dwe janm melanje l ak pratik payen yo ki pa pwòp. Se sa k fè, nan okenn fason, nou pa dwe mele ak fèt ki soti nan relijyon payen. Èske kote yon fèt soti gen enpòtans? Wi! Jodi a, gen yon seri bagay nan kèk fèt tankou Nwèl, fèt Pak ak anivèsè nesans, ki ka sanble pa gen anyen mal ladan yo. Men, pa bliye, Jewova te wè lè bagay sa yo ki soti nan relijyon payen te fèk ap kòmanse, anvan yo vin fè pati fèt moun yo fete jodi a. Selon Jewova, se pa paske gen anpil tan ki pase oswa se pa paske moun eseye melanje pratik payen sa yo ak vrè adorasyon an ki fè yo pa ba l degoutans. — 2 Kor. 6:17; Rev. 18:2, 4.

Katriyèm sèn: 25 gason k ap “pwostène devan solèy la”

15, 16. Ki sa 25 mesye yo t ap fè nan lakou ki anndan tanp lan, e poukisa sa yo te fè a te fè Jewova mal anpil?

15 Li Ezekyèl 8:15-18. Pou Jewova kòmanse pale de katriyèm sèn nan, ki se dènye sèn nan tou, li di menm pawòl li te di anvan an: “Ou gen pou w wè lòt bagay ki pi mal toujou.” Petèt pwofèt la t ap mande tèt li: ‘Ki sa k ka pi mal pase sa m wè deja yo?’ Kounye a, Ezekyèl te nan lakou ki anndan tanp lan. Nan lakou a, nan antre tanp lan, li wè 25 gason k ap pwostène pou yo adore “solèy la nan direksyon lès”. Mesye sa yo te manke Jewova dega nan fason ki pi mal la. Nan ki sans?

16 Imajine sèn nan: Yo te konstwi tanp Bondye a yon fason pou antre a bay nan direksyon lès. Lè moun k ap vin adore yo t ap antre, yo t ap bay fas yo nan direksyon lwès, konsa do yo t ap bay nan direksyon lès, kote solèy la leve a. Men, nan vizyon an, 25 mesye sa yo “bay tanp [lan] do” e figi yo te bay nan direksyon lès pou yo te ka adore solèy la. Lè yo te fè sa, se do yo te vire bay Jewova, paske tanp lan se te “kay Jewova”. (1 Wa 8:10-13.) Tout 25 mesye sa yo te aposta. Yo te bliye Jewova, e yo pa t obeyi kòmandman ki nan Detewonòm 4:15-19 la. Se pa ti dega yo te manke Bondye, Sila a ki vrèman merite pou yo atache avè l sèlman!

Jewova merite pou adoratè l yo atache avè l sèlman.

17, 18. a) Ki sa nou ka aprann nan istwa konsènan mesye yo k ap adore solèy la nan tanp lan? b) Ki relasyon Izrayelit ki aposta yo te kraze, e ki jan yo te fè sa?

17 Ki sa nou ka aprann nan istwa konsènan mesye sa yo k ap adore solèy la? Pou adorasyon nou an rete pwòp, nou dwe konte sou Jewova pou l ban nou bon konprann ak sajès nan domèn espirityèl. Sonje, “Jewova Dye se yon solèy” e Pawòl li a se “yon limyè” pou wout nou (Sòm 84:11; 119:105). Jewova ban nou sajès pa mwayen Pawòl li a ak piblikasyon ki baze sou Bib la òganizasyon l lan ban nou yo. Konsa, li montre nou fason pou nou viv k ap ban nou satisfaksyon depi kounye a e k ap fè nou gen lavi ki pap janm fini an pi devan. Men, si nou ta konte sou monn sa a pou n konn kòman pou n mennen lavi nou, se do nou t ap vire bay Jewova. Si nou ta fè sa, nou t ap manke l dega anpil e sa t ap fè l mal anpil. Nou pa t ap janm swete fè Bondye nou an sa! Vizyon Ezekyèl fè a ban nou avètisman tou pou nou evite pran pa ak moun ki vire do bay laverite, anpalan de aposta yo. — Pwo. 11:9.

18 Jan nou sot wè sa, Ezekyèl te wè kat sèn ki chokan konsènan idolatri ak fo adorasyon ki montre nan ki pwen Jida, ki te vin aposta, te tonbe ba nan domèn espirityèl. Lefètke Izrayelit sa yo te vin pa pwòp nan domèn espirityèl, yo te kraze relasyon yo te gen ni ak lòt moun nan nasyon an ni ak Bondye. Lè yon moun pa pwòp nan domèn espirityèl sa fè l pa pwòp nan domèn moral tou. Se sa k fè, nou pa sezi lefètke Izrayelit ki te vin aposta yo te fè tout kalite bagay mal, sa ki te kraze ni relasyon yo te gen ak Bondye, ni relasyon yo te gen ak lòt moun. Kounye a, ann wè kòman Bondye te enspire pwofèt Ezekyèl pou l pale sou move bagay Jida ki aposta t ap fè yo.

Konduit ki pa pwòp: “Gen moun nan mitan w k ap fè [...] bagay ki sal”

19. Ki sa Ezekyèl te di konsènan jan pèp Jewova te fè alyans avè l la te tonbe ba nan domèn moral?

19 Li Ezekyèl 22:3-12. Tout moun nan nasyon an te kòwonpi, soti nan moun k ap dirije yo rive nan pèp la. “Chèf” yo oswa moun ki te alatèt yo te sèvi ak pouvwa yo pou yo touye inosan. Pèp la an jeneral te fè menm bagay ak chèf yo, yo te dezobeyi Lwa Bondye a. Nan fanmi yo, timoun yo te “meprize papa yo ak manman yo”, e moun nan yon menm fanmi te konn gen relasyon seksyèl antre yo. Nan peyi a, Izrayelit ki te rebèl yo te konn vòlè afè etranje k ap viv nan mitan yo e yo te konn maltrete timoun ki pa gen papa yo ak vèv yo. Gason Izrayelit yo te konn vyole madanm vwazen yo. Moun yo te lage kò yo nan fè ava, yo te konn pran lajan pa anba, yo te konn dechèpiye lòt moun e yo te konn prete ak gwo enterè. Ala sa dwe te fè Jewova mal pou l wè pèp li te fè alyans avè l la k ap pase Lwa l la anba pye e ki pa t rive konprann se lanmou ki te fè l ba yo lwa sa a! Sa te fè Jewova mal anpil pou l wè jan yo te tonbe ba nan domèn moral. Li te mande Ezekyèl pou l di pèp la ki te imoral: “Ou bliye m nèt.”

Monn nan, ki anba enfliyans Legliz ki di se kretyen yo ye yo, ap vin pi mal toujou nan fè vyolans ak imoralite. (Gade paragraf 20)

20. Sa k fè pawòl Ezekyèl te di sou jan Jida tan lontan an pa t pwòp nan domèn moral la itil nou jodi a?

20 Sa k fè pawòl Ezekyèl te di Jida konsènan konduit yo ki pa t pwòp gen sans pou nou jodi a? Rezon an se paske jan Jida ki te vin aposta te aji mal nan domèn moral fè nou sonje jan monn n ap viv ladan l jodi a tonbe ba nan domèn moral. Dirijan politik yo mal sèvi ak pouvwa yo e yo toupizi moun ki fè pati pèp la. Chèf relijye yo, sitou moun ki pran latèt nan Legliz ki di se kretyen yo ye yo, te beni lagè nasyon yo fè ki te lakòz plizyè milyon moun pèdi lavi yo. Chèf relijye sa yo meprize prensip klè ak prensip ki pwòp Bib la bay konsènan relasyon seksyèl. Kòm rezilta, prensip moral monn n ap viv ladan l lan kontinye desann pi ba. Se sèten Jewova ap di Legliz ki di se kretyen yo ye yo menm bagay li te di Jida ki te vin aposta: “Ou bliye m nèt.”

21. Ki sa nou ka aprann sou jan Jida tan lontan an pa t pwòp nan domèn moral?

21 Antanke pèp Jewova, ki sa nou ka aprann nan fason Jida tan lontan an pa t pwòp nan domèn moral? Pou nou adore Jewova fason li aksepte a, nou dwe kontinye gen yon konduit ki pwòp nan tout domèn. Se pa yon bagay ki fasil nan monn sa a ki kòwonpi nan domèn moral (2 Tim. 3:1-5). Sepandan, nou konnen ki jan Jewova konsidere tout bagay sal k ap fèt nan domèn moral yo (1 Kor. 6:9, 10). Nou obeyi prensip moral Jewova bay yo paske nou renmen Jewova e nou renmen lwa l yo (Sòm 119:97; 1 Jan 5:3). Si nou ta vin pa pwòp nan domèn moral, sa t ap montre nou pa renmen Bondye nou an ki sen e ki pwòp. Nou pa t ap janm vle bay Jewova rezon pou l di nou: “Ou bliye m nèt.”

22. a) Apre w fin egzamine sa Jewova di konsènan vye aksyon Jida tan lontan an te fè yo, ki sa w detèmine pou w fè? b) Sou ki sa nou pral pale nan chapit ki vin apre a?

22 Nou sot aprann kèk leson enpòtan nan sa Jewova te di konsènan move bagay Jida tan lontan an t ap fè nan domèn espirityèl ak nan domèn moral. Se sèten, nou vin gen plis detèminasyon pou n rete atache ak Jewova sèlman, paske li vrèman merite sa. Pou nou rive fè sa, nou dwe fè atansyon ak tout kalite idolatri e nou dwe rete pwòp nan domèn moral. Men, ki sa Jewova te fè pèp la ki te enfidèl? Nan fen vizit Ezekyèl t ap fè nan tanp lan, Jewova te di l byen klè: “M ap lage kòlè m sou yo.” (Eze. 8:17, 18). Rezon ki fè nou dwe konnen ki jan Jewova te jije Jida ki te vin enfidèl la se paske Jewova pral jije monn mechan sa a menm jan an. Nan chapit ki vin apre a, nou pral pale sou fason jijman Jewova te fè kont Jida a te reyalize.

^ § 4 Nan liv Ezekyèl la, byen souvan, yo sèvi ak mo “Izrayèl” la pou yo pale de moun ki te abite Jida ak Jerizalèm yo. — Eze. 12:19, 22; 18:2; 21:2, 3.

^ § 7 Lefètke yo sèvi ak mo “jalouzi” a, sa montre Jewova bay fidelite nou avè l anpil enpòtans. Sa ka fè n panse ak jalouzi yon mari ta ka fè si madanm li pa ta fidèl avè l (Pwo. 6:34). Menm jan ak mari sa a, Jewova gen dwa fè jalouzi lè pèp ki fè alyans avè l la pa fidèl paske y ap adore zidòl. Men sa yon liv referans fè konnen: “Se paske Bondye sen [...] ki fè l fè jalouzi. Piske se li menm sèl ki sen [...], li pa dakò nou adore okenn lòt dye.” — Egz. 34:14.

^ § 11 Ekspresyon ebre lè yo tradui l yo mete “zidòl ki bay degoutans” pou li a kapab gen rapò ak yon mo ebre ki vle di “poupou bèt” e yo itilize l pou bagay yo meprize.

^ § 13 Gen kèk moun ki panse Tamouz se yon lòt non yo te bay Nimwòd. Men, pa gen okenn prèv ki montre sa.