Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

APENDIS

Jezi Kris: Mesi yo te pwomèt la

Jezi Kris: Mesi yo te pwomèt la

POU Jewova Dye ede nou idantifye Mesi a, li te enspire anpil pwofèt pou yo founi detay nan Bib la konsènan nesans Moun yo te pwomèt ki t apral delivre nou an, konsènan ministè li ak lanmò li. Tout pwofesi biblik sa yo te akonpli sou Jezi Kris. W ap sezi wè jan yo presi e jan yo detaye. Kòm egzanp, annou egzamine kèk pwofesi ki te predi yon seri evènman ki gen rapò ak lè Mesi a te fèt ak lè l te piti.

Pwofèt Izayi te anonse Mesi a t ava yon desandan Wa David (Izayi 9:7). Vrèmanvre, Jezi te fèt nan liy fanmi David. — Matye 1:1, 6-17.

Gen yon lòt pwofèt Bondye ki te rele Mika ki te predi timoun sa a t ava finalman tounen yon chèf, e li t ava fèt nan “Betleyèm Efrata”. (Mika 5:2.) Nan epòk Jezi te fèt la, te gen de vil ann Izrayèl ki te rele Betleyèm. Gen youn ki te toupre Nazarèt nan zòn nò peyi a, e lòt la te toupre Jerizalèm nan zòn Jide. Betleyèm ki te toupre Jerizalèm nan te rele Efrata nan tan lontan. Se nan vil sa a Jezi te fèt, egzakteman jan pwofesi a te predi l la! — Matye 2:1.

Gen yon lòt pwofesi nan Bib la ki te predi yo t ava rele Pitit Gason Bondye a “pou l sot ann Ejip”. Lè Jezi te timoun, yo te mennen l ann Ejip. Apre lanmò Ewòd, yo mennen l tounen. Konsa, pwofesi a akonpli. — Ocheya 11:1; Matye 2:15.

Nan  tablo ki nan paj 200 an, vèsè yo mete anba tit “Pwofesi” a gen detay ki konsène Mesi a. Tanpri, konpare yo ak vèsè yo mete anba tit “Akonplisman” an. Sa pral ede w kwè plis toujou Pawòl Bondye a se verite.

Etan w ap egzamine vèsè sa yo, pa bliye yo te ekri vèsè pwofetik yo sa gen plizyè santèn ane anvan nesans Jezi. Men sa Jezi te di: “Tout bagay ki ekri konsènan mwen menm nan lwa Moyiz la, nan Pwofèt yo ak nan Sòm yo dwe akonpli.” ​(Lik 24:44). Ou ka verifye sa nan pwòp bib pa w: yo te vrèman akonpli, e nan mwenn ti detay!