Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT DIZNÈF

Rete nan lanmou Bondye

Rete nan lanmou Bondye
  • Sa sa vle di renmen Bondye?

  • Ki jan nou ka rete nan lanmou Bondye?

  • Ki jan Jewova ap rekonpanse moun ki rete nan lanmou li?

Èske w ap fè Jewova vin yon refij pou ou nan peryòd move tan sa yo?

1, 2. Ki kote nou ka jwenn yon refij asire jodi a?

IMAJINE w ap mache sou yon wout anba yon move tan. Syèl la vin pi sonm. Zeklè kòmanse flache, loray ap gwonde, epi gwo lapli ap tonbe. W ap fè vit pou w chèche yon kote pou w pare lapli. La a, arebò wout la, ou wè yon kote ou ka abrite w, yon kote ki solid, ki sèk e ki atiran. Se pa ti kontan w ap kontan pou kote sa a ou jwenn nan, yon kote ou santi w an sekirite!

2 N ap viv nan move tan. Kondisyon monn nan ap vin pi mal chak jou. Men, gen yon kote ki asire nou ka abrite, yon refij ki pa kite okenn malè dirab frape nou. Ki sa l ye? Note sa Labib anseye: “M ap di Jewova: ‘Ou se refij mwen e ou se fòtrès mwen, ou se Bondye mwen. Se nan ou m ap mete konfyans mwen.’” — Sòm 91:2.

3. Ki jan nou ka fè Jewova vin yon refij pou nou?

3 Imajine sa! Jewova, Kreyatè linivè a, Souvren linivè a, ka vin yon refij ki pwoteje nou. Li ka kenbe nou an sekirite, paske li pi pisan lontan pase nenpòt moun oswa nenpòt bagay ki ka fè nou mal. Menmsi yon bagay mal rive nou, Jewova ka defèt tout move efè sa ka gen sou nou. Ki jan nou ka fè Jewova vin yon refij pou nou? Nou bezwen fè l konfyans. Anplis de sa, Pawòl Bondye a ankouraje nou “rete la nan lanmou Bondye”. (Jid 21.) Wi, nou bezwen rete nan lanmou Bondye, pandan n ap konsève yon lyen ki gen afeksyon ansanm ak Papa nou ki nan syèl la. Konsa, nou ka gen asirans li se yon refij pou nou. Men, ki jan nou ka kreye yon lyen konsa?

REKONÈT BONDYE RENMEN NOU EPI REYAJI AN KONSEKANS

4, 5. Bay kèk fason Jewova demontre lanmou li pou nou.

4 Pou nou rete nan lanmou Bondye nou bezwen konprann fason Jewova demontre lanmou li pou nou. Reflechi sou kèk ansèyman biblik ou aprann grasa liv sa a. Antanke Kreyatè, Jewova ban nou tè a kòm yon bèl kote pou nou abite. Li plen l ak anpil manje, anpil dlo, anpil resous natirèl, zannimo ki atiran ak bèl peyizaj. Antanke Moun ki fè ekri Bib la, Bondye fè nou konnen non l ak kalite li yo. Anplis de sa, Pawòl li a fè nou konnen li te voye Jezi, pwòp Pitit Gason l li renmen an, sou tè a. Li te kite l soufri e li te kite l mouri pou nou (Jan 3:16). Ki sa kado sa a siyifi pou nou? Li ban nou espwa yon avni estrawòdinè.

5 Esperans nou pou lavni depann de yon lòt bagay ankò Bondye fè. Jewova tabli yon gouvènman selès, Wayòm mesyanik la. Talè konsa, li pral mete yon bout nan tout soufrans e li pral fè tè a tounen yon paradi. Imajine sa! Nou ka viv anpè e ak kè kontan nètale sou tè a (Sòm 37:29). Antretan, Bondye ban nou direksyon konsènan pi bon fason nou ka viv depi kounye a. Epitou, li ban nou lapriyè kòm kado pou nou ka kominike avèk li nenpòt lè lib e libè. Sa yo se sèlman kèk nan fason Jewova montre lanmou li pou limanite an jeneral e pou ou menm pèsonèlman.

