Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

APENDIS

Annou idantifye “Gran Babilòn nan”

Annou idantifye “Gran Babilòn nan”

LIV Revelasyon an gen ladan l kèk ekspresyon nou pa ta dwe pran nan sans literal (Revelasyon 1:1). Pa egzanp, li pale de yon fi ki gen non “Gran Babilòn nan” ekri sou fwon l. Yo fè konnen fi sa a chita sou ‘foul ak sou nasyon’. (Revelasyon 17:1, 5, 15.) Piske pa gen okenn fi literal ki ta ka fè sa, Gran Babilòn nan dwe senbolik. Donk, ki sa pwostitye senbolik sa a reprezante?

Nan Revelasyon 17:18, yo dekri fi senbolik sa a kòm “gwo vil ki gen yon wayòm sou wa latè yo”. Mo “vil” la endike yon gwoup moun ki òganize. Piske “gwo vil” sa a gen kontwòl sou “wa latè yo”, fi yo rele Gran Babilòn nan dwe yon òganizasyon ki etann li nan nivo entènasyonal, e ki gen anpil enfliyans. Yo gen rezon rele l yon anpi mondyal. Ki kalite anpi li ye? Se yon anpi relijye. Ann gade ki jan kèk vèsè ki gen rapò avèk li nan liv Revelasyon an mennen nou nan konklizyon sa a.

Yon anpi ka politik, komèsyal oswa relijye. Fi yo rele Gran Babilòn nan pa yon anpi politik, paske Pawòl Bondye a di “wa latè yo”, sa vle di eleman politik nan monn nan, “fè fònikasyon” avèk li. Fònikasyon l lan gen rapò ak alyans li fè ak dirijan ki sou tè a e sa esplike rezon ki fè yo rele l “gwo pwostitye” a. — Revelasyon 17:1, 2; Jak 4:4.

Gran Babilòn nan pa ka yon anpi komèsyal paske “komèsan sou tè a” ki reprezante eleman komèsyal yo ap an dèy pou li nan moman destriksyon l lan. Anfèt, yo dekri ni wa yo ni komèsan yo kòm moun k ap gade Gran Babilòn nan “a distans”. (Revelasyon 18:3, 9, 10, 15-17.) Donk, li rezonab pou nou rive nan konklizyon sa a: Gran Babilòn nan pa ni yon anpi politik ni yon anpi komèsyal, men li se yon anpi relijye.

Yo konfime idantite relijye Gran Babilòn nan pi lwen nan fraz ki di li twonpe tout nasyon yo pa mwayen “pratik espiritis” li yo (Revelasyon 18:23). Piske tout fòm espiritis soti nan relijyon ak nan demon, se pa etonan pou Bib la rele Gran Babilòn nan “yon zòn kote demon abite”. (Revelasyon 18:2; Detewonòm 18:10-12.) Yo dekri anpi sa a tou kòm yon anpi ki opoze avèk fòs ak vrè relijyon an, k ap pèsekite “pwofèt yo” ak “moun ki sen yo”. (Revelasyon 18:24.) Anfèt, Gran Babilòn nan gen yon lahèn ki tèlman pwofon pou vrè relijyon an, li pèsekite l avèk raj, e li menm touye “temwen Jezi yo”. (Revelasyon 17:6.) Donk, fi sa a yo rele Gran Babilòn nan reprezante aklè anpi fo relijyon an, ki gen ladan l tout relijyon ki kanpe ann opozisyon ak Jewova Dye.