6. Ki jan w ka reyaji devan lanmou Jewova montre pou ou?

6 Men yon kesyon trèzenpòtan ou dwe konsidere pèsonèlman: “Ki jan m ap reyaji devan lanmou Bondye?” Anpil moun ap di: “Ebyen, mwen bezwen renmen Jewova anretou.” Èske se santiman pa w? Selon sa Jezi te di, kòmandman sa a ki di: “Ou dwe renmen Jewova Bondye w la ak tout kè w, ak tout nanm ou e ak tout lespri w”, se pi gwo kòmandman ki egziste (Matye 22:37). Se sèten, ou gen anpil rezon pou w renmen Jewova Dye. Men, èske lefètke w santi w gen lanmou sa a, sa sifi pou w rive di ou renmen Jewova ak tout kè w, ak tout nanm ou e ak tout lespri w?

7. Èske renmen Bondye pa ale pi lwen pase gen yon senp santiman? Esplike.

Jan Bib la dekri sa, renmen Bondye ale pi lwen pase gen yon senp santiman. An reyalite, byenke li esansyèl pou nou santi nou renmen Jewova, santiman sa a se senpleman kòmansman vrè lanmou nou dwe gen pou li. Yon ti grenn pòm esansyèl pou bay yon pye pòm k ap pwodui fwi. Sepandan, si nou ta vle yon pòm, èske nou t ap satisfè si yon moun ta annik lonje yon ti grenn pòm ban nou? Jamè! Menm jan an tou, santi nou santi nou renmen Jewova se sèlman yon kòmansman. Selon sa Labib anseye, “men sa lanmou pou Bondye vle di: se pou nou obsève kòmandman l yo. E poutan kòmandman l yo pa lou”. (1 Jan 5:3.) Yon vrè lanmou pou Bondye dwe pwodui bèl fwi. Se pou nou demontre lanmou sa a nan aksyon nou. — Matye 7:16-20.

8, 9. Ki jan nou ka demontre lanmou ak rekonesans pou Bondye?

8 Nou montre lanmou nou pou Bondye lè nou obsève kòmandman l yo e lè nou aplike prensip li yo. Sa pa twò difisil pou nou fè. Olye pou lwa Jewova yo ta lou, yo la pou ede nou gen yon lavi ki bèl, ki bay kè kontan ak satisfaksyon (Izayi 48:17, 18). Lè nou viv ann akò ak direksyon Jewova bay, nou montre Papa nou ki nan syèl la nou vrèman gen rekonesans pou tout sa li fè pou nou. Malerezman, nan monn n ap viv jodi a kantite moun ki montre yon rekonesans konsa twò piti. Nou pa vle montre nou engra tankou kèk moun ki t ap viv nan epòk Jezi te sou tè a. Jezi te geri dis moun ki te gen maladi lèp, men se yon sèl ki te tounen vin di l mèsi (Lik 17:12-17). Se sèten, nou ta renmen sanble ak moun ki te montre l gen rekonesans lan e nou pa ta renmen sanble ak nèf engra yo!

9 Si se konsa, ki kòmandman Jewova nou dwe obsève? Nou te pale de plizyè ladan yo nan liv sa a, men, ann repase kèk. Lè nou obsève kòmandman Bondye yo sa ap ede nou rete nan lanmou Bondye.

VIN PI PWÒCH JEWOVA TOUJOU

10. Esplike poukisa li enpòtan pou nou kontinye aprann konnen Jewova Dye.

10 Yon bagay ki esansyèl pou nou vin pi pwòch Jewova se aprann konnen l. Nou pa ta dwe janm sispann aprantisaj sa a. Ann sipoze li fè frèt anpil yon jou swa, ou deyò e w ap chofe dife. Èske w t ap kite flanm dife a diminye jiskaske l mouri? Nou pa kwè sa. Ou t ap alimante dife a pou l ka ret limen e pou l ka ret cho. Vi w ta gendwa menm an danje! Menm jan w alimante yon dife pou l ka ret limen, se konsa “konesans Bondye bay la” fòtifye lanmou nou pou Bondye. — Pwovèb 2:1-5.

Menm jan ak yon dife, lanmou w pou Jewova bezwen alimante pou l ka ret limen.

11. Ki efè esplikasyon Jezi te bay disip li yo te gen sou yo?

11 Jezi te vle pou disip li yo kenbe lanmou yo vivan pou Jewova e pou Pawòl verite Li yo ki gen anpil valè, e pou lanmou sa a kontinye chofe yo anpil. Apre Jezi te fin resisite, li te esplike de nan disip li yo kèk pwofesi nan Ekriti ebrayik yo ki te akonpli sou li. Ki efè sa te genyen? Pi devan, yo di: “Èske kè nou pa t chofe pandan li t ap pale avèk nou sou wout la, lè li t ap ouvri Ekriti yo ban nou nèt?” — Lik 24:32.

12, 13. a) Ki sa ki rive lanmou pou Bondye ak lanmou pou Labib nan mitan pifò moun k ap viv jodi a? b) Ki jan nou ka anpeche lanmou nou rafredi?

12 Premye fwa w te aprann ki sa Labib anseye toutbonvre, èske w pa t santi kè w t ap debòde ak lajwa, wi, kè w t ap chofe ak lajwa, ak zèl, e ak lanmou pou Bondye? Pa gen dout sou sa. Anpil moun te santi yo menm jan an. Defi a kounye a se fè lanmou pwofon sa a ret vivan epi ede l grandi. Nou pa dwe suiv tandans monn nan genyen jodi a. Men sa Jezi te predi: “Lanmou pi gwo kantite a ap vin rafredi.” ​(Matye 24:12). Ki sa nou ka fè pou nou pa kite lanmou nou pou Jewova ak pou verite ki nan Bib la rafredi?

13 Kontinye aprann konnen Jewova Dye ak Jezi Kris (Jan 17:3). Medite oswa reflechi an pwofondè sou sa w aprann nan Pawòl Bondye a, pandan w mande tèt ou: ‘Ki sa sa aprann mwen sou Jewova Dye? Ki lòt rezon li ban mwen pou m renmen l ak tout kè m, ak tout lespri m e ak tout nanm mwen?’ ​(1 Timote 4:15). Meditasyon sa yo ap pèmèt lanmou w pou Jewova briye tankou yon flanm.

14. Ki jan lapriyè ka ede nou kenbe lanmou nou gen pou Jewova a vivan?

14 Yon lòt mwayen pou lanmou nou pou Jewova kontinye briye tankou yon flanm se priye regilyèman (1 Tesalonisyen 5:17). Selon sa nou te aprann nan chapit 17 la, lapriyè se yon bèl kado Bondye fè nou. Menm jan lè moun kominike ansanm regilyèman, san restriksyon, sa favorize relasyon antre yo, se konsa tou relasyon nou avèk Jewova konsève tout chalè l e li rete vivan lè nou priye l regilyèman. Li enpòtan pou n pa janm kite priyè nou yo vin mekanik, pou se pa senpleman pawòl n ap repete nan bouch pa woutin san nou pa santi anyen toutbon oswa san yo pa gen okenn sans. Nou bezwen pale ak Jewova tankou yon timoun k ap pale ak papa l li renmen. Natirèlman, n ap pale non sèlman avèk respè, men tou avèk franchiz, avèk onètete, e ak tout kè nou (Sòm 62:8). Wi, etid biblik pèsonèl ansanm ak priyè nou fè ak tou kè nou se de aspè trèzenpòtan nan adorasyon nou, e y ap ede nou rete nan lanmou Bondye.

JWENN KÈ KONTAN NAN ADORASYON NOU

15, 16. Poukisa nou gen rezon konsidere travay predikasyon Wayòm nan kòm yon privilèj e kòm yon trezò?

15 Etid biblik pèsonèl ak lapriyè fè pati adorasyon nou ka fè an prive. Kounye a, ann konsidere yon aspè nan adorasyon nou fè an piblik: pale de kwayans nou ak lòt moun. Èske w deja pataje kèk verite ou jwenn nan Bib la ak lòt moun? Si w deja fè sa, ou jwi yon privilèj estrawòdinè (Lik 1:74). Lè nou pataje laverite nou aprann sou Jewova Dye ak lòt moun, nou akonpli yon misyon trèzenpòtan yo konfye tout vrè kretyen. Misyon sa a se preche bon nouvèl Wayòm Bondye a. — Matye 24:14; 28:19, 20.

16 Apot Pòl te konsidere ministè l kòm yon bagay ki gen anpil valè, li te rele l yon trezò (2 Korentyen 4:7). Pale ak lòt moun konsènan Jewova Dye ak objektif li se pi bon travay ou te ka fè. Se yon sèvis n ap rann pi bon Mèt la, e sa bay pi gwo byenfè yon moun ta ka imagine. Lè nou angaje nou nan travay sa a, se ede n ap ede moun ki gen bon kè yo pou yo pwoche bò kote Papa nou ki nan syèl la e pou yo kòmanse mache sou wout k ap mennen nan lavi etènèl la! Ki travay ki ta ka bay plis satisfaksyon pase sa? Anplis de sa, bay temwayaj konsènan Jewova e konsènan Pawòl li ogmante pwòp lafwa nou nan li, e sa ranfòse lanmou nou pou li. E Jewova bay efò nou fè yo anpil enpòtans (Ebre 6:10). Lè nou rete okipe nan travay sa a, sa ede nou rete nan lanmou Bondye. — 1 Korentyen 15:58.

17. Poukisa li ijan pou kretyen yo preche jodi a?

17 Li enpòtan pou nou sonje travay predikasyon Wayòm nan se yon travay ijan. Men sa Bib la di: “Preche pawòl la, okipe w de sa ann ijans.” ​(2 Timote 4:2). Poukisa li tèlman ijan pou nou fè sa jodi a? Pawòl Bondye a di nou: “Gran jou Jewova a pre. Li pre, e l ap prese anpil.” ​(Sefànya 1:14). Wi, moman kote Jewova pral mete yon fen nan tout sistèm de choz la ap vini byen vit. Moun yo bezwen jwenn avètisman! Yo bezwen konnen se depi kounye a pou yo chwazi Jewova kòm Souvren yo. Lafen an “pap anreta”. — Abakouk 2:3.

18. Poukisa nou dwe adore Jewova an piblik ansanm ak vrè kretyen yo?

18 Jewova vle nou adore l an piblik ansanm ak vrè kretyen yo. Se poutèt sa Pawòl li di: “Annou voye je youn sou lòt, pou youn pouse lòt gen lanmou, pou youn pouse lòt fè bèl aksyon, pandan nou pap abandone reyinyon nou, jan se abitid kèk moun, men pandan n ap ankouraje nou youn lòt, e n ap fè sa plis toujou vin jwenn nou wè se pwoche jou a ap pwoche.” ​(Ebre 10:24, 25). Lè nou rasanble ansanm ak kwayan parèy nou yo nan reyinyon kretyen yo, nou gen yon okazyon estrawòdinè pou nou louwe Bondye nou renmen an, e pou nou adore l. Epitou, youn bati lòt e youn ankouraje lòt.

19. Ki jan nou ka travay pou nou fòtifye lyen lanmou an anndan kongregasyon an?

19 Lè nou an konpayi lòt adoratè Jewova yo, nou fòtifye lyen lanmou ak lyen zanmitay anndan kongregasyon an. Li enpòtan pou youn chèche sa ki bon lakay lòt menm jan Jewova ap chèche sa ki bon nan nou. Pa atann pèfeksyon lakay kwayan parèy nou yo. Sonje nou chak nan yon etap ki diferan nan kwasans espirityèl nou, e nou chak konn fè fot (Kolosyen 3:13). Chèche fè bon zanmi pami moun ki renmen Jewova anpil e w ap wè w ap grandi espirityèlman. Wi, lefètke w ap adore Jewova ansanm ak frè ak sè espirityèl ou yo sa ap ede w rete nan lanmou Bondye. Ki jan Jewova rekonpanse moun ki adore l avèk fidelite yo, e donk ki rete nan lanmou li?

CHÈCHE JWENN “LAVI TOUTBON AN”

20, 21. Ki sa “lavi toutbon an” ye, e poukisa se yon esperans estrawòdinè?

20 Pou Jewova rekonpanse sèvitè fidèl li yo, li ba yo lavi. Men, ki kalite lavi? Bon, èske w ap viv toutbonvre kounye a? Pifò nan nou t ap di repons lan klè. Dayè, nou respire, nou manje e nou bwè. Se sèten n ap viv. E nan moman kote nou gen plis kè kontan, nou ka menm di: “Se kounye a n ap viv toutbonvre!” Sepandan, Bib la montre nan yon sans ki laj, pa gen pèsonn k ap viv toutbonvre jodi a.

Jewova vle w jwenn “lavi toutbon an”. Èske w ap jwenn li?

21 Pawòl Bondye a ankouraje nou “kenbe lavi toutbon an fèm”. (1 Timote 6:19.) Pawòl sa yo montre “lavi toutbon an” se yon bagay nou espere jwenn alavni. Wi, lè n ap vin pafè nou pral vivan nan vrè sans mo a, paske nou pral viv jan Bondye te vle pou nou viv okòmansman an. Lè n ap viv nan paradi sou tè a, ak yon sante pafè, nan lapè ak nan kè kontan, nou pral resi viv “lavi toutbon an”, lavi etènèl la (1 Timote 6:12). Èske se pa yon esperans estrawòdinè?

22. Ki jan w ka “kenbe lavi toutbon an fèm”?

22 Ki jan nou ka “kenbe lavi toutbon an fèm”? Nan menm kontèks la, Pòl te ankouraje kretyen yo “pou yo travay an favè sa ki byen” e “pou yo rich nan bèl aksyon”. (1 Timote 6:18.) Konsa, li enpòtan anpil pou nou aplike sa nou aprann nan Bib la. Men, èske Pòl te vle di nou rive merite “lavi toutbon an” paske nou fè bèl aksyon? Non, paske, an reyalite, posiblite estrawòdinè sa a depann de “bonte Bondye moun pa merite a”. (Women 5:15.) Sepandan, Jewova pran plezi pou l rekonpanse moun k ap sèvi l fidèlman. Li ta renmen wè w k ap viv “lavi toutbon an”. Yon lavi konsa, pou toutan, nan kè kontan e nan lapè ap tann moun ki rete nan lanmou Bondye.

23. Poukisa li trèzenpòtan pou nou rete nan lanmou Bondye?

23 Nou chak ta dwe mande tèt nou: ‘Èske m ap adore Bondye jan l mande nan Bib la?’ Si nou asire nou chak jou nou adore l jan l mande a, ebyen, nou nan bon wout la. Nou mèt gen konfyans Jewova se refij nou. L ap kenbe sèvitè fidèl li yo an sekirite nan dènye jou latwoublay ki gen nan sistèm de choz sa a. Epitou, Jewova ap mennen nou an tout sekirite nan nouvo sistèm de choz glorye ki toupre kounye a. Ala kontan n ap kontan viv epòk sa a! E se pa ti rejwi n ap rejwi dèske nou te fè bon chwa nan dènye jou sa yo! Si se chwa sa yo nou fè depi kounye a, n ap jwenn “lavi toutbon an”, lavi jan Jewova Dye te vle l la, pandan tout letènite